[1] Apre sa, yo ban mwen yon bagèt wozo ki sanble ak yon baton. Yo di mwen: Leve mezire tanp Bondye a, lotèl la ak moun k ap adore nan tanp lan.
[2] Men, lakou ki sou deyò tanp lan, kite l apa, pa mezire l. Paske, yo bay nasyon yo li. Yo va pilonnen vil sent lan pandan karannde mwa.
[3] Epi, m ap bay de temwen m yo pouvwa pwofetize pandan mildesanswasant (1 260) jou. Lè sa a, y ap abiye ak sak.
[4] Se yo menm ki se de pye oliv ak de chandelye ki kanpe devan sila ki se Senyè latè a.
[5] Si yon moun vle fè yo mal, dife soti nan bouch yo pou devore moun ki lènmi yo. Depi yon moun vle fè yo mal, fòk se konsa pou l mouri.
[6] Yo gen pouvwa pou yo fèmen syèl la, dekwa pou lapli pa tonbe pandan jou y ap pwofetize yo. Yo gen pouvwa sou dlo, pou yo fè l tounen san. Yo gen pouvwa frape latè anba tout kalamite, nenpòt lè yo vle.
[7] Lè yo fin akonpli misyon temwayaj yo a, bèt ki te monte sot nan labim nan ap fè lagè avèk yo, l ap gen laviktwa sou yo, epi l ap tiye yo.
[8] Epi, kadav yo ap rete sou plas gran vil la. Nan yon sans espirityèl, li rele Sodòm ak Ejip. Se la menm, yo te krisifye Senyè a.
[9] Pandan twa jou edmi, moun tout pèp, tout tribi, tout lang ak tout nasyon ap wè kadav yo. Epi, yo p ap kite yo mete kadav yo nan tonm.
[10] Moun ki abite sou latè ap kontan poutèt kadav yo. Y ap rejwi. Youn ap voye kado bay lòt. Paske, de pwofèt sa yo te konn toumante moun ki abite sou latè.
[11] Men, apre twa jou edmi an, yon souf lavi sot kote Bondye, vin antre nan yo. Epi, yo kanpe sou pye yo. Yon gwo laperèz tonbe sou moun ki t ap gade yo.
[12] Epi, yo tande yon vwa byen fò ki sot nan syèl la, ki di yo: «Monte isit la!» Epi, yo monte nan syèl nan yon gwo nyaj. Lènmi yo t ap gade yo.
[13] Nan menm lè sa a, vin gen yon gwo tranblemanntè. Yon dizyèm nan vil la sot tonbe. Sètmil moun mouri nan tranblemanntè a. Rès moun yo vin pè, yo bay Bondye ki nan syèl la glwa.
[14] Dezyèm malè a pase. Gade! Yon twazyèm malè ap vini talè konsa.
[15] Apre sa, setyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, vin genyen vwa byen fò nan syèl la ki di: Wayòm ki nan monn nan vin pou Senyè nou an avèk Kris li a. Li va domine pou le tan e letènite!
[16] Epi, vennkat ansyen ki te devan twòn Bondye a epi ki te chita sou twòn pa yo a koube fas atè, yo adore Bondye,
[17] yo di: N ap di ou mèsi, Ou menm ki Senyè Bondye Toupisan an, Ou menm ki la epi ki te la a. Paske, ou resevwa gran pisans lan, Epi, ou tabli wayòm ou.
[18] Nasyon yo te fè kòlè, Epi, kòlè pa w vini; Epi, tan an rive pou w jije mò yo; Tan an rive pou w lonje rekonpans bay sèvitè w yo, pwofèt yo, Ansanm ak sen yo avèk moun ki gen krentif pou non w yo, Ni piti, ni gran; Tan an rive pou w detui moun ki t ap detui latè yo.
[19] Apre sa, tanp Bondye a ouvri nan syèl la. Epi, lach alyans Senyè a parèt nan tanp li a. Epi, vin genyen zèklè, anpil vwa, loraj, tranblemanntè ak gwo lagrèl.