[1] Mwen di nou bagay sa yo pou nou pa chite.
[2] Yo va mete nou deyò nan sinagòg. Yon lè menm va vini, kote nenpòt moun ki tiye nou, li va panse se sèvis Bondye l ap fè.
[3] E, yo va fè bagay sa yo paske yo pa konnen ni Papa a, ni mwen menm.
[4] Mwen di nou bagay sa yo, se pou lè lè a rive, nou ka sonje se mwen menm ki te di nou sa. Men, mwen pa t di nou bagay sa yo depi o kòmansman, paske mwen te la avèk nou.
[5] Twouve, kounye a, mwen prale jwenn moun ki te voye m nan. E, pèsonn nan nou pa mande mwen: «Kote w prale?»
[6] Okontrè, paske mwen di nou bagay sa yo, lapenn plen kè nou!
[7] Men, m ap di nou laverite. Li nan avantaj nou pou mwen ale. Vrèmanvre, si mwen pa ale, Avoka a p ap vini jwenn nou. Men, si mwen ale, m ap voye li pou nou.
[8] E, li menm, lè li vini, li va demontre lemonn, yo koupab nan kesyon peche, nan kesyon jistis ak nan kesyon jijman.
[9] Nan kesyon peche a, se va paske yo pa kwè nan mwen.
[10] Nan kesyon jistis la, se va paske mwen prale jwenn Papa a epi nou p ap wè mwen ankò.
[11] Nan kesyon jijman an, se va paske Bondye deja jije Chèf monn sa a.
[12] Mwen genyen anpil bagay pou mwen di nou toujou. Men, nou pa kapab kenbe yo kounye a.
[13] Men, Lespri verite a, li menm, lè li vini, li va dirije nou nan tout verite a. Vrèmanvre, se pa daprè li menm, li va pale, men, se tout sa li tande, li va pale. Epi, li va anonse nou bagay ki va rive yo.
[14] Se li menm ki va ban mwen glwa. Paske, li va pran nan sa ki pou mwen, epi li va anonse nou li.
[15] Tout sa Papa a genyen se pou mwen. Se poutèt sa, mwen di Lespri verite a va pran nan sa ki pou mwen, epi li va anonse nou li.
[16] Apre yon ti moman, nou p ap wè mwen. Epi, yon ti moman ankò, n ap wè mwen. Paske, mwen prale jwenn Papa a.
[17] Donk, kèk nan disip li yo, youn di lòt: Li di nou: «Apre yon ti moman, nou p ap wè mwen. Epi, yon ti moman ankò, n ap wè mwen.» Li di tou: «Mwen prale jwenn Papa a.» Kisa sa vle di?
[18] Alò, yo di: «Ti moman» li di a, kisa li vle di? Nou pa konnen sa l ap di a.
[19] Donk, Jezi te konnen yo te vle poze li kesyon. Li di yo: Mwen te di: «Apre yon ti moman, nou p ap wè mwen. Epi, yon ti moman ankò, n ap wè mwen.» Èske se sou sa, nou youn ap poze lòt kesyon?
[20] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Nou menm, nou va rele anmwe, nou va kriye, epi lemonn va nan lajwa. Nou va nan lapenn, men, lapenn nou an va tounen lajwa.
[21] Lè yon fi gen tranche, li nan lapenn, paske lè li rive. Men, lè li akouche, li fè timoun nan, li pa sonje tribilasyon an ankò. Paske, li kontan yon moun fèt sou latè.
[22] Donk, nou menm tou, nou gen lapenn kounye a. Men, mwen va wè nou ankò. Epi, kè nou va gen lajwa. E, pèsonn p ap kapab wete lajwa sa a nan kè nou.
[23] Nan jou sa a, nou p ap poze mwen okenn kesyon. Franchman, franchman, m ap di nou sa: Tout sa nou mande Papa a nan non mwen, l ap ban nou li.
[24] Anvan kounye a, nou pa t mande anyen nan non mwen. Mande, epi n ap resevwa. Konsa, lajwa nou va total.
[25] Mwen di nou bagay sa yo an pwovèb. Men, yon lè ap vini, lè sa a, mwen p ap pale ak nou an pwovèb ankò. Okontrè, se aklè mwen va anonse nou bagay sou Papa a.
[26] Nan jou sa a, nou va mande nan non mwen. E, mwen pa di se mwen menm ki va mande Papa a pou nou.
[27] Vrèmanvre, Papa a, li menm, li renmen nou, paske nou menm, nou renmen mwen. Epitou, nou kwè se kote Bondye, mwen soti.
[28] Mwen soti kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn. M ap kite lemonn, epi m aprale kote Papa a ankò.
[29] Disip li yo di li: Gade! Kounye a, w ap pale aklè. Ou pa pale an pwovèb.
[30] Se kounye a nou konnen, ou konnen tout bagay, epi ou pa bezwen pèsonn poze ou kesyon. Konsa, nou kwè se kote Bondye ou soti.
[31] Jezi reponn yo, li di: Se kounye a nou kwè?
[32] Gade! Gen yon lè k ap vini, kounye a menm, li deja rive, lè nou chak ap gaye kote pa nou, epi n ap kite mwen sèl. Men, mwen pa tou sèl. Paske, Papa a avèk mwen.
[33] Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka genyen lapè nan mwen. Nou va jwenn anpil tribilasyon nan lemonn. Men, pran kouraj. Mwen deja gen laviktwa sou lemonn.