[1] Apre sa, yon gwo siy parèt nan syèl la: Se te yon dam ki abiye ak solèy la. Lalin nan te anba pye li. Epi, yon kouwòn douz zetwal te sou tèt li.
[2] Li te ansent. Li t ap rele anba tranche ak doulè pou l akouche.
[3] Apre sa, yon lòt siy parèt nan syèl la. Twouve, se te yon gwo dragon wouj. Li te genyen sèt tèt ak dis kòn. Epi, sèt kouwòn te sou tèt li yo.
[4] Epi, li trennen yon tyè nan zetwal nan syèl la avèk ke l, li jete yo sou latè. Epi, dragon an kanpe devan dam ki t apral akouche a, dekwa pou lè dam nan akouche, pou li menm, li devore pitit li a.
[5] Epi, dam nan akouche, li fè yon pitit gason. Se li ki t apral gouvène tout nasyon yo avèk yon baton an fè. Men, yo transpòte pitit li a al kote Bondye ak kote twòn li a.
[6] Epi, dam nan sove al nan dezè a, kote li te genyen yon plas, Bondye te prepare pou li, dekwa pou yo te ka ba l manje pandan mildesanswasant (1 260) jou.
[7] Epi, vin genyen yon lagè nan syèl la. Michèl ak zanj li yo fè lagè avèk dragon an ak zanj li yo.
[8] Dragon an pa t gen ase fòs. Nonplis tou, pa t gen plas pou li nan syèl la ankò.
[9] Konsa, yo pimpe l deyò. Se li ki gwo dragon an, ansyen sèpan an, sila yo rele djab ak Satan an, sila a ki t ap twonpe tout moun ki abite sou latè yo. Yo pimpe l sou latè. Epi, yo pimpe zanj li yo ansanm avèk li.
[10] Epi, mwen tande yon vwa byen fò nan syèl la ki di: Kounye a, delivrans, pisans ak wayòm Bondye nou an Ansanm ak pouvwa Kris la, yo tout rive vre. Paske, akizatè frè nou yo, Sila ki te konn akize yo devan Bondye, Lajounen kon lannuit la, yo pimpe l deyò.
[11] Yo gen laviktwa grasa san Ti Mouton an, Epi grasa pawòl temwayaj yo a. Epitou, yo pa t renmen lavi yo, pa menm devan lanmò.
[12] Poutèt sa, ou menm syèl, Nou menm ki abite nan syèl la, se pou nou rejwi! Men, malè pou tè a ak lanmè a! Paske, djab la desann sou nou. Li an kòlè anpil, Paske l konnen se yon ti kras tan li rete.
[13] Epi, lè dragon an wè yo pimpe l sou latè, li pèsekite dam ki te akouche pitit gason an.
[14] Men, yo bay dam nan de gwo zèl èg, dekwa pou l te ka vole al nan dezè a nan plas li a, kote yo ba l manje pandan yon tan, plizyè tan, epi mwatye yon tan an. La, li lwen figi sèpan an.
[15] Epi, yon dlo tankou yon rivyè sot nan bouch dragon an. Li voye dlo a dèyè dam nan, dekwa pou l te fè rivyè dlo a charye dam nan.
[16] Men, tè a sove dam nan. Li ouvè bouch pa l, li vale dlo dragon an te voye sot nan bouch li a.
[17] Apre sa, dragon an fè kòlè sou dam nan. Epi, l al fè lagè avèk lòt desandan dam yo, moun sa yo ki kenbe kòmandman Bondye yo epi ki genyen temwayaj Jezi a.
[18] Apre sa, mwen kanpe sou sab bò lanmè a.