[1] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Sad la konsa: Sila a ki genyen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo, men sa l di: Mwen konnen travay w ap fè yo, sèke ou pote non vivan, alòske w mouri.
[2] Veye! Fòtifye rès ki prèt pou mouri yo! Paske, travay w ap fè yo, mwen pa jwenn yo total devan Bondye m nan.
[3] Donk, sonje kòman ou te resevwa sa w genyen an epi kòman ou te tande l. Kenbe l, epi repanti. Donk, si ou p ap veye, m ap vini tankou yon vòlè: Ou p ap konnen kilè m ap vin sou ou.
[4] Men, ou genyen kèk non moun nan Sad ki pa t sal rad yo. Y ap mache ansanm avè m ak rad blan, paske yo merite sa.
[5] Moun ki gen laviktwa, y ap mete rad blan sou yo. Mwen p ap janm efase non yo nan Liv Lavi a. M ap deklare non yo devan Papa m ak devan zanj li yo.
[6] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo.
[7] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Filadèlfi a konsa: Sila ki sen an; sila ki vre a; Sila ki gen kle David la; Sila lè l ouvri, pèsonn pa ka fèmen, E lè l fèmen, pèsonn pa ka ouvri a; men sa l di:
[8] Mwen konnen travay w ap fè yo. Gade! M ap ba ou yon pòt tou louvri devan w, yon pòt pèsonn pa kapab fèmen. M ap fè sa, paske pisans ou genyen an piti, epi ou kenbe pawòl mwen an, epi ou pa t nye non mwen.
[9] Gade! M ap ba ou kèk moun nan sinagòg Satan an ki rele tèt yo Juif, alòske yo pa Juif vre, se manti y ap bay. Gade! M ap fè dekwa pou yo vini, pou yo koube devan pye w, pou yo ka konnen, mwen te renmen w.
[10] Poutèt ou kenbe pawòl la pou w andire pou mwen, mwen menm tou, m ap kenbe w lwen moman eprèv ki pral vini sou lemonn antye a, eprèv k ap teste moun ki abite sou latè yo.
[11] M ap vini talè konsa. Kenbe sa w genyen an fèm, dekwa pou pèsonn pa pran kouwòn ou an.
[12] Moun ki gen laviktwa, m ap fè yo tounen poto nan tanp Bondye m nan, epi yo p ap janm soti ankò. Epi, ni non Bondye m nan, ni non vil Bondye m nan, ki se nouvo Jerizalèm k ap desann sot nan syèl la kote Bondye m nan, ni nouvo non m nan, m ap ekri yo tout sou yo.
[13] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo.
[14] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Lawodise a konsa: Sila ki se Amèn nan; sila ki se temwen ki fidèl epi ki vre a; sila ki se chèf kreyasyon Bondye a, men sa l di:
[15] Mwen konnen travay w ap fè yo, mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta renmen swa w frèt, swa w cho.
[16] Ebyen, kòm se tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m apral vomi w sot nan bouch mwen.
[17] W ap di: «Mwen rich. Mwen fè tèt mwen rich. Mwen pa gen okenn nesesite.» Ou pa menm konnen ou nan mizè, ou merite pitye, ou pòv, ou avèg, ou toutouni.
[18] Poutèt sa, m ap ba ou yon konsèy: Achte lò nan men m, lò yo teste nan dife, dekwa pou w ka rich. Achte rad blan nan men m pou w abiye, epi wont ou an, toutouni w lan ap disparèt. Achte pomad je nan men m pou w fwote je w, dekwa pou w ka wè.
[19] Mwen menm, mwen reprimande tout moun mwen renmen, mwen korije yo. Donk, se pou w devwe! Se pou w repanti!
[20] Gade! Mwen kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun ta tande vwa m epi li ta ouvè pòt la, m ap antre kote l, m ap manje avè l, l ap manje avè m.
[21] Moun ki gen laviktwa, m ap ba yo dwa chita avè m sou twòn mwen an, menm jan, mwen menm, lè m te gen laviktwa a, mwen te chita avèk Papa m sou twòn li an.
[22] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo.