Skip to content
Opens in a new window

[1] Jid ki sèvitè Jezi Kris epi ki frè Jak la. Nou menm Bondye rele yo, nou menm Bondye Papa a sangtifye yo, nou menm Jezi Kris ap pwoteje yo,

[2] se pou pitye, lapè ak lamou avèk nou an kantite!

[3] Byenneme mwen yo, mwen t ap fè tout efò m pou mwen ekri nou konsènan delivrans nou genyen ansanm nan. Men, mwen vin santi nesesite pou mwen ekri nou pou m ankouraje nou konbat pou lafwa, yo te transmèt bay sen yo yon fwa pou tout la.

[4] Paske, gen kèk moun ki fofile kò yo pami nou. Se moun kondanasyon yo ekri davans depi lontan, moun mechan, moun k ap chanje gras Bondye a pou fè l tounen libètinaj epi k ap nye sila ki sèl Mèt souvren epi ki Senyè nou an, Jezi Kris.

[5] Men, mwen vle fè nou sonje yon bagay malgre nou konnen l deja, sèke lè Senyè a te fin sove pèp la nan peyi Ejip, apre sa, li fè tout moun ki pa t kwè nan li yo peri.

[6] E zanj ki pa t kenbe otorite yo epi ki te abandone bitasyon yo, li kenbe yo nan chenn pou tout tan, anba fènwa, annatandan jijman gran jou a.

[7] Se menm bagay pou Sodòm ak Gomò ansanm ak vil ki te toutotou yo. Yo te nan debòch nan menm fason avèk yo, epi yo te lage nan fè bagay dwòl nan lachè. Bondye ekspoze yo kòm yon egzanp, kote y ap sibi jijman yon dife etènèl.

[8] Malgre sa, mesye sa yo fè menm jan an tou. Nan reve reve, yo fè malpwòpte ak kò yo, yo meprize otorite Senyè a, yo denigre sila ki nan laglwa yo.

[9] Epoutan, Akanj Michèl li menm, lè li t ap diskite avèk djab la epi li t ap plede pou kò Moyiz, li pa t oze pote akizasyon. Okontrè, li te di: «Se pou Senyè a fè w obsèvasyon!»

[10] Alòske mesye sa yo ap denigre bagay yo pa konnen. Menm bagay pwòp nati yo fè yo konprann, se avèk yo ankò yo detui tèt yo, tankou se te bèt san konprann.

[11] Malè pou yo! Paske, se nan menm chemen Kayen an y ale. Se nan menm erè Balaam nan yo benyen pou yon salè. Epi, se nan menm rebelyon Kore a yo peri.

[12] Lè mesye sa yo nan resepsyon nou yo, yo tankou resif. Y ap fete ansanm avèk nou san yo pa pè, alòske se pwòp tèt yo y ap pran swen. Yo tankou nyaj san dlo, van ap bwote. Yo se pyebwa lotòn ki san fwi, ki mouri de fwa, ki derasinen.

[13] Yo badijonnen nan pwòp wont yo tankou yon lanm lanmè sovaj ki badijonnen ak kim. Yo tankou zetwal filant ki gen fènwa sere pou yo pou letènite.

[14] Se pou menm yo menm nan, Enòk, ki se setyèm patriyach apre Adan, te pwofetize, lè li te di: «Gade! Senyè a vini ak mil fwa mil moun ki sen li yo.

[15] Li vin pase jijman sou tout moun. Li vin kondane tout mechan ki pami moun yo, poutèt tout travay mechanste yo te fè epi poutèt tout move pawòl, pechè mechan te pale kont li.»

[16] Mesye sa yo, se moun k ap bougonnen, k ap plenyen sò yo, k ap mache daprè pwòp dezi yo. Se moun k ap fè grandizè ak bouch yo epi k ap flate moun pou yo ka jwenn avantaj.

[17] Men, nou menm, byenneme mwen yo, sonje pawòl apot Senyè nou an, Jezi Kris, te predi.

[18] Yo te di: «Nan dènye jou yo, ap gen mokè k ap mache nan mechanste daprè pwòp dezi yo.»

[19] Mesye sa yo k ap kreye divizyon yo, ebyen, se yo menm sa. Se nanm ase ki nan yo, yo pa genyen Lespri a.

[20] Men, nou menm, byenneme mwen yo, edifye tèt nou nan lafwa nou ki sen anpil. Priye daprè Lespri Sen an.

[21] Kenbe tèt nou nan lamou Bondye, pandan n ap tann pou pitye Senyè nou an, Jezi Kris, parèt. Se va lavi etènèl pou nou.

[22] Epi, se pou nou gen pitye pou moun sa yo k ap doute.

[23] Se pou nou gen krentif pou nou rape yo nan bouch dife; konsa, n a sove yo. Se pou nou rayi menm chemizèt ki ta sal ak peche lachè.

[24] Sila ki kapab kenbe nou pou nou pa bite a, Sila a ki kapab prezante nou san defo devan glwa li epi nan lajwa,

[25] Sila ki sèl Bondye ki saj epi ki Sovè nou an, Se pou li glwa ak majeste, Fòs ak pouvwa dwe ye, Depi kounye a epi pou tout letènite. Amèn!