Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi antre Jeriko, li t ap travèse ale.

[2] Men, twouve, te genyen yon nonm la a yo rele Zache. Li te yon chèf pèseptè e li te rich.

[3] Li t ap chèche wè kilès Jezi ye, men, foul la te lakòz li pa t kapab, paske li te yon nonm ti tay.

[4] Konsa, li kouri al devan, li monte yon pye sikomò pou li te ka wè Jezi, paske Jezi t apral pase la.

[5] Lè Jezi rive bò la, li leve je l, li wè Zache, epi li di li: Zache, prese desann, paske jodi a, fòk se lakay ou mwen fè ladesant.

[6] Zache prese desann, epi li resevwa Jezi ak lajwa.

[7] Lè moun yo wè sa, yo tout pran plenyen, yo di: Apa se kay yon pechè li antre fè ladesant!

[8] Zache, li menm, kanpe, li di Senyè a: Senyè, gade! M ap bay pòv mwatye byen m yo. E, si mwen te fè magouy sou tèt yon moun, m ap remèt li kat fwa lavalè.

[9] Jezi di li: Jodi a, delivrans antre nan kay sa a. Paske, misye se pitit Abraam li ye tou.

[10] Vrèmanvre, Pitit Lòm nan vini pou chèche epi pou sove sa ki te pèdi.

[11] Pandan moun yo t ap koute bagay sa yo, Jezi kontinye, li di yon parabòl poutèt moun yo te panse paske Jezi te tou pre Jerizalèm nan, wayòm Bondye a t apral parèt tousuit.

[12] Donk, li di: Vwala se te yon nonm gran fanmi ki te ale nan yon peyi byen lwen. Li t al resevwa pouvwa pou li wa, epi pou li retounen.

[13] Li rele dis nan sèvitè li yo, li ba yo dis min, epi li di yo: «Fè komès avèk lajan sa a pou jis mwen retounen.»

[14] Men, sitwayen peyi l yo te rayi li. Yo voye yon delegasyon dèyè l al di: «Nou pa vle misye kòm wa sou nou!»

[15] Sa ki vin rive, lè misye fin resevwa pouvwa pou li wa a, li retounen. Li di pou yo rele tout sèvitè li te bay lajan yo ba li, dekwa pou li ka konnen kijan yo te fè komès avèk li.

[16] Premye a parèt, li di: «Monwa, min ou an rapòte dis min.»

[17] Li di li: «Trè byen! Ou se yon bon sèvitè. Kòm ou te fidèl nan yon ti bagay, m ap ba ou pouvwa sou dis vil.»

[18] Dezyèm nan vini, li di: «Monwa, min ou an fè senk min.»

[19] Li di misye tou: «Ou menm tou, tabli pouvwa w sou senk vil.»

[20] Yon lòt vini, li di: «Monwa, gade! Men min ou an. Mwen te sere l nan yon mouchwa.

[21] Paske ou se yon nonm ki sevè, mwen te pè w. Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa plante.»

[22] Li di li: «Sèvitè mechan! Se ak pwòp bouch ou m ap jije w. Ou konnen mwen se yon nonm sevè k ap pran sa li pa mete epi k ap rekòlte sa li pa plante.

[23] E poukisa ou pa t bay lajan m nan labank? Epi, mwen menm, mwen ta retire l ak enterè, lè mwen tounen.»

[24] Li di moun ki te avèk li yo: «Pran min nan nan men l, bay moun ki gen dis min nan li.»

[25] Yo di li: «Monwa, li gen dis min deja!»

[26] «Vrèmanvre, m ap di nou sa: Chak moun ki genyen, yo va ba li. Men, moun ki pa genyen an, menm sa li genyen an, yo va pran l nan men l.

[27] Epitou, lènmi mwen yo ki pa t vle mwen vin wa sou yo a, mennen yo isit la, epi tiye yo devan m nan.»

[28] Lè Jezi fin di bagay sa yo, li pran devan, li monte Jerizalèm.

[29] Vin rive kote li t ap pwoche bò Betfaje ak Betani nan direksyon mòn, yo rele Mòn Oliv la. Jezi voye de nan disip li yo.

[30] Li di yo: Ale nan bouk ki anfas la. Lè nou antre ladan l, n ap jwenn yon jèn bourik mare. Pèsonn pa janm monte l. Demare l mennen vini.

[31] Si yon moun ta di nou: «Poukisa n ap demare l?» men kisa nou va di l: «Senyè a bezwen l.»

[32] Lè moun Jezi te voye yo ale, yo jwenn bagay yo jan l te di yo a.

[33] Lè y ap demare jèn bourik la, mèt li yo di yo: Poukisa n ap demare bourik la?

[34] Yo menm, yo di: Senyè a bezwen l.

[35] Epi, yo mennen l bay Jezi. Yo voye rad yo sou jèn bourik la, yo fè Jezi monte l.

[36] E tout pandan Jezi t aprale, moun yo t ap blayi rad yo sou wout la.

[37] Li te deja ap pwoche bò pant Mòn Oliv la lè tout foul disip li yo kòmanse rejwi; yo t ap fè lwanj Bondye byen fò, pou tout mirak yo te wè yo.

[38] Yo t ap di: Benediksyon pou wa k ap vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la! Epi, glwa byen wo nan syèl la!

[39] Kèk nan Farizyen yo te nan foul la, yo di Jezi: Mèt, fè disip ou yo obsèvasyon!

[40] Li reponn yo, li di: M ap di nou sa: Si yo menm, yo pe, se wòch yo k ap rele!

[41] Kòm Jezi t ap pwoche, lè li wè vil la, li kriye pou li.

[42] Li di: Si jodi a omwen, ou menm tou, ou te konnen bagay ki la pou lapè ou ...! Twouve, kounye a, se kache yo kache devan je w.

[43] Poutèt sa, gen jou k ap vini sou ou, kote lènmi w yo ap mete barikad toutotou w, y ap ansèkle w, y ap kwense w toupatou,

[44] epi y ap kraze w nèt ansanm ak pitit ou yo ki nan ou. Yo p ap kite yon wòch sou yon lòt nan mitan w. Tou sa, paske ou pa t rekonèt lè ou te resevwa vizit la.

[45] Jezi vin antre nan lakou tanp lan, li chase ni moun ki t ap vann nan lakou a ni moun ki t ap achte yo.

[46] Li di yo: Men sa ki ekri: «Kay mwen se yon kay pou lapriyè.» Men, nou menm, nou fè l tounen yon gwòt malfektè.

[47] Li t ap anseye nan lakou tanp lan chak jou. Sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo ansanm ak lidè pèp yo t ap chèche detui li.

[48] Men, yo pa t jwenn fason pou yo te fè sa, paske tout pèp la te pann nan bouch li, ap koute l.

Levanjil Lik la — Chapters