[1] Anyen pa dwe toumante kè nou. Kwè nan Bondye, kwè nan mwen tou!
[2] Lakay Papa mwen, genyen anpil chanm. Si se pa t sa, mwen ta di nou. Mwen pral pare yon plas pou nou.
[3] Si mwen ale, epi mwen pare yon plas pou nou, m ap tounen ankò. Epi, mwen va pran nou avèk mwen. Konsa, kote mwen ye, nou va la tou.
[4] Nou konnen kote mwen prale. Nou konnen chemen an tou.
[5] Toma di li: Senyè, nou pa menm konnen kote w prale, kòman pou n ta kapab konnen chemen an?
[6] Jezi di li: Mwen se chemen an, mwen se verite a, mwen se lavi a. Pèsonn pa ka ale kote Papa a, si li pa pase pa mwen menm.
[7] Si nou te konnen mwen, nou ta konnen Papa mwen tou. E, depi kounye a, nou konnen li. Nou wè li tou.
[8] Filip di li: Senyè, montre nou Papa a. Epi, sa va ase pou nou.
[9] Jezi di li: Depi tan w avèk mwen, Filip, epi ou pa konnen mwen? Yon moun ki wè mwen, li wè Papa a! Kòman w fè di: «Montre nou Papa a!»
[10] Ou kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen, pa vre? Pawòl m ap pale nou yo, se pa daprè mwen menm, m ap pale yo. Men, Papa a ki rete nan mwen, se li menm k ap fè travay yo.
[11] Kwè mwen, paske mwen nan Papa a, e Papa a nan mwen! Osinon, kwè mwen poutèt travay sa yo.
[12] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Moun ki kwè nan mwen an, li va fè travay m ap fè yo. E, li va fè pi gwo travay pase sa yo, paske mwen menm, mwen prale kote Papa a.
[13] Tout sa nou mande nan non mwen, mwen va fè li pou Papa a ka resevwa glwa nan Pitit la.
[14] Si nou mande yon bagay nan non mwen, mwen va fè li.
[15] Si nou renmen mwen, obeyi kòmandman mwen yo.
[16] Epi, mwen menm, mwen va priye Papa a. Li va ban nou yon lòt Avoka ki va rete avèk nou pou letènite: Lespri verite a.
[17] Lemonn pa kapab resevwa li, paske lemonn pa ni wè li ni konnen li. Men, nou menm, nou konnen li. Paske, li rete avèk nou, epi li va nan nou.
[18] Mwen p ap kite nou tankou òfelen. M ap vin jwenn nou.
[19] Nan yon ti moman, lemonn p ap wè mwen ankò. Men, nou menm, nou va wè mwen, paske m ap viv, epi nou menm tou, nou va viv.
[20] Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa a, nou nan mwen, epi, mwen nan nou.
[21] Yon moun ki genyen kòmandman mwen yo epi ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. E, yon moun ki renmen mwen, Papa mwen va renmen l tou. Mwen menm tou, mwen va renmen li. Epi, mwen va fè li wè mwen.
[22] Jida, ki pa Jida Iskaryòt la, di li: Senyè, sa k rive ki fè se pa lemonn, men, se nou menm, ou pral fè wè w la?
[23] Jezi reponn, li di li: Si yon moun renmen mwen, li va obeyi pawòl mwen. Papa mwen va renmen li tou. Nou va vini jwenn li, epi nou va abite avèk li.
[24] Yon moun ki pa renmen mwen, li pa obeyi pawòl mwen. E, pawòl n ap koute a, se pa pawòl mwen, men, se pawòl Papa ki voye m nan.
[25] Pandan mwen la avèk nou, mwen pale bagay sa yo ak nou.
[26] Men, Papa a ap voye Avoka a, Lespri Sen an, nan non mwen. Se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi, li va fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo.
[27] Mwen kite lapè pou nou. Mwen ban nou lapè mwen. Mwen pa ban nou li, menm jan monn nan bay li. Anyen pa dwe ni toumante kè nou ni kraponnen kè nou!
[28] Nou te tande lè mwen te di nou: «Mwen prale epi m ap vin jwenn nou» an. Si nou te renmen mwen, nou ta kontan dèske mwen di: «Mwen prale jwenn Papa a.» Paske, Papa a pi enpòtan pase mwen.
[29] Mwen pale nou kounye a anvan sa rive, se pou lè sa rive, nou ka kwè.
[30] Mwen p ap pale anpil avèk nou ankò. Paske, chèf lemonn nan vini. E, li pa genyen anyen nan mwen.
[31] Okontrè, tou sa se pou lemonn ka konnen, mwen renmen Papa a. Epitou, jan Papa a kòmande mwen, se konsa mwen fè. Leve! Ann ale!