[1] Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè. Yo te kenbe kat van latè yo, dekwa pou van pa t soufle ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa.
[2] Epi, mwen wè yon lòt zanj k ap monte kote solèy leve a. Li te genyen so Bondye vivan an nan men l. Epi, li rele ak yon vwa byen fò, li di kat zanj, yo te bay pouvwa fè latè ak lanmè a mal yo:
[3] Pa fè ni latè, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen mal, pou jiskaske nou fin poze so sou fwon sèvitè Bondye nou yo.
[4] Epi, mwen tande sou ki kantite moun yo te poze so a: Se te sou sankarannkatmil (144 000) moun, pami tout tribi pitit Izrayèl yo.
[5] Nan tribi Jida, se te sou douzmil moun yo te poze so a. Nan tribi Riben, se te sou douzmil; Nan tribi Gad, se te sou douzmil;
[6] Nan tribi Asè, se te sou douzmil; Nan tribi Nèftali, se te sou douzmil; Nan tribi Manase, se te sou douzmil;
[7] Nan tribi Simeyon, se te sou douzmil; Nan tribi Levi, se te sou douzmil; Nan tribi Isaka, se te sou douzmil;
[8] Nan tribi Zabilon, se te sou douzmil; Nan tribi Jozèf, se te sou douzmil; Nan tribi Benjamen, se te sou douzmil moun yo te poze so a.
[9] Apre bagay sa yo, mwen gade, epi twouve, te genyen yon gwo foul moun pèsonn pa kapab konte. Se te moun ki sot nan tout nasyon, tout tribi, tout pèp ak tout lang. Yo te kanpe devan twòn nan ak devan Ti Mouton an. Yo te abiye ak wòb blanch. Epi, yo te gen fèy palmis nan men yo.
[10] Yo t ap rele ak yon vwa byen fò, yo t ap di: Se pou Bondye nou an ki chita sou twòn nan Epi pou Ti Mouton an, delivrans ye!
[11] Epi, tout zanj yo kanpe toutotou ni twòn nan, ni ansyen yo ak kat kreyati vivan yo. Epi, yo koube fas atè devan twòn nan, yo adore Bondye,
[12] yo di: Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, Onè, pisans ak fòs, Pou Bondye nou an pou le tan e letènite. Amèn!
[13] Youn nan ansyen yo pran lapawòl, li di mwen: Moun ki abiye ak wòb blanch yo, kilès yo ye? Epi, kote yo soti?
[14] Mwen di li: Senyè mwen, ou byen konnen! Epi, li di mwen: Se yo ki soti nan gwo tribilasyon an, ki lave wòb yo epi ki blanchi yo nan san Ti Mouton an.
[15] Se poutèt sa, yo devan twòn Bondye a epi y ap fè sèvis pou li nan tanp li a, lajounen kou lannuit. Sila ki chita sou twòn nan ap kouvri yo anba tabènak li a.
[16] Yo p ap janm grangou ankò. Nonplis tou, yo p ap janm swaf ankò. Solèy p ap janm frape yo nonplis. Yo p ap nan okenn chalè nonplis.
[17] Paske, Ti Mouton ki nan mitan twòn nan ap pran swen yo. L ap mennen yo kote sous dlo lavi yo ye. Epi, Bondye ap siye tout dlo nan je yo.