[1] Apre sa, mwen wè yon zanj desann sot nan syèl la. Li te genyen kle labim nan avèk yon gwo chenn nan men l.
[2] Li pran dragon an, sèpan ansyen an. Se li ki djab la epi ki Satan an. Zanj lan anchennen l pou milan.
[3] Li lage l nan labim nan, li klete l, epi li poze yon sele sou li, dekwa pou l pa twonpe nasyon yo ankò toutotan milan yo pa fin akonpli. Men, apre bagay sa yo, fòk li lage pou yon ti tan.
[4] Apre sa, mwen wè twòn ansanm ak moun ki chita sou yo. Bondye ba yo dwa fè jijman. Epi, mwen wè nanm tout moun, yo te tiye ak kout rach yo, akòz temwayaj Jezi a epi akòz pawòl Bondye a. Mwen wè nanm moun ki pa t adore ni Bèt la ni estati Bèt la, epi ki pa t resevwa mak la ni sou fwon yo ni nan men yo. Yo reviv ankò, epi yo domine avèk Kris pandan milan yo.
[5] Lòt mò yo pa reviv toutotan milan yo pa fin akonpli. Se sa ki premye rezirèksyon an.
[6] Moun ki patisipe nan premye rezirèksyon an va beni, yo va sen! Paske, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Okontrè, se sakrifikatè y ap ye pou Bondye epi pou Kris. Epi, y ap domine avèk li pandan milan yo.
[7] Men, apre milan yo, Satan ap lage sot nan prizon l lan.
[8] Epi, l ap soti al twonpe nasyon ki nan tou le kat kwen latè yo, Gòg ak Magòg. L apral rasanble yo pou lagè a. Kantite y ap ye a ap tankou kantite grenn sab bò lanmè.
[9] Yo monte sou mezi latè. Yo sèke lame sen yo ansanm ak vil Bondye renmen anpil la. Men, dife desann sot kote Bondye nan syèl, li devore yo.
[10] Epi, Bondye lage djab ki te konn ap twonpe yo a nan letan dife ak souf la. Se la bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Y ap nan touman lajounen kon lannuit pou le tan e letènite.
[11] Apre sa, mwen wè yon gran twòn blan ansanm ak sila ki chita sou li a. Syèl la ak tè a pati devan l. Epi, yo pa t jwenn plas pou yo ankò.
[12] Epi, mwen wè mò yo, ni gran ni piti, kanpe devan twòn nan. Epi, plizyè liv ouvè. Epi, yon lòt liv ouvè tou: Se li ki Liv Lavi a. Epi, yo jije mò yo daprè sa ki ekri nan liv yo, daprè zèv yo.
[13] Lanmè bay tout mò ki te ladan l. Lanmò ak peyi-mò bay tout mò ki te nan yo. Epi, yo jije yo chak daprè zèv yo.
[14] Apre sa, yo lage ni lanmò ni peyi-mò nan letan dife a. Letan dife a, se li ki dezyèm lanmò a.
[15] Si non yon moun pa ekri nan Liv Lavi a, y ap lage l nan letan dife a.