Skip to content
Opens in a new window

[1] Revelasyon Jezi Kris, revelasyon Bondye ba li pou li montre sèvitè l yo bagay ki dwe rive talè konsa. E li devwale l nan voye li voye zanj li kote sèvitè l Jan.

[2] Jan, li menm, temwaye tout sa li wè, sa vle di pawòl Bondye a ak temwayaj Jezi Kris la.

[3] Benediksyon pou moun k ap li a ak moun yo k ap koute pawòl pwofesi a epi k ap obsève bagay ki ekri ladan l yo! Paske, tan an pre rive!

[4] Se mwen, Jan. Nou menm sèt legliz ki ann Azi yo, se pou gras ak lapè avèk nou, gras ak lapè ki soti nan men sila ki la, ki te la, epi k ap vini an; epi nan men sèt Lespri ki devan twòn li an;

[5] epi nan men Jezi Kris ki se temwen fidèl la, ki se Premye Pitit pami mò yo, epi ki se chèf wa ki sou latè yo! Sila ki renmen nou an, Sila ki te lave nou anba peche nou nan san l la,

[6] Sila a ki te fè nou tounen yon wayòm epi sakrifikatè pou Bondye, pou Papa l la, Glwa ak fòs pou li, Pou le tan e letènite! Amèn!

[7] Gade! L ap vini avèk nyaj yo! Epi tout je va wè li, Menm je moun ki te pèse l yo. Epi tout tribi sou latè va kriye akòz li menm. Wi, Amèn!

[8] Senyè Bondye di: «Se mwen menm ki Alfa ak Omega a! Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an! Se mwen ki Toupisan an.»

[9] Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M ap patisipe ansanm avèk nou ni nan tribilasyon, ni nan wayòm, ni nan andirans ki nan Jezi Kris la. Se nan zile, yo rele Patmòs la mwen te ye poutèt pawòl Bondye a epi poutèt temwayaj Jezi Kris la.

[10] Lespri a pran mwen nan jou Senyè a, epi mwen tande yon vwa dèyè mwen. Li te fò tankou yon kout twonpèt.

[11] Vwa a di: Ekri sa w wè a nan yon liv, epi voye l bay sèt legliz yo. Voye l bay Efèz, epi Esmin, epi Pègam, epi Tiyati, epi Sad, epi Filadèlfi, epi Lawodise.

[12] Alò, mwen vire pou mwen wè ki vwa sa a ki t ap pale avè m nan. Lè mwen vire, mwen wè sèt chandelye ann ò.

[13] Epi, nan mitan sèt chandelye yo, te genyen yon moun ki sanble ak yon Pitit Lòm. Li te abiye ak yon rad long. Epi, yon bann ann ò te travèse sou lestomak li.

[14] Tèt li ak cheve li te tou blan tankou lenn blanch, tankou nèj. Je li te tankou flanm dife.

[15] Pye li te sanble ak yon bwonz, tankou lè yo rafinen l nan founèz dife. Epi, vwa li te tankou bri gwo dlo.

[16] Li te genyen sèt zetwal nan men dwat li. Yon epe de bò byen file te lonje soti nan bouch li. Figi l menm te tankou solèy k ap klere ak tout fòs li.

[17] Wè m wè li, mwen tonbe devan pye li tankou yon mò. Epi, li poze men dwat li sou mwen, li di: Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki ni Premye ni Dènye!

[18] Se mwen ki te vivan epi ki vin mouri a, epi gade! Mwen vivan pou le tan e letènite. Amèn! Mwen genyen kle lanmò ak kle peyi-mò.

[19] Donk, ekri bagay ou wè yo, epi bagay kounye yo, epi bagay ki pral vini apre bagay sa yo.

[20] Kanta pou mistè sèt zetwal ki nan men dwat mwen yo ak pou sèt chandelye ann ò yo, ebyen, sèt zetwal sa yo se zanj sèt legliz yo, epi sèt lanp yo se sèt legliz yo.

Apokalips — Chapters