Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè Jezi fin di pèp ki t ap tande l la tout pawòl sa yo, l ale Kapènawòm.

[2] Te genyen yon santenye ki te gen yon sèvitè l ki te enpòtan anpil pou li. Sèvitè a te malad, li te prèt pou l mouri.

[3] Lè santenye a tande pale de Jezi, li voye kèk ansyen pami Juif yo kote li pou yo mande l vin geri sèvitè l la.

[4] Lè yo rive kote Jezi, yo sipliye l san rete. Yo di: Li merite yo fè sa pou li.

[5] Paske, li renmen nasyon nou an. E, se li ki bati sinagòg la pou nou.

[6] Jezi ale avèk yo vre. Men, li pa t twò lwen kay la, lè santenye a voye kèk zanmi kote li pou di li: «Senyè, pa deranje w. Paske, mwen pa merite pou w rantre anba fetay kay mwen.»

[7] Se poutèt sa tou, mwen pa t kwè mwen merite pou m ale kote w mwen menm. Men, di yon pawòl, epi sèvitè m nan va geri.

[8] Paske, mwen menm ki se yon nonm yo mete anba otorite yon chèf, mwen gen sòlda anba otorite pa m tou. E, si m di youn: «Ale!» l ale. Si m di yon lòt: «Vini!» li vini. E, si m di sèvitè m nan: «Fè sa a!» li fè l.

[9] Lè Jezi tande sa, li montre admirasyon pou santenye a. Li vire anfas foul ki t ap suiv li a, li di: M ap di nou sa: Menm ann Izrayèl mwen pa jwenn yon gwo lafwa konsa.

[10] Lè moun, yo te voye yo retounen nan kay la, yo jwenn sèvitè ki te malad la an sante.

[11] Vin rive yon lè apre sa, Jezi t aprale nan yon vil yo rele Nayin. Anpil nan disip li yo ak yon gwo foul moun t aprale avèk li tou.

[12] Men, lè li prèske rive bò pòtay vil la, twouve, yo t ap pote yon mò soti al antere. Li te sèl pitit manman l, e manman an te vèv. Yon gwo foul moun nan vil la te la avèk manman an tou.

[13] Lè Senyè a wè vèv la, kè l fè l mal pou li. Li di li: Pa kriye!

[14] Epi, li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t ap pote l yo kanpe. Epi, Senyè a di: Jennonm, m ap di ou sa: Leve!

[15] Mò a leve vre, li kòmanse pale. Epi, Senyè a remèt li bay manman li.

[16] Laperèz pran tout moun. Yo t ap bay Bondye glwa, yo t ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Epi ankò: Bondye vizite pèp li a.

[17] Epi, nan tout zòn Jide ak nan tout zòn alantou yo, yo t ap pale de li.

[18] Disip Jan yo rapòte tout bagay sa yo bay Jan.

[19] Epi, Jan fè rele de nan disip li yo, li voye yo kote Jezi pou yo di l: Èske ou se sila k ap vini an, oubyen, èske nou dwe tann yon lòt?

[20] Lè mesye yo rive kote Jezi, yo di: Jan Batis voye nou kote w pou nou di w: «Èske ou se sila k ap vini an, oubyen, èske nou dwe tann yon lòt?»

[21] Nan menm lè sa a, Jezi geri anpil moun anba maladi, anba touman ak anba move lespri. Li pèmèt anpil moun avèg wè.

[22] Epi, li reponn mesye yo, li di yo: Al rapòte sa nou wè ak sa nou tande, bay Jan: Moun avèg ap wè. Moun bwate ap mache. Moun ki gen lèp yo ap vin pwòp. Moun soud ap tande. Moun mouri ap resisite. Moun pòv ap tande bon nouvèl la.

[23] Benediksyon pou moun ki pa chite akòz mwen!

[24] Lè mesaje Jan yo pati, Jezi kòmanse pale ak foul la de Jan. Li di yo: Kisa nou t al admire nan dezè a? Èske se yon pye wozo van ap souke?

[25] Si se pa sa, kisa nou t al wè? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad? Gade! Moun ki gen bèl rad yo epi k ap viv alèz yo, se kay wa yo ye.

[26] Donk, kisa nou t al wè? Èske se yon pwofèt? Mwen di nou: wi! E, li menm plis pase yon pwofèt.

[27] Se de li menm yo te ekri: Gade! M ap voye mesaje m nan devan ou. Li va pare chemen ou devan ou.

[28] Vrèmanvre, m ap di nou sa: Pami moun ki soti nan vant fi, pa gen youn ki pi gran pwofèt pase Jan Batis. Alòske, sa ki pi piti nan wayòm Bondye a, li pi gran pase Jan.

[29] Tout pèp ki te tande l la, yo menm ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, nan batize yo te fè Jan batize yo a, yo deklare Bondye jis.

[30] Men, Farizyen yo ak avoka yo, nan batize yo pa t fè Jan batize yo a, yo refize plan Bondye a pou yo menm.

[31] Donk, ak kisa mwen ta konpare moun jenerasyon sa a? Tankou kisa yo ye?

[32] Yo tankou timoun ki chita sou plas piblik, epi youn ap rele lòt, epi y ap di: Nou jwe flit pou ou, men, ou pa danse. Nou chante chante tris pou ou, men, ou pa kriye.

[33] Vrèmanvre, Jan Batis vini, li pa ni manje pen, ni bwè diven. Epi, nou di: «Li gen demon sou li!»

[34] Pitit Lòm nan vini, li manje, li bwè. Epi, nou di: «Gade! Se yon nonm saf, yon tafyatè, yon zanmi pèseptè ak pechè li ye!»

[35] Men, tout pitit sajès deklare sajès jis!

[36] Youn nan Farizyen yo mande Jezi manje avèk li. Jezi antre kay Farizyen an, l al sou tab.

[37] Epi, twouve, yon fi nan vil la, ki t ap viv nan peche, aprann Jezi te sou tab lakay Farizyen an. Li pote yon krich ann albat plen ak pafen.

[38] Epi, li kanpe pa dèyè, bò pye Jezi, l ap kriye. Li pran mouye pye Jezi ak dlo nan je l, epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li t ap bo pye Jezi, epi li t ap vide pafen an sou yo.

[39] Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè li: Si se pwofèt misye te ye, li ta konnen kilès k ap manyen l lan epi ki kalite fi li ye. Li ta konnen fi a se yon moun ki nan peche.

[40] Jezi reponn, li di li: Simon, mwen gen yon bagay pou m di w. Simon di: Pale non, Mèt!

[41] Li di: Te genyen de moun ki te dwe yon nonm ki konn prete moun kòb. Youn te dwe senksan denye, lòt la te dwe senkant.

[42] Men, yo pa t genyen dekwa pou yo remèt dèt yo. Alò, nonm nan anile dèt la pou yo tou de. Donk, di m kilès nan yo k ap renmen l plis.

[43] Simon reponn, li di: Mwen ta sipoze se sa li anile plis dèt pou li a. Jezi di li: Rezònman w lan kòrèk!

[44] Epi, li vire kote fi a, li di Simon: Ou wè fi sa a? Mwen rantre lakay ou, ou pa ban mwen dlo pou m lave pye m, alòske, li menm, se ak dlo nan je l li mouye yo, epi se ak cheve nan tèt li, li siye yo.

[45] Pa menm yon bo ou pa ban mwen, alòske, li menm, depi mwen antre a, li pa janm sispann bo pye m.

[46] Ou pa vide luil sou tèt mwen, alòske, li menm, se pafen li vide sou pye m.

[47] M ap di ou sa: Se poutèt sa, anpil peche l yo padone, paske li renmen anpil. Men, yon moun yo padone yon ti kras, li renmen yon ti kras tou.

[48] Epi, Jezi di fi a: Peche w yo padone!

[49] Moun ki te sou tab avèk li yo kòmanse di nan kè yo: Kilès misye ye, pou menm peche, l ap padone a!

[50] Men, Jezi di fi a: Lafwa w sove w. Ale nan lapè!

Levanjil Lik la — Chapters