Skip to content
Opens in a new window

[1] Epi, mwen wè yon bèt monte sot nan lanmè a. Li te genyen dis kòn ak sèt tèt. Te genyen dis kouwòn sou kòn yo. Epi, te genyen anpil non ki denigre Bondye ki te sou tèt li yo.

[2] Bèt mwen te wè a te sanble ak yon leyopa. Pye li te tankou pye lou. Bouch li te tankou bouch lyon. Epi, dragon an ba li pisans li a, twòn li a, epi gwo pouvwa.

[3] Apre sa, mwen wè youn nan tèt li yo tankou se blese li blese grav. Men, blese grav li a geri. Tout moun sou latè t ap admire sa. Yo pran suiv bèt la.

[4] Yo adore dragon ki te bay bèt la pouvwa a. Yo adore bèt la. Yo di: Kilès ki sanble ak bèt la? Kilès ki kapab fè lagè avèk li?

[5] Apre sa, bèt la resevwa yon bouch k ap pale gwo bagay epi k ap denigre Bondye. Li resevwa pouvwa pou l aji pandan karannde mwa.

[6] Epi, bèt la ouvè bouch li pou l denigre Bondye. Li denigre ni non Bondye ni tant li a, sa vle di moun ki abite nan syèl la.

[7] Epi, li resevwa pouvwa pou l fè lagè avèk sen yo epi pou l gen laviktwa sou yo. Epi, li resevwa otorite sou moun tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon.

[8] Tout moun ki abite sou latè adore bèt la. Moun sa yo, non yo pa ekri nan Liv Lavi ki devan Ti Mouton, yo te tiye depi Bondye te kreye lemonn nan.

[9] Si yon moun gen zòrèy pou l tande, se pou l tande!

[10] Si yon moun gen pou l prizonye, l ap vin prizonye. Si yon moun dwe mouri anba epe, fòk li mouri anba epe. Se la andirans ak lafwa sen yo ye!

[11] Apre sa, mwen wè yon lòt bèt monte sot sou latè. Li te genyen de kòn ki sanble ak kòn yon ti mouton. Li t ap pale tankou dragon.

[12] Li aji avèk tout pouvwa premye bèt la devan li. Li t ap fè dekwa pou latè ak tout moun ki abite sou li, adore premye bèt la, sa ki te geri anba blese grav li a.

[13] Epi, li fè gwo mirak siy. Li fè menm dife soti nan syèl la, desann sou latè, devan lèzòm.

[14] Grasa mirak siy, yo te ba l pouvwa fè devan bèt la, li rive twonpe mezi moun ki abite sou latè. Li di moun ki abite sou latè yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese ak epe a epi ki te viv la.

[15] Epi, yo ba li pouvwa bay estati bèt la souf, dekwa pou estati bèt la ka pale epi pou l ka tiye tout moun ki pa adore estati bèt la.

[16] Epi, li fè dekwa pou li tanpe mak bèt la sou men dwat tout moun oubyen sou fwon yo, kit yo piti kit yo gran, kit yo rich kit yo pòv, kit yo lib kit yo esklav.

[17] Epitou, li fè dekwa pou pèsonn pa ka ni achte ni vann, si yo pa gen mak bèt la, sa vle di, non bèt la oubyen nimewo non li.

[18] Se sa ki sajès la! Si yon moun gen lespri, se pou l kalkile nimewo bèt la, paske se yon nimewo moun li ye. Nimewo li a se 666.

Apokalips — Chapters