[1] Apre sa, youn nan sèt zanj ki te genyen sèt bòl yo nan men yo a vini. Li pale avèk mwen, li di: Vin isit la. M apral montre w kijan y ap jije gwo pwostitiye ki chita sou gwo dlo a.
[2] Se avèk li, wa sou latè fè imoralite. Moun ki abite sou latè vin sou anba diven imoralite l la.
[3] Apre sa, li pote m ann espri al nan yon dezè. Epi, mwen wè yon dam ki chita sou yon bèt wouj fonse ki plen ak non ki pale Bondye mal. Bèt la te genyen sèt tèt ak dis kòn.
[4] Dam nan te abiye avèk twal wouj fonse ak twal wouj vyolèt. Li te kouvri avèk lò, avèk wòch ki gen valè, epi avèk wòch pèl. Li te genyen yon gode nan men li. Gode a te plen ak abominasyon ak salte li fè sou latè nan imoralite l la.
[5] Epi, te genyen yon non ki ekri sou fwon li. Se te: MISTÈ GRAN VIL BABILÒN MANMAN TOUT JENÈS MANMAN ABOMINASYON KI SOU LATÈ!
[6] Apre sa, mwen wè dam nan sou ak san sen yo ak san temwen Jezi yo. Alò, lè m wè li, mwen fè yon gwo sezisman.
[7] Men, zanj lan di mwen: Poukisa w sezi a? Mwen pral di ou mistè dam nan ak mistè bèt k ap pote l la, bèt ki genyen sèt tèt ak dis kòn nan.
[8] Bèt ou wè a, li te la, li pa la kounye a, men, li pral monte soti nan labim, epi l apral peri. Lè sa a, moun ki abite sou latè yo, moun non yo pa t ekri nan Liv Lavi a depi Bondye te kreye lemonn nan, moun sa yo ap sezi lè yo wè bèt la, paske li te la, li pa la kounye a, epi l ap reparèt.
[9] La a, fòk lespri yon moun gen sajès. Sèt tèt yo se sèt mòn. Se sou yo dam nan chita.
[10] Yo se sèt wa tou. Senk tonbe. Youn la. Lòt la poko vini. Men, lè l vini, fòk se pou yon ti tan li rete.
[11] Bèt ki te la epi ki pa la kounye a, li menm, li se yon uityèm wa. Se youn nan sèt yo li ye. Epi, l apral peri.
[12] Dis kòn ou wè yo se dis wa yo ye. Yo poko resevwa wayòm, men, yo resevwa pouvwa wa avèk bèt la pou inè d tan.
[13] Yo genyen menm lide. Epi, yo bay bèt la pisans yo ak pouvwa yo.
[14] Yo tout ap fè lagè avèk Ti Mouton an. Men, Ti Mouton an ap gen laviktwa sou yo, paske li se Senyè tout senyè, li se Wa tout wa. E, ni moun li te rele yo, ni moun li te chwazi yo, ni moun ki fidèl yo ap gen laviktwa ansanm avèk li tou.
[15] Apre sa, zanj lan di mwen: Dlo ou wè yo, dlo kote pwostitiye la chita yo, se pèp, se foul, se nasyon, se moun tout lang yo ye.
[16] Epi, ni dis kòn ou wè yo, ni bèt la, yo tout ap rayi pwostitiye la. Y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni, y ap devore chè li, epi y ap kankannen l nan dife.
[17] Paske, Bondye mete nan kè yo pou yo aji daprè lide pa l, pou yo aji daprè menm lide a, epi pou yo fè bèt la wa jiskaske pawòl Bondye yo akonpli.
[18] Dam ou wè a, li menm, li se gran vil la, vil ki wa sou tout wa sou latè a.