[1] Apre sa, senkyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, mwen wè yon zetwal ki sot nan syèl la, li tonbe sou latè. Epi, yo ba li kle twou labim nan.
[2] Li ouvè twou labim nan. Epi, yon lafimen tankou lafimen yon gwo founèz dife monte sot nan twou a. Ni solèy la ni lè a vin tou nwa ak lafimen ki sot nan twou a.
[3] Epi, yon bann krikèt soti nan lafimen an vin sou latè. Yo ba yo pouvwa tankou pouvwa eskòpyon genyen sou latè.
[4] Yo di yo pou yo pa fè ni zèb ki sou latè, ni okenn plant, ni okenn pyebwa anyen mal. Se sèlman moun ki pa gen so Bondye a sou fwon yo, pou yo fè mal.
[5] Yo pa ba yo dwa pou yo tiye moun yo, men, pou yo toumante yo pandan senk mwa. Touman yo lakòz la, se tankou touman yon moun, eskòpyon pike.
[6] Nan jou sa yo, lèzòm ap chèche lanmò, men, yo p ap jwenn li ditou. Y ap anvi mouri, men, lanmò ap kouri lwen yo.
[7] Sou aparans krikèt yo, yo sanble ak chwal ki pare pou fè lagè. Se tankou se te kouwòn ann ò ki te sou tèt yo. Figi yo te tankou figi moun.
[8] Yo te gen cheve long tankou cheve fi. Epi, dan yo te tankou dan lyon.
[9] Yo te gen kuiras sou lestomak yo, tankou kuiras an fè. Epi, bri zèl yo te tankou bri cha avèk anpil chwal k ap kouri nan lagè.
[10] Yo te gen ke ki sanble ak ke eskòpyon epi ki te gen pikan. E, se nan ke yo pouvwa fè lèzòm mal pandan senk mwa a te ye.
[11] Yo te genyen yon wa alatèt yo: Se zanj labim nan. Ann Ebre, non li se Abadon. An Grèk, non li te genyen se Apolyon.
[12] Premye malè a pase. Gade! De lòt malè toujou ap vini apre bagay sa yo!
[13] Apre sa, sizyèm zanj lan sonnen twonpèt li a. Epi, mwen tande yon vwa sot nan mitan kat kòn lotèl ann ò ki devan Bondye a.
[14] Li di sizyèm zanj ki te gen twonpèt nan men l lan: Lage kat zanj, yo te mare sou gran rivyè Efrat la.
[15] Epi, li lage kat zanj yo ki te pare pou lè, pou jou, pou mwa, epi pou ane a, dekwa pou yo te tiye yon tyè nan lèzòm.
[16] Kantite sòlda sou chwal yo te demilyon fwa milyon. Se kantite sa a mwen te tande yo ye.
[17] Men kijan mwen wè chwal yo ak moun ki monte sou yo nan vizyon an: Yo te genyen kuiras koulè dife, kuiras mov ak kuiras jòn sou lestomak yo. Tèt chwal yo te tankou tèt lyon. Epi, dife, lafimen, avèk souf t ap soti nan bouch yo.
[18] Twa kalamite sa yo tiye yon tyè nan lèzòm: Dife, lafimen ak souf ki t ap soti nan bouch chwal yo.
[19] Paske, pouvwa chwal yo, se nan bouch yo ak nan ke yo li ye. Vrèmanvre, ke yo sanble ak koulèv. Yo gen tèt. E, se avèk tèt sa yo, yo fè moun mal.
[20] Lòt moun, kalamite yo pa t tiye yo, yo pa repanti avèk travay men yo fè. Yo pa sispann adore ni demon ni zidòl ki fèt ann ò, ann ajan, an bwonz, an wòch, oubyen an bwa, zidòl ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache.
[21] Yo pa repanti avèk ni asasinay, ni maji, ni imoralite, ni vòl yo te konn fè yo.