[1] Apre sa, mwen tande yon vwa byen fò nan tanp lan ki di sèt zanj yo: Al vide sèt bòl raj Bondye yo sou latè.
[2] Premye zanj lan pati, li vide bòl pa l la sou latè. Epi, move maleng ki fè mal leve sou moun ki te genyen mak bèt la ak sou moun ki te konn adore estati l la.
[3] Apre sa, dezyèm zanj lan vide bòl pa l la nan lanmè a. Epi, lanmè a tounen san, yon san tankou san mò. Epi, tout bèt nan lanmè mouri.
[4] Apre sa, twazyèm zanj lan vide bòl pa l la nan rivyè yo ak nan sous dlo yo. Epi, yo tounen san.
[5] Epi, mwen tande zanj ki se zanj dlo yo di: Ou menm ki la epi ki te la a, Ou menm ki sen, Ou jis dèske ou voye jijman sa yo.
[6] Paske, yo te vide san sen yo ak san pwofèt yo, Epi, ou ba yo san pou yo bwè. Yo merite sa.
[7] Epi, mwen tande lotèl la di: Wi, Senyè Bondye Toupisan, jijman ou yo se verite ak jistis yo ye!
[8] Apre sa, katriyèm zanj lan vide bòl pa l la sou solèy la. Epi, yo ba li dwa boule lèzòm nan dife.
[9] Epi, yon gwo chalè boule lèzòm. Epi, lèzòm denigre non Bondye, li menm ki gen pouvwa sou kalamite sa yo. Men, yo pa repanti pou yo ba li glwa.
[10] Apre sa, senkyèm zanj lan vide bòl pa l la sou twòn bèt la. Epi, wayòm bèt la vin nan fènwa. Lèzòm mòde lang yo anba doulè.
[11] Yo denigre Bondye nan syèl la akòz doulè yo a epi akòz maleng yo. Men, yo pa repanti avèk travay yo t ap fè yo.
[12] Apre sa, sizyèm zanj lan vide bòl pa l la sou gran rivyè a, rivyè Efrat. Epi, dlo nan Efrat yo seche pou prepare chemen pou wa yo k ap soti kot solèy leve a.
[13] Apre sa, mwen wè twa move lespri ki tankou krapo, soti nan bouch dragon an, nan bouch bèt la ak nan bouch fo pwofèt la.
[14] Vrèmanvre, yo se lespri demon k ap fè mirak siy. Yo soti pou y ale kote tout wa ki sou latè yo pou yo rasanble yo pou batay gran jou Bondye Toupisan an.
[15] Gade! M ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun k ap veye epi ki kenbe rad yo, dekwa pou yo pa mache toutouni epi pou yo pa wont pou moun gade yo.
[16] Epi, li rasanble yo yon kote ki rele Amagedon ann Ebre.
[17] Apre sa, setyèm zanj lan vide bòl pa l la nan lè a. Epi, yon vwa byen fò sot nan twòn ki nan tanp syèl la. Li di: «Se fini!»
[18] Epi, vin gen kout zèklè, kout loraj, anpil vwa ak yon gwo tranblemanntè. Depi lèzòm abite sou latè, pa janm genyen yon gwo tranblemanntè ki gwosè sa.
[19] Konsa, gran vil la vin fè twa pati. Vil nasyon yo tonbe. Bondye sonje Gran vil Babilòn pou l ba li gode ki genyen diven raj kòlè Bondye ladan l lan.
[20] Tout zile disparèt. Moun pa jwenn mòn yo ankò.
[21] Grenn lagrèl, ki ta peze yon talan konsa, sot nan syèl la al tonbe sou lèzòm. Epi, lèzòm denigre Bondye akòz kalamite lagrèl la, paske kalamite sa a te terib anpil.