Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre bagay sa yo, mwen wè yon lòt zanj desann sot nan syèl la. Li te genyen gwo pouvwa. Glwa li fè latè klere.

[2] Li rele avèk yon vwa fò. Li di: Li tonbe! Li tonbe! Gran vil Babilòn tonbe! Li tounen yon bitasyon pou demon, Yon prizon pou tout move lespri, Yon prizon pou tout move zwazo moun degoute.

[3] Paske, tout nasyon yo te bwè Nan diven ki se raj imoralite l la. Wa sou latè te nan imoralite avèk li. Komèsan sou latè te vin rich grasa richès li depanse pou byennèt li.

[4] Apre sa, mwen tande yon lòt vwa nan syèl la ki di: Pèp mwen an, soti nan mitan li Pou nou pa patisipe nan peche li yo Epi pou nou pa resevwa pa nou nan kalamite l yo.

[5] Paske, li anpile peche rive jis nan syèl la. E, Bondye sonje mechanste li fè yo.

[6] Ba li, menm jan li te ban nou an. Remèt li de fwa lavalè travay li fè yo. Nan menm gode li a, kote li te fè melanj pa l la, Fè yon melanj doub pou li.

[7] Menm mezi glwa ak richès li te bay tèt li a, Se menm mezi sa a pou w ba li nan touman ak nan dèy. Paske, sa l t ap di nan kè li, se: «Mwen chita, mwen se rèn, mwen pa vèv, Epi, mwen p ap janm gen pou m an dèy.»

[8] Poutèt sa, kalamite l yo ap vini sou li yon sèl jou, Sa vle di, lanmò, dèy ak grangou. Dife ap boule l. Paske, Senyè Bondye k ap jije l la gen fòs.

[9] Lè wa sou latè ki te nan imoralite ak nan banbòch ansanm avèk li yo wè lafimen dife k ap boule l la, y ap kriye, y ap rele pou li, y ap kanpe byen lwen, tank y ap pè touman l ap pase a. Y ap di: Ala yon malè! Ala yon malè pou ou, Gran vil Babilòn, Vil ki gen fòs la! Nan inè d tan, jijman an rive sou ou!

[11] Komèsan sou latè kriye, yo an dèy pou li, paske pa gen pèsonn ankò pou achte machandiz yo.

[12] Machandiz yo te genyen se te lò, ajan, wòch ki gen valè, pèl, twal len, twal poup, twal swa, twal wouj, bwa santi bon, veso ann ivwa, epi tout kalite veso an bwa ki gen valè, veso an bwonz, an fè, epi an mab.

[13] Yo te genyen kanèl, pafen, lami, lansan, diven, luil, farin, ble, mouton, bèf, chwal, charyo, epi kò moun ak nanm moun.

[14] «Fwi nanm ou te anvi a, li pati lwen ou. Tout bagay delika ou yo, tout bagay klere ou yo, ou pèdi yo. E, ou p ap janm jwenn yo ankò.»

[15] Komèsan sa yo ki te vin rich grasa vil la ap kanpe byen lwen, tank y ap pè touman l ap pase yo. Epi, y ap kriye, y ap an dèy.

[16] Y ap di: Ala yon malè! Ala yon malè pou gran vil la! Li te konn abiye ak twal len ak twal poup, epi ak twal wouj. Li te konn kouvri avèk lò, avèk wòch ki gen valè, epi avèk pèl.

[17] Nan inè d tan, tout richès sa a vin yon devas. Epi, tout kaptenn batiman, tout pasaje, tout maren, epi mezi travayè ki travay sou lanmè, yo tout kanpe byen lwen.

[18] Epi, lè yo wè lafimen dife k ap boule vil la, yo rele, yo di: Ki vil ki janm sanble ak gran vil la?

[19] Yo voye pousyè sou tèt yo. Yo rele. Yo kriye. Yo pran dèy. Yo di: Ala yon malè! Ala yon malè pou gran vil la! Se nan li e se grasa richès li yo, tout moun ki gen bato sou lanmè a vin rich. An inè d tan, li vin yon devas.

[20] Ou menm syèl, se pou w rejwi akòz vil la. Ni nou menm tou, sen yo, apot yo ak pwofèt yo! Paske, Bondye jije l daprè jijman, nou te vle pou li a.

[21] Apre sa, yon zanj ki gen fòs pran yon wòch tankou yon gwo wòch moulen, li voye l nan lanmè a, epi li di: Se avèk yon fòs konsa, yo pral fese gran vil Babilòn atè. Epi, yo p ap janm jwenn li ankò.

[22] Ni jwè hap, ni mizisyen, ni jwè flit, ni jwè twonpèt, Yo p ap janm tande yo nan ou ankò. Yo p ap janm jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metye nan ou ankò. Yo p ap janm tande bri moulen nan ou ankò.

[23] Limyè lanp p ap janm klere nan ou ankò. Ni vwa lemarye, ni vwa lamarye, Yo p ap janm tande yo nan ou ankò. Paske, se komèsan w yo ki te gwo potanta sou latè; E, se nan maji w fè, ou twonpe tout nasyon yo.

[24] Se lakay ou tou, yo jwenn san pwofèt yo ak san sen yo, Ansanm ak san tout moun, yo tiye sou latè.

Apokalips — Chapters