[1] Apre bagay sa yo, mwen gade, epi twouve, te genyen yon pòt tou louvri nan syèl la. Epi, menm premye vwa, mwen te tande tankou yon kout twonpèt lè li t ap pale avè m nan, se li menm ankò ki di: «Monte isit la, epi m ap montre w sa k dwe rive apre bagay sa yo.»
[2] Menm lè a, mwen vin tonbe nan Lespri. Epi, twouve, se yon twòn ki kanpe nan syèl la. Epi, te genyen yon moun ki chita sou twòn nan.
[3] Moun ki te chita sou twòn nan te sanble ak wòch jasp ak wòch sadwàn. Yon lakansyèl te toutotou twòn nan. Sou aparans moun nan, se tankou se te emwod.
[4] Toutotou twòn nan, te genyen vennkat twòn. Epi, vennkat ansyen te chita sou twòn sa yo. Yo te abiye ak rad blan, avèk kouwòn ann ò sou tèt yo.
[5] Epi, zèklè, vwa ak kout loraj t ap soti nan twòn nan. Sèt lanp plen dife t ap boule devan twòn nan. Se yo ki sèt Lespri Bondye yo.
[6] Devan twòn nan te tankou yon lanmè an vit, ki sanble ak kristal. Epi, nan mitan twòn nan ak toutotou twòn nan, te genyen kat kreyati vivan ki plen ak je, ni devan ni dèyè.
[7] Premye kreyati vivan an te sanble ak yon lyon. Dezyèm kreyati vivan an te sanble ak yon towo bèf. Twazyèm kreyati vivan an te genyen yon figi tankou figi moun. Epi, katriyèm kreyati vivan an te sanble ak yon èg k ap vole.
[8] Tou le kat kreyati vivan yo te gen zèl, sis pou yo chak. Yo te plen ak je, ni toutotou ni andedan. Epi, yo pa janm poze, ni lajounen ni lannuit. Yo t ap di: Sen! Sen! Sen! Se konsa Senyè Bondye toupisan an ye! Li te la, li la kounye a, epi l ap vini.
[9] Epi, sila ki chita sou twòn nan, sila ki vivan pou le tan e letènite a, lè kreyati vivan yo ap ba li glwa, onè ak remèsiman,
[10] vennkat ansyen yo va koube devan sila ki chita sou twòn nan, yo va adore sila ki vivan pou le tan e letènite a, epi yo va lage kouwòn yo devan twòn nan.
[11] Yo va di: Senyè nou an, Bondye nou an, Ou merite resevwa glwa, onè, pisans. Paske, se ou ki kreye tout bagay. E, se grasa volonte w ki fè yo la, ki fè ou te kreye yo.