[1] Epi, mwen wè yon lòt zanj ki gen fòs ap desann sot nan syèl la. Li te abiye ak yon nyaj. Epi, yon lakansyèl te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la. Pye li te tankou poto dife.
[2] Li te genyen yon ti liv tou louvri nan men li. Li poze pye dwat li sou lanmè a, pye goch li sou latè.
[3] Epi, li rele ak yon vwa byen fò, tankou yon lyon k ap gwonde. Lè l rele a, sèt loraj yo pale ak vwa pa yo.
[4] Lè sèt loraj yo pale a, mwen t apral ekri. Men, mwen tande yon vwa ki sot nan syèl la ki di mwen: Poze sele sou pawòl sèt loraj yo pale yo, pa ekri yo!
[5] Epi, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a leve men dwat li nan syèl la.
[6] Li sèmante sou sila ki vivan pou le tan e letènite a, sila a ki kreye syèl la ansanm ak sa ki ladan l, epi lanmè a ansanm ak sa ki ladan l, epi tè a ansanm ak sa ki ladan l, li di: Pa rete tan ankò!
[7] Okontrè, jou vwa setyèm zanj lan pale a, lè li sonnen twonpèt li a, lè sa a, mistè Bondye a ap akonpli, menm jan Bondye te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt yo.
[8] Epi, vwa mwen te tande ki sot nan syèl la pale avèk mwen ankò. Li di: Al pran ti liv tou louvri a nan men zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.
[9] M ale kote zanj lan. Mwen di l pou li ban mwen ti liv la. Li di mwen: Pran l. Epi, manje l. L ap fè vant ou anmè. Men, l ap dous tankou siwo nan bouch ou.
[10] Mwen pran ti liv la nan men zanj lan, mwen manje l. Lè l nan bouch mwen, li te dous kon siwo. Men, lè m fin manje l, li fè vant mwen anmè.
[11] Epi, yo di mwen: Fòk ou pwofetize ankò sou moun anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.