[1] Lè Ti Mouton an ouvri setyèm sele a, vin gen yon silans nan syèl la pandan yon demi è konsa.
[2] Epi, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye yo. Yo ba yo sèt twonpèt.
[3] Epi, yon lòt zanj vini. Li kanpe bò lotèl la avèk yon lansanswa ann ò nan men l. Yo ba li anpil pafen pou li te ka ofri l ansanm ak priyè tout sen yo sou lotèl ann ò ki devan twòn nan.
[4] Epi, lafimen pafen an soti nan men zanj lan, li monte devan Bondye ansanm ak priyè sen yo.
[5] Epi, zanj lan pran lansanswa a, li plen l ak dife ki te sou lotèl la, epi li vide l sou latè. Konsa, vin genyen kout loraj, vwa, zèklè ak tranblemanntè.
[6] Epi, sèt zanj ki te genyen sèt twonpèt yo pare kò yo pou yo sonnen.
[7] Premye zanj lan sonnen twonpèt li a. Konsa, vin genyen lagrèl ak dife melanje ak san. Yo voye yo sou latè. Epi, yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.
[8] Apre sa, dezyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, se tankou se te yon gwo mòn kouvri ak flanm dife, yo jete nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a vin tounen san.
[9] Yon tyè nan Kreyati nan lanmè ki genyen lavi yo mouri. Epi, yon tyè nan bato yo peri.
[10] Apre sa, twazyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, yon gwo zetwal ki kouvri ak flanm tankou lanp sot tonbe nan syèl la. Li tonbe sou yon tyè nan rivyè yo ak sou sous dlo yo.
[11] Non zetwal la se te Anmè. Epi, yon tyè nan dlo yo vin anmè. Anpil moun mouri ak dlo yo, paske dlo yo te vin anmè.
[12] Apre sa, katriyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, yon kalamite frape yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan ak yon tyè nan zetwal yo, dekwa pou yon tyè nan yo vin nwasi, pou lajounen pèdi yon tyè nan limyè yo, epi pou menm bagay la rive ak lannuit.
[13] Mwen gade, epi mwen tande yon èg ap vole nan mitan syèl la. Li di ak yon vwa byen fò: Malè, malè, malè pou moun ki abite sou latè yo, akòz kout twonpèt twa lòt zanj yo pral sonnen yo.