[1] Fèt Pen san ledven, fèt Pak la, t ap pwoche.
[2] Sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo t ap chèche kòman pou yo ta tiye Jezi. Paske, yo te pè pèp la.
[3] Twouve, Satan antre nan Jida yo rele Iskaryòt la, youn nan gwoup douz la.
[4] L al diskite ansanm ak sakrifikatè prensipal yo avèk lapolis tanp lan sou fason li ta livre Jezi ba yo.
[5] Yo te kontan. Yo dakò pou yo ba li lajan.
[6] Li aksepte, epi li pran chèche yon okazyon pou li livre Jezi ba yo dèyè do foul la.
[7] Jou Pen San Ledven an, menm jou yo dwe sakrifye mouton pou fèt Pak la, rive.
[8] Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: Ale pare manje Pak la pou nou ka manje.
[9] Yo di li: Kibò ou ta vle nou pare l?
[10] Li di yo: Gade! Lè nou antre nan vil la, yon nonm k ap pote yon krich dlo ap rankontre nou. Suiv li jis nan kay kote li va antre a.
[11] Epi, nou va di mèt kay la: Mèt la voye di ou: «Kote chanm pou mwen ak disip mwen yo manje Pak la?»
[12] Epi, misye ap montre nou yon gwo chanmòt tou meble. Se la nou va pare l.
[13] Yo pati, yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Epi, yo pare manje Pak la.
[14] Lè lè a rive, Jezi ale sou tab. Douz apot yo te avèk li.
[15] Epi, li di yo: Ala anvi mwen te anvi manje Pak sa a avèk nou anvan mwen soufri!
[16] Paske, m ap di nou sa: Mwen p ap manje ladan l ditou ankò, pou jis lè li akonpli nan wayòm Bondye a.
[17] Epi, li pran yon gode, li rann gras, li di: Pran sa a, separe l ant nou menm.
[18] Paske, m ap di nou sa: Mwen p ap bwè rezen ditou pou jis lè wayòm Bondye a vini.
[19] Epi, li pran yon pen, li rann gras, epi li kase l ba yo. Li di: Sa a se kò mwen, kò mwen bay pou nou an. Toujou fè sa pou nou sonje mwen.
[20] Lè yo fin manje, li fè menm jan an tou avèk gode a. Li di: Gode sa a se nouvèl alyans lan nan san mwen, san ki koule pou nou an.
[21] Men, gade! Moun k ap trayi m nan, li gen men l sou tab la ansanm avèk mwen.
[22] Pitit Lòm nan prale jan Bondye te deside l la. Men, malè pou nonm sa a ki trayi Pitit Lòm nan!
[23] Epi, youn kòmanse ap mande lòt kilès nan yo ki pral fè bagay sa a.
[24] Vin rive yon lè yon diskisyon leve pami disip yo sou kilès nan yo, yo panse ki pi enpòtan.
[25] Men, Jezi di yo: Wa nasyon yo fè diktatè sou yo. E, moun ki gen otorite sou nasyon yo rele tèt yo byenfetè.
[26] Men, pou nou menm, se pa konsa. Okontrè, moun ki enpòtan vre pami nou an, se pou l tankou moun ki pi piti a. E, moun k ap dirije a, se pou li tankou moun k ap sèvi a.
[27] Paske, kilès ki pi enpòtan vre? Moun ki sou tab la oubyen moun k ap sèvi a? Se moun ki sou tab la, pa vre? Alòske, mwen menm, mwen la pami nou, tankou moun k ap sèvi a.
[28] Nou menm, nou se moun ki pèsevere avèk mwen nan eprèv mwen yo.
[29] E, mwen menm, menm jan Papa mwen te remèt mwen wayòm nan, m ap remèt nou li tou.
[30] Konsa, nou va manje, nou va bwè sou tab avèk mwen, nan wayòm mwen an. Epi, nou va chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.
[31] Epi, Senyè a di: Simon, Simon, gade! Satan mande pèmisyon pou li vannen nou tout tankou ble.
[32] Men, mwen priye pou ou, dekwa pou lafwa w pa fayi. E, ou menm, lè ou repanti, fòtifye frè w yo.
[33] Pyè di li: Senyè, mwen pare pou mwen ale avèk ou, jis nan prizon, jis nan lanmò menm.
[34] Jezi di: Pyè, m ap di w sa: Kòk p ap gentan chante jodi a pou w pa nye ou konnen mwen, pandan twa fwa.
[35] Li di yo ankò: Lè mwen te voye nou san bous, ni valiz, ni sandal la, èske nou te janm manke anyen? Yo di: Non!
[36] Donk, li di yo: Okontrè, kounye a, moun ki gen bous, se pou l pran l. Se pou l pran valiz tou! E, moun ki pa gen epe, li mèt vann rad li pou l achte yon epe.
[37] Paske, m ap di nou sa: Sa ki te ekri a, fòk li akonpli nan mwen. Men sa ki te ekri: Yo te konsidere li se youn pami moun rebèl yo. Vrèmanvre, bagay ki konsène m yo, yo prèske bout.
[38] Yo di: Senyè, gade! Men de epe! Li di yo: Ase!
[39] Epi, li pati, l ale sou Mòn Oliv, jan l te abitye fè a. Disip li yo suiv li.
[40] Lè yo rive kote a, li di yo: Priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.
[41] Epi, l ale lwen yo, sou distans yon kout wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.
[42] Li di: Papa, si ou vle fè gode sa a pase lwen mwen. Men, se pa volonte m, se volonte w, ki pou fèt!
[43] Epi, yon zanj parèt sot nan syèl vin fòtifye li.
[44] Malgre li te nan lagoni, li t ap pèsiste priye. Syè li vin tankou gout san k ap tonbe atè.
[45] Lè li leve sot lapriyè, l ale kote disip yo, li jwenn y ap dòmi tank yo tris.
[46] Li di yo: Apa n ap dòmi? Leve priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.
[47] Pandan li t ap pale a, yon foul parèt. Epi, nonm yo rele Jida a, youn nan Douz yo, t ap mache devan yo. Li pwoche sou Jezi pou li bo l.
[48] Men, Jezi di li: Jida, apa se ak yon bo, w ap trayi Pitit Lòm nan?
[49] Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa ki t apral rive, yo di li: Senyè, èske nou dwe frape yo ak kout epe?
[50] Epi, youn nan yo frape sèvitè sakrifikatè an chèf la, li koupe zòrèy dwat li.
[51] Alò, Jezi pran lapawòl, li di: Kite sa la! Epi, li pran zòrèy la, li geri l.
[52] Jezi di sakrifikatè prensipal yo, kòmandan gad tanp yo ak ansyen yo ki te vini dèyè l yo: Nou vini avèk epe epi avèk baton tankou se dèyè yon malfektè nou ye!
[53] Mwen te avèk nou chak jou nan lakou tanp lan, e nou pa t janm mete men sou mwen. Men, se lè pa nou an sa, kote fènwa sou pouvwa!
[54] Men, yo arete li mennen ale. Yo kondi li lakay sakrifikatè an chèf la. Pyè, li menm, t ap suiv de lwen.
[55] Yo limen yon dife nan mitan lakou a, epi yo chita ansanm. Pyè chita nan mitan yo.
[56] Yon sèvant ki wè Pyè chita bò dife a, fikse je l sou li, li di: Misye te avèk yo tou!
[57] Men, Pyè nye Jezi, li di: Madanm, mwen pa konnen mesye a!
[58] Tousuit apre, yon lòt moun ki wè li, di: Ou se youn nan yo tou! Men, Pyè di: Mesye, se pa mwen menm!
[59] Apre inè d tan konsa te pase, yon lòt moun ankò pèsiste, li di: Se vre! Misye te avèk yo vre, paske se moun Galile li ye tou.
[60] Men, Pyè di: Mesye, mwen pa konnen sa w ap di a! Menm lè a tou, pandan li t ap pale, kòk chante.
[61] Epi, Senyè a vire, li gade Pyè. Alò, Pyè sonje pawòl Senyè a, kòman li te di li: «Anvan kòk chante, w ap nye mwen twa fwa.»
[62] Lè sa a, Pyè soti deyò a, li kriye ak anpil lapenn.
[63] Mesye ki t ap veye Jezi yo pran pase Jezi nan betiz. Yo bat li.
[64] Yo kouvri figi l, yo frape l nan figi, epi yo poze l kesyon. Yo di: Pwofetize! Kilès ki frape w?
[65] Epi, yo t ap di l anpil lòt bagay pou yo denigre l.
[66] Lè li jou, ansyen pami pèp la, sakrifikatè prensipal yo ak pwofesè lalwa yo reyini. Epi, yo fè mennen Jezi devan Konsèy yo a.
[67] Yo di li: Si se ou ki Kris la, di nou non! Jezi di yo: Si mwen di nou, nou p ap vle kwè.
[68] E, si mwen poze nou kesyon, nou p ap ni reponn mwen, ni lage mwen.
[69] Depi kounye a, Pitit Lòm nan ap chita adwat pisans Bondye.
[70] Yo tout di li: Donk, se ou ki Pitit Bondye a? Li di yo: Nou menm, nou di se sa mwen ye!
[71] Lè sa a, yo di: Poukisa nou bezwen temwayaj ankò. Paske, nou menm, nou tande l nan pwòp bouch li.