Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, li montre m rivyè dlo lavi a. Li te klè tankou kristal. E, se nan twòn Bondye a ak Ti Mouton an li soti.

[2] Pyebwa lavi a te nan mitan plas vil la ak ni sou bò isit, ni sou bò lòt bò rivyè a. Li donnen douz rekòt. Chak mwa, li donnen youn nan rekòt li yo. Epi, fèy pyebwa a sèvi pou geri nasyon yo.

[3] P ap gen okenn malediksyon ankò. Twòn Bondye a ak Ti Mouton an ap nan vil la. Epi, sèvitè l yo ap sèvi l.

[4] Y ap wè figi l. Epi, non li ap sou fwon yo.

[5] P ap gen lannuit ankò. Yo p ap bezwen ni lanp, ni limyè solèy. Paske, Senyè Bondye ap klere yo. Epi, y ap domine pou le tan e letènite.

[6] Epi, li di mwen: Pawòl sa yo se fidelite ak verite yo ye. Senyè a, Bondye lespri pwofèt yo, se li ki voye zanj li montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive talè konsa yo.

[7] Gade! M ap vini talè konsa! Benediksyon pou moun ki kenbe pawòl pwofesi ki nan liv sa a!

[8] Se mwen menm, Jan, ki te tande bagay sa yo epi ki te wè yo. Lè mwen tande yo, lè mwen wè yo, mwen koube nan pye zanj ki t ap montre m bagay sa yo pou mwen adore li.

[9] Men, li di mwen: «Pa fè sa! Se sèvitè mwen ye menm jan avèk ou; menm jan avèk frè ou yo, pwofèt yo; epi, menm jan avèk moun ki kenbe pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou w adore!»

[10] Epi, li di mwen: Pa poze sele sou pawòl pwofesi ki nan liv sa a, paske tan an pre rive.

[11] Moun ki pa jis, yo te mèt pa jis toujou. Moun ki kòwonpi, kite yo ret kòwonpi. Moun ki jis, kite yo fè sa ki jis toujou. Moun ki sen, se pou yo kontinye sen.

[12] Gade! M ap vini talè konsa avèk rekonpans mwen nan men mwen pou mwen bay chak moun daprè zèv yo.

[13] Se mwen ki Alfa ak Omega a. Se mwen ki Premye ak Dènye a. Se mwen ki Kòmansman ak Lafen an.

[14] Benediksyon pou moun ki fè sa kòmandman li yo mande. Konsa, y a gen dwa nan pyebwa lavi a, epi y a kapab pase nan pòtay yo pou yo antre nan vil la.

[15] Tout chen, tout moun k ap fè maji, tout moun imoral, tout asasen, tout moun k ap sèvi zidòl, tout moun ki renmen manti epi k ap bay manti, se deyò ki pou yo.

[16] Mwen menm Jezi, mwen te voye zanj mwen pou li temwaye bagay sa yo ba ou pou legliz yo. Se mwen ki rasin ak ras David la. Mwen se etwal di maten ki klere a.

[17] Lespri a ak lamarye a di: Vini non! Moun ki tande yo, se pou yo di: Vini non! Moun ki swaf, se pou yo vini. Moun ki vle, yo te mèt pran dlo lavi a gratis.

[18] M ap temwaye sa bay tout moun k ap koute pawòl pwofesi ki nan liv sa a: Si yon moun ajoute sou yo, Bondye ap pran kalamite ki ekri nan liv sa a pou l ajoute sou yo pou li.

[19] Si yon moun retire nan pawòl ki nan liv pwofesi sa a, Bondye ap retire nan pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a ak nan vil sent lan ki ekri nan liv sa a.

[20] Sila a ki temwaye bagay sa yo di: Wi, m ap vini talè konsa. Amèn! Wi, Senyè Jezi, vini non!

[21] Gras Senyè Jezi Kris avèk tout sen yo. Amèn!

Apokalips — Chapters