[1] Apre sa, mwen wè yon nouvo syèl ak yon nouvo tè. Paske, premye syèl la ak premye tè a disparèt. E, lanmè a pa t la ankò.
[2] Epi, mwen wè vil sent lan, nouvo Jerizalèm nan, ap desann sot kote Bondye nan syèl la. Li te prepare tèt li tankou yon lamarye ki byen abiye pou mesye marye li.
[3] Epi, mwen tande yon vwa byen fò nan syèl la ki di: Gade! Tabènak Bondye a pami lèzòm kounye a. L ap abite pami yo. Y ap vin pèp li. Epi, Bondye, li menm, ap avèk yo.
[4] L ap siye tout dlo nan je yo. Epi, p ap gen ni lanmò, ni dèy, ni kriye, ni doulè ankò. Paske, premye jan bagay yo te ye a ap disparèt.
[5] Epi, sila ki chita sou twòn nan di: Gade! Mwen fè tout bagay vin nouvo. Epi, li di: Ekri sa, paske pawòl sa yo se fidelite ak verite yo ye!
[6] Epi, li di mwen: Se fini! Se mwen ki Alfa ak Omega a. Se mwen ki Kòmansman an ak Lafen an. Moun ki swaf, m ap ba yo dlo gratis nan sous dlo lavi a.
[7] E, moun ki gen laviktwa, y ap eritye bagay sa yo. M ap Bondye yo, epi, yo menm, y ap pitit mwen.
[8] Men, kanta pou moun lach yo, moun ki pa kwè yo, pechè yo, moun k ap komèt abominasyon yo, asasen yo, moun imoral yo, moun k ap fè maji yo, moun k ap sèvi zidòl yo, epi tout moun k ap bay manti yo, pòsyon pa yo se nan letan k ap boule dife ak souf la li ye. Se sa ki dezyèm lanmò a.
[9] Apre sa, youn nan sèt zanj ki te genyen sèt bòl plen ak sèt dènye kalamite yo nan men yo a vini. Li pale avèk mwen, li di: Vini m montre w lamarye a, madanm Ti Mouton an.
[10] Epi, li pote m ann espri al sou yon gwo mòn byen wo. Epi, li montre m vil sent lan, Jerizalèm, ki t ap desann sot kote Bondye nan syèl la.
[11] Vil la te genyen glwa Bondye ladan l. Li te klere menm jan ak yon wòch ki gen valè, tankou yon wòch jasp ki klere kon kristal.
[12] Li te genyen yon gwo miray byen wo. Epi, li te genyen douz pòtay avèk douz zanj sou yo antou. Te genyen non ki ekri sou pòtay yo, se te non douz tribi desandan Izrayèl yo.
[13] Fasad Lès la te genyen twa pòtay. Fasad Nò a te genyen twa pòtay. Fasad Sid la te genyen twa pòtay. Epi, fasad Lwès la te genyen twa pòtay.
[14] Miray vil la te genyen douz fondasyon. Epi, douz non apot Ti Mouton yo te ekri sou yo.
[15] Zanj ki t ap pale avèk mwen an te genyen yon mezi nan men l. Se te yon wozo ann ò. Konsa, li t apral mezire vil la ansanm avèk pòtay li yo ak miray li yo.
[16] Vil la te layite sou yon fòm kare. Longè l te egal ak lajè l. Zanj lan mezire vil la avèk wozo a. Mezi a te douzmil (12 000) estad. Ni longè l, ni lajè l, ni wotè l te egal menm bagay.
[17] Epi, li mezire miray la. Li te sankarannkat (144) koude, fason moun mezire, epi fason zanj lan mezire tou.
[18] Miray vil la te bati an jasp. Vil la, li menm, te ann ò, yon lò pwòp ki sanble ak yon vit byen pwòp.
[19] Fondasyon miray vil la te dekore ak tout kalite wòch ki gen valè. Premye fondasyon an te an jasp. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an kalsedwàn. Katriyèm nan te an emwod.
[20] Senkyèm nan te an sadonis. Sizyèm nan te an sadwàn. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan te an krizopaz. Onzyèm nan te an yasent. Epi, douzyèm nan te ann ametis.
[21] Douz pòtay yo menm te douz pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Epi, plas vil la te ann ò, yon lò pwòp tankou yon vit ki klè.
[22] Mwen pa t wè okenn tanp nan vil la. Paske, se Senyè Bondye Toupisan an ansanm avèk Ti Mouton an ki te tanp li.
[23] Epi, vil la pa t bezwen ni solèy ni lalin pou klere l. Paske, glwa Bondye te klere l, epi Ti Mouton an te lanp li.
[24] Nasyon yo ap mache grasa limyè, li klere a. Wa sou latè ap pote glwa ak onè nasyon yo ladan l.
[25] Epi, pòtay li yo p ap janm fèmen lajounen, paske la, p ap gen lannuit.
[26] Epi, y ap pote glwa ak onè nasyon yo ladan l.
[27] Ni bagay sal, ni moun k ap fè abominasyon, ni moun k ap bay manti, yo youn p ap janm antre nan vil la. Se sèl moun ki gen non yo ekri nan Liv Lavi Ti Mouton an sèlman k ap antre.