Skip to content
Opens in a new window

[1] Lè saba a fini, Mari ki moun Magdala a, Mari ki manman Jak la ak Salome achte pafen pou yo vin benyen kò a.

[2] Byen bonè, nan premye jou semèn nan, apre solèy leve, y ale nan tonm nan.

[3] Youn t ap di lòt: Kilès ki va woule wòch la soti devan pòt tonm nan pou nou?

[4] Vrèmanvre, wòch la te gwo anpil. Men, lè yo leve je yo, yo wè yo te deja woule l.

[5] Yo antre nan tonm nan. Yo wè yon jèn gason chita sou bò dwat. Li te abiye ak yon wòb blanch. Kè yo sote anpil.

[6] Men, li di yo: Nou pa bezwen gen kè sote. N ap chèche Jezi, moun Nazarèt, yo te krisifye a? Li resisite. Li pa isit la. Gade! Men kote yo te mete l la.

[7] Ale. Di disip li yo ak Pyè, l ap monte Galile anvan yo. Se la yo va wè li jan l te di yo a.

[8] Medam yo sove soti nan tonm nan. Yo t ap tranble. Yo te anba sezisman. Yo te tèlman pè, yo pa di pèsonn anyen.

[9] Apre Jezi te resisite granmaten nan premye jou semèn nan, li parèt devan Mari, moun Magdala. Se sou li, Jezi te chase sèt demon an.

[10] Mari al bay moun ki te konn ak Jezi yo nouvèl la. Yo t ap rele. Yo t ap kriye.

[11] Lè yo tande Jezi te vivan epi Mari te wè li, yo pa t kwè.

[12] Apre sa, te gen de nan yo ki t ap mache pou y ale andeyò. Jezi parèt devan yo, sou yon lòt fòm.

[13] Y al bay lòt yo nouvèl la. Men, yo pa t kwè yo nonplis.

[14] Pi ta, pandan Onz yo te sou tab, li parèt sou yo. Li repwoche yo dèske yo pa gen lafwa epi dèske yo t ap fè rèd nan kè yo. Vrèmanvre, yo pa t kwè moun ki te wè li apre li te resisite a.

[15] Li di yo: Ale nan lemonn antye. Preche tout moun bon nouvèl la.

[16] Moun ki kwè epi ki batize, yo va sove. Men, moun ki pa kwè, yo va kondane.

[17] Men mirak siy ki va akonpànye moun ki kwè yo: yo va chase demon nan non mwen. Yo va pale nouvo lang.

[18] Yo va kenbe sèpan. E, si yo ta bwè kèk pwazon, li p ap fè yo anyen ditou. Yo va poze men sou moun malad, epi moun yo va geri.

[19] Donk, apre Senyè a te fin pale ak yo, li monte nan syèl la. Li chita adwat Bondye.

[20] Men, yo menm, y al preche toupatou. Senyè a travay avèk yo. Li sètifye pawòl la grasa mirak siy ki te akonpànye pawòl la. Amèn!

Levanjil Mak la — Chapters