[1] Apre bagay sa yo, se tankou se te yon vwa byen fò mwen tande nan syèl la, yon vwa tankou vwa yon gwo foul ki t ap di: Alelouya! Delivrans, pisans ak glwa pou Bondye nou an!
[2] Paske, jijman li yo se verite ak jistis yo ye. Paske, li jije gwo pwostitiye la, Sa ki t ap kòwonpi latè avèk imoralite li yo; Epi, Bondye nou an tire revanj sou li, poutèt san sèvitè Bondye yo, men l te fè koule a.
[3] Yon dezyèm fwa ankò, yo di: Alelouya! Lafimen li fè a ap kontinye monte pou le tan e letènite!
[4] Epi, vennkat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo koube devan Bondye ki chita sou twòn nan, yo adore li, yo di: Amèn! Alelouya!
[5] Epi, yon vwa ki sot nan twòn nan di: Nou tout ki sèvitè Bondye nou an epi ki gen krentif pou li, kit nou piti, ki nou gran, se pou nou fè lwanj Bondye nou an!
[6] Epi, mwen tande yon bagay tankou vwa yon gwo foul, tankou bri gwo dlo, epi tankou bri gwo kout loraj. Yo t ap di: Alelouya! Paske, Senyè Bondye Toupisan an tabli wayòm li a.
[7] Annou kontan! Annou rejwi! Annou ba li glwa! Paske, maryaj Ti Mouton an rive. Epi, fiyanse li prepare tèt li pou sa.
[8] Epi, yo bay fiyanse a dwa abiye ak yon twal len ki klere epi ki pwòp. (Paske, twal len an se zèv jis, sen yo fè.)
[9] Epi, li di mwen: Ekri: «Benediksyon pou moun, yo rele vin nan resepsyon maryaj Ti Mouton an!» Epi, li di mwen: Sa yo se vre pawòl Bondye, yo ye!
[10] Epi, mwen koube nan pye li pou mwen adore li. Men, li di mwen: Pa fè sa! Se sèvitè mwen ye, menm jan avèk ou, menm jan avèk frè ou yo ki genyen temwayaj Jezi a. Se Bondye pou w adore. Paske, temwayaj Jezi a se lespri pwofesi.
[11] Apre sa, mwen wè syèl la ouvè. Epi, twouve, se yon chwal blan ki parèt. Sila ki te monte l la te rele Fidelite ak Verite. Li jije ak jistis. Li fè lagè ak jistis.
[12] Men, je li te tankou flanm dife. Te genyen anpil kouwòn sou tèt li. Li te genyen yon non ki ekri. Men, pèsonn pa konnen l, eskepte li menm.
[13] Li te abiye ak yon rad ki te tranpe nan san. Non li se Pawòl Bondye a.
[14] Lame nan syèl la t ap suiv li sou chwal blan. Yo te abiye ak twal byen blan, byen pwòp.
[15] Yon epe de bò byen file te lonje soti nan bouch li, dekwa pou li te ka frape nasyon yo. Epi, l ap gouvène yo ak yon baton an fè. Epi, li kraze rezen nan basen pou bay diven ki se raj kòlè Bondye Toupisan an.
[16] Li te genyen yon non ki ekri sou rad li ak sou kuis li. Se te: WA TOUT WA! SENYÈ TOUT SENYÈ!
[17] Apre sa, mwen wè yon zanj ki kanpe sou solèy la. Li rele ak yon vwa byen fò. Li di tout zwazo k ap vole nan mitan syèl la: Vini! Rasanble ansanm nan gran resepsyon Bondye a
[18] pou nou manje chè wa yo, chè chèf militè yo, chè vanyan gason yo, chè chwal ansanm ak chè moun ki monte chwal yo, chè tout moun, ni moun lib ni moun ki esklav, ni piti ni gran.
[19] Apre sa, mwen wè bèt la, wa ki sou latè yo, ansanm ak lame yo rasanble pou yo fè lagè avèk sila ki chita sou chwal la epi avèk lame pa l la.
[20] Epi, yo arete ni bèt la ni fo pwofèt la. Se li ki te konn fè mirak siy devan bèt la. E, nan konsa, li te konn twonpe moun ki te resevwa mak Bèt la epi ki te konn adore estati l la. Yo lage tou de, tou vivan, nan letan dife k ap boule ak souf la.
[21] Rès lòt yo menm, epe ki lonje soti nan bouch sila ki monte chwal la, se li ki tiye yo. Epi, tout zwazo yo plen vant yo avèk chè moun sa yo.