Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat sila ki te chita sou twòn nan. Liv la te ekri ni sou andedan l, ni sou deyò l. Epi, te gen sèt sele poze sou li.

[2] Epi, mwen wè yon zanj ki te gen anpil fòs. Li anonse yon bagay ak yon vwa byen fò. Li di: Kilès ki merite pou l ta ouvri liv la epi pou l ta kase sele ki sou li yo?

[3] Men, ni nan syèl la, ni sou latè, ni anba latè, pa t gen pèsonn ki te kapab ni ouvri liv la, ni gade l.

[4] Alò, mwen t ap kriye anpil dèske yo pa t jwenn pèsonn ki te merite pou l ta ni ouvri liv la, ni gade l.

[5] Epi, youn nan ansyen yo di mwen: Pa kriye. Gade! Sila ki se lyon ki sot nan tribi Jida a, sila ki se rasin David la, li te gen laviktwa ki fè l gen dwa pou li ouvri liv la epi pou li kase sèt sele ki sou li yo.

[6] Epi, nan mitan twòn nan ak kat kreyati vivan yo, nan mitan vennkat ansyen yo, mwen wè yon Ti Mouton kanpe, kòmsi yo te deja tiye l. Li te gen sèt kòn ak sèt je, ki se sèt Lespri Bondye voye toupatou sou latè yo.

[7] Li vini. Li pran liv la nan men dwat sila ki chita sou twòn nan.

[8] Lè Ti Mouton an resevwa liv la, kat kreyati vivan yo ak vennkat ansyen yo koube devan li. Yo chak te genyen yon hap ak bòl plen pafen nan men yo. Pafen yo se priyè sen yo.

[9] Yo t ap chante yon nouvo chante. Yo t ap di: Ou merite pou w resevwa liv la, Epi pou w kase sele yo. Paske, yo te tiye w, Epi ou te achte nou pou Bondye ak san ou, Nou menm ki sot nan tout tribi, tout lang, tout pèp, tout nasyon.

[10] Epi ankò, ou te fè nou vin wa ak sakrifikatè pou Bondye nou an. E nou va domine sou latè.

[11] Mwen gade toujou, epi mwen tande vwa anpil zanj. Yo te toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. Yo te yon kantite ki ta milyon fwa milyon, mil fwa mil.

[12] Yo t ap di ak yon vwa byen fò: Ti Mouton yo te tiye a Merite pou l resevwa pisans, richès, sajès, fòs, onè, glwa ak lwanj.

[13] Epi, mwen tande tout kreyati ki nan syèl, sou latè, anba latè ak sou lanmè, ansanm ak tout sa ki ladan yo ap di: Lwanj, onè, glwa, fòs Pou sila ki chita sou twòn nan Epi pou Ti Mouton an, Pou le tan e letènite. Amèn!

[14] Epi, kat kreyati vivan yo di: «Amèn!» Epi, yo koube, yo adore.

Apokalips — Chapters