[1] Mwen gade, epi, lè Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo, mwen tande youn nan kat kreyati vivan yo di ak yon vwa tankou yon kout loraj: «Vin wè!»
[2] Mwen gade, epi, twouve, se yon chwal blan ki parèt. Moun ki te monte l la te genyen yon banza nan men l. Yo ba li yon kouwòn. Epi, li soti tankou yon moun ki gen laviktwa epi ki soti pou l gen laviktwa.
[3] Epi, lè Ti Mouton an kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: «Vin wè!»
[4] Epi, yon lòt chwal soti. Li te wouj. Yo bay moun ki te monte l la dwa wete lapè sou latè, dekwa pou moun yo ka tiye youn lòt. Epi, yo ba li yon gwo epe.
[5] Epi, lè Ti Mouton an kase twazyèm sele a, mwen tande twazyèm kreyati vivan an di: «Vin wè!» Mwen gade, epi, twouve, se yon chwal nwa ki parèt! Moun ki te monte l la te genyen yon balans nan men l.
[6] Epi, mwen tande yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki di: Yon mezi ble pou yon denye! Twa mezi lòj pou yon denye. Men, pa fè ni luil, ni diven anyen mal.
[7] Epi, lè Ti Mouton an kase katriyèm sele a, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: «Vin wè!»
[8] Mwen gade, epi, twouve, se te yon chwal yon koulè vèt pal ki parèt. Non moun ki te monte l la se te «Lanmò.» Epi, peyi-mò t ap suiv li dèyè. Yo ba li pouvwa sou yon ka latè pou l tiye lèzòm ak epe ak grangou ak lanmò, epi anba bèt sovaj ki sou latè.
[9] Epi, lè Ti Mouton an kase senkyèm sele a, mwen gade sou lotèl la, mwen wè nanm moun yo te tiye akòz pawòl Bondye a epi akòz temwayaj yo te genyen an.
[10] Epi, yo t ap rele ak yon vwa byen fò, yo t ap di: Mèt Souvren, ou menm ki sen epi ki vre, pou jis kilè w ap rete san w pa jije, san w pa tire vanjans, sou moun ki abite sou latè yo, poutèt san nou ki te koule a?
[11] Epi, yo bay yo chak yon wòb blanch. Epi, yo di yo pou yo rete poze yon ti moman jiskaske kantite pou yo ye a vin okonplè avèk sèvitè parèy yo epi avèk frè yo, moun yo pral tiye menm jan avèk yo.
[12] Mwen gade, epi, lè Ti Mouton an kase sizyèm sele a, vin genyen yon gwo tranblemanntè. Solèy la vin tou nwa tankou yon sak plim bèt. Lalin nan ann antye vin tankou san.
[13] Zetwal nan syèl la sot tonbe sou latè, tankou lè yon gwo van souke yon pye figfrans epi figfrans li yo sot tonbe tou wòwòt.
[14] Syèl la pati tankou yon liv y ap woule. Epi, tout mòn, tout zile deplase soti nan plas yo.
[15] Epi, wa ki sou latè, potanta yo, chèf militè yo, moun rich yo, otorite yo, tout esklav ak tout moun lib yo, yo tout al kache nan gwòt, nan wòch sou mòn.
[16] Yo di mòn yo ak wòch yo: Tonbe sou nou. Sere nou lwen figi sila ki chita sou twòn nan epi lwen kòlè Ti Mouton an.
[17] Paske, gran jou kòlè li a rive, kilès ki kapab kanpe devan l?