Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre sa, mwen gade. Epi, twouve, se Ti Mouton an ki kanpe sou Mòn Siyon. San karannkat mil (144 000) moun te avèk li. Yo te genyen ni non pa li, ni non Papa li ekri sou fwon yo.

[2] Epi, mwen tande yon vwa nan syèl la, tankou bri gwo dlo, tankou bri gwo kout loraj. Bri mwen te tande a te tankou jwè hap k ap jwe hap yo.

[3] Yo t ap chante yon nouvo chante devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo, ak devan ansyen yo. Pèsonn pa t kapab aprann chante a, eskepte san karannkat mil moun, yo te rachte sot sou latè yo.

[4] Yo se moun ki pa t sal tèt yo avèk fi, paske yo vyèj. Yo se moun ki suiv Ti Mouton an tout kote l prale. Yo se moun, yo te rachte pami lèzòm tankou yon premye rekòt pou Bondye ak pou Ti Mouton an.

[5] Yo pa janm jwenn yon manti sot nan bouch yo, paske yo san defo.

[6] Apre sa, mwen wè yon zanj k ap vole nan mitan syèl la. Li te genyen yon levanjil etènèl nan men l, pou l anonse l bay moun ki abite sou latè yo, moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp.

[7] Li di ak yon vwa byen fò: Se pou nou gen krentif pou Bondye! Se pou nou ba li glwa! Paske, lè jijman l lan rive. Se pou nou adore li. Se li ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak sous dlo yo.

[8] Epi, yon lòt zanj, sa vle di yon dezyèm, suiv li. Li di: Li tonbe! Li tonbe! Babilòn, gwo vil la, tonbe! Li te fè tout nasyon yo bwè diven ki se raj imoralite l la.

[9] Epi, yon lòt zanj, sa vle di yon twazyèm, suiv de lòt yo. Li di ak yon vwa byen fò: Si yon moun adore bèt la ak estati l la, si li resevwa mak la sou fwon li oubyen sou men li,

[10] ebyen, moun sa a ap bwè diven ki se raj Bondye a, diven yo vide san dekoupe nan gode kòlè Bondye a. Epi, moun sa a ap sibi touman nan dife ak nan souf, devan zanj ki sen yo ak devan Ti Mouton an.

[11] Moun ki adore bèt la ak estati li a, epi nenpòt moun ki resevwa mak non l lan, lafimen ki sot nan touman yo a ap monte pou le tan e letènite. Yo p ap janm poze, ni lajounen ni lannuit.

[12] Se sa ki andirans sen yo! Se moun k ap kenbe kòmandman Bondye yo ak lafwa nan Jezi a.

[13] Apre sa, mwen tande yon vwa ki sot nan syèl la di: Ekri: «Apati jodi a, benediksyon pou mò ki mouri nan Senyè a!» Lespri a di: Se vre! Konsa, y ap sispann trimen. Men, travay yo te fè yo ap suiv yo!

[14] Apre sa, mwen gade. Epi, twouve, se te yon nyaj blanch. Epi, yon moun ki sanble ak yon Pitit Lòm te chita sou nyaj la. Li te genyen yon kouwòn ann ò sou tèt li ak yon sèpèt file nan men l.

[15] Apre sa, yon lòt zanj soti nan tanp lan. Li rele ak yon vwa byen fò. Li di sila ki te chita sou nyaj la: Balanse sèpèt ou a pou w rekòlte. Paske, lè rekòt la rive. Epitou, rekòt la mi sou latè.

[16] Epi, sila ki te chita sou nyaj la balanse sèpèt li a sou latè, li rekòlte rekòt latè a.

[17] Apre sa, yon lòt zanj soti nan tanp ki nan syèl la. Li te genyen yon sèpèt file nan men l tou.

[18] Epi, yon lòt zanj soti nan lotèl la. Li te genyen pouvwa sou dife. Li rele byen fò, li di zanj ki te genyen sèpèt file a: Balanse sèpèt file w la, keyi grap rezen latè yo. Paske, rezen l yo mi.

[19] Epi, zanj lan balanse sèpèt li a sou latè, li keyi rezen latè yo, epi, li voye yo nan gwo basen pou kraze rezen an, ki se raj Bondye.

[20] Yo kraze sa k nan basen an deyò vil la. Epi, san sot nan basen an, rive jis nan brid ki nan bouch chwal yo, sou distans milsissan (1 600) estad konsa.

Apokalips — Chapters