Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan syèl la. Se te gwo bagay, se te yon mèvèy! Siy lan se te sèt zanj ki te genyen sèt kalamite nan men yo. Se yo ki dènye kalamite yo, paske se avèk yo menm, raj Bondye fin akonpli.

[2] Epi, mwen wè tankou se te yon lanmè an vit ki melanje ak dife. Epi, mwen wè moun ki te gen laviktwa sou bèt la, sou estati li a ak sou nimewo non l lan kanpe sou lanmè an vit la. Yo te genyen hap Bondye yo nan men yo.

[3] Yo t ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a ak chante Ti Mouton an. Yo t ap di: Senyè Bondye Toupisan, travay ou fè yo gran! Yo se mèvèy! Ou menm ki Wa sou nasyon yo, chemen ou yo se verite ak jistis yo ye!

[4] Senyè, kilès ki pou pa ta gen krentif pou ou? Kilès ki pou pa ta bay non ou glwa? Paske, se ou menm sèl ki sen! E, tout nasyon yo va vini, yo va adore ou. Paske, ou devwale jistis ou.

[5] Apre bagay sa yo, mwen gade. Epi, twouve, se tanp tabènak temwayaj la ki ouvè nan syèl la.

[6] Epi, sèt zanj soti. Se yo menm ki genyen sèt kalamite yo nan men yo a. Yo te abiye ak yon twal ki pwòp epi ki klere. Epi, senti ann ò te pase sou lestomak yo.

[7] Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt zanj yo sèt bòl ann ò ki te plen ak raj Bondye ki vivan pou le tan e letènite a.

[8] Epi, tanp lan vin plen ak lafimen akòz glwa Bondye epi akòz pisans li. E, pèsonn pa t kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite sèt zanj yo pa t fin akonpli.

Apokalips — Chapters