[1] Ekri zanj legliz ki nan Efèz la konsa: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, sila a k ap mache nan mitan sèt chandelye ann ò yo, men sa l di:
[2] Mwen konnen travay w ap fè yo, jan w ap redi epi ki andirans ou genyen. Mwen konnen ou pa kapab sipòte move moun. Ou teste moun ki rele tèt yo apot epi ki pa apot vre yo. E ou jwenn se mantè yo ye.
[3] Ou gen andirans. Ou sipòte anpil poutèt non mwen, san w pa febli.
[4] Men, mwen gen kichòy kont ou, sèke ou kite premye lamou w te genyen an.
[5] Donk, sonje ki kote w sot tonbe, epi repanti, fè menm premye travay yo ankò. Osinon, m ap vini talè konsa. Epi, si w pa repanti, m ap deplase chandelye w la nan plas li.
[6] Men, gen yon bagay ou genyen, sèke ou rayi travay Nikolayis yo ap fè yo. E mwen rayi travay sa yo tou.
[7] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo. Moun ki gen laviktwa, m ap ba yo manje nan pyebwa lavi ki nan paradi Bondye m nan.
[8] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Esmin nan konsa: Sila ki ni Premye ni Dènye a, sila ki te mouri epi ki retounen viv la, men sa l di:
[9] Mwen konnen travay w ap fè yo, tribilasyon w ap pase a, epi jan ou pòv, alòske ou rich. Mwen konnen jan moun ki rele tèt yo Juif yo ap pale w mal. Epoutan, yo pa Juif vre. Se yon sinagòg Satan yo ye.
[10] Pa pè anyen nan sa w pral soufri yo. Gade! Djab la pral voye kèk nan nou nan prizon. Konsa, se va yon eprèv pou nou. Nou va sibi dis jou tribilasyon. Rete fidèl, menm si w dwe mouri. Epi, m ap ba ou kouwòn lavi a.
[11] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo. Moun ki gen laviktwa, yo p ap janm sibi dezyèm lanmò a.
[12] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Pègam nan konsa: Sila ki gen epe de bò byen file a, men sa l di:
[13] Mwen konnen travay w ap fè yo, mwen konnen ki kote ou rete. Se la twòn Satan ye. E ou kenbe non mwen. Ou pa t nye lafwa ou genyen nan mwen an, menm nan jou Antipas yo. Temwen fidèl mwen sa a, yo te tiye l nan mitan nou, kote Satan abite.
[14] Men, mwen gen kèk bagay kont ou, sèke ou genyen moun kote w la k ap obsève ansèyman Balaam nan. Li te anseye Balak kòman pou l mete yon pyè d achopman devan desandan Izrayèl yo, pou fè yo manje bagay yo sakrifye bay zidòl epi pou fè yo tonbe nan imoralite.
[15] Menm jan an tou, ou menm tou, ou genyen moun k ap obsève ansèyman Nikolayis yo nan menm fason an.
[16] Donk, repanti! Osinon, m ap vini talè konsa. Epi, m ap fè lagè kont yo avèk epe ki nan bouch mwen an.
[17] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo. Moun ki gen laviktwa, m ap ba yo lamàn ki kache a. Epi, m ap ba yo yon galèt blanch ansanm ak yon nouvo non ki ekri sou galèt la, yon non pèsonn pa konnen, eskepte moun ki resevwa l la.
[18] Kounye a, ekri zanj legliz ki nan Tiyati a konsa: Pitit Bondye a, sila ki genyen je l ki tankou flanm dife a, sila ki genyen pye l ki sanble ak bwonz lan, men sa l di:
[19] Mwen konnen travay w ap fè yo, lamou ak lafwa ou genyen, sèvis w ap rann epi andirans ou genyen. Mwen konnen dènye travay ou fè yo pi plis pase premye yo.
[20] Men, mwen gen kichòy kont ou, sèke dam Jezabèl sa a ki rele tèt li pwofetès la, ou kite l ap ni anseye sèvitè m, ni twonpe yo pou yo tonbe nan imoralite epi pou yo manje bagay yo sakrifye bay zidòl.
[21] Mwen ba l tan pou l repanti, men, li pa vle repanti anba imoralite l la.
[22] Gade! M ap lage l sou yon kabann maladi. Epi, si moun k ap fè adiltè avè l yo pa repanti anba travay li yo, m ap lage yo nan yon gwo tribilasyon.
[23] Pou pitit li yo menm, m ap tiye yo frèt. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se sila a ki egzamine ren moun ak kè moun. E m ap bay chak moun sa travay yo merite.
[24] Men, nou menm lòt yo ki nan legliz Tiyati a, nou tout ki pa kenbe ansèyman l lan, nou menm, kòmkidire, ki pa konnen bagay ki nan pwofondè kè Satan yo, m ap di nou yon bagay: Mwen p ap lage okenn lòt fado sou nou.
[25] Sèlman, sa nou genyen an, kenbe l jiskaske mwen vini.
[26] Epi, moun ki gen laviktwa epi ki kenbe travay mwen fè a jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo.
[27] Epi, l ap gouvène yo ak yon baton an fè, tankou lè yo kase yon veso ann ajil.
[28] Mwen te resevwa menm otorite sa a nan men Papa m tou. Konsa tou, m ap bay moun sa a etwal di maten an.
[29] Moun ki gen zòrèy pou tande, tande sa Lespri a ap di legliz yo.