Skip to content
Opens in a new window

[1] Farizyen yo tande Jezi t ap fè plis disip pase Jan, epi li t ap batize plis moun pase l.

[2] Alò, se pa t Jezi, li menm, ki t ap batize moun yo vre, men, se te disip li yo.

[3] Donk, lè Senyè a konnen sa, li kite Jide, l ale Galile.

[4] Men, fòk li te pase nan Samari.

[5] Donk, li rive nan yon vil Samari yo rele Sika. Se te tou pre tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan.

[6] Se la tou, sous Jakòb la te ye. Vwayaj la te fatige Jezi. Alò, li tou chita bò sous la. Se te sizyèm è konsa.

[7] Yon dam ki moun Samari vin tire dlo. Jezi di li: Ban mwen bwè enpe!

[8] Sa rive, paske disip li yo te al achte manje nan vil la.

[9] Alò, dam ki moun Samari a di li: Ou menm, ou se Juif. Kòman fè se mwen menm ki yon moun Samari, w ap mande dlo pou w bwè? Vrèmanvre, Juif pa gen rapò avèk Samariten.

[10] Jezi reponn, li di li: Si ou te konnen kado Bondye bay la epi ki moun k ap di ou ba li dlo pou l bwè a, se ou menm ki ta mande l. Lè sa a, li t ap ba ou dlo lavi a.

[11] Dam nan di Jezi: Mesye, menm yon bokit ou pa genyen, epitou, pi a fon. Alò, kibò ou gen dlo lavi sa a?

[12] Papa nou Jakòb te ban nou pi a. Ni li menm, ni pitit gason li yo, ni bèt li yo te bwè ladan l. Ou pa pi enpòtan pase l, pa vre?

[13] Jezi reponn, li di li: Tout moun ki bwè dlo sa a, yo va swaf ankò.

[14] Men, moun ki bwè nan dlo, mwen menm, mwen va ba yo a, yo p ap janm swaf ditou. Okontrè, dlo mwen va ba yo a va tounen yon sous nan yo k ap ponpe dlo pou lavi etènèl.

[15] Dam nan di Jezi: Mesye, ban mwen nan dlo sa a, non! Konsa, mwen p ap swaf, epi mwen p ap vin tire dlo isit la, nonplis.

[16] Jezi di li: Ale lakay ou, rele mari w, epi tounen isit la ankò.

[17] Dam nan reponn, li di: Mwen pa gen mari. Jezi di li: Ou byen fèt di ou pa gen mari.

[18] Paske, ou pase senk mari deja. Epi, sa w genyen kounye a, se pa mari w. Donk, sa w di a se laverite.

[19] Dam nan di li: Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt.

[20] Zansèt nou yo te adore Bondye sou mòn sa a. E, ou menm ak lòt moun yo, nou di se Jerizalèm ki plas kote moun dwe adore.

[21] Jezi di li: Madanm, kwè mwen: Gen yon lè k ap vini, se p ap ni sou mòn sa a, ni Jerizalèm, nou va adore Papa a.

[22] Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n ap adore a. Nou menm Juif yo, nou adore sa nou konnen. Paske, delivrans lan se pami Juif yo li soti.

[23] Men, gen yon lè k ap vini, e kounye a se lè a menm, vre moun k ap adore yo, yo va adore Papa a nan lespri ak nan laverite. Paske, se moun konsa, Papa a ap chèche pou adore li.

[24] Bondye se Lespri. Moun k ap adore l yo, fòk yo adore li nan lespri ak nan laverite.

[25] Dam nan di Jezi: Nou konnen Mesi a, sila yo rele Kris la, l ap vini. Lè l vini, li va anonse nou tout bagay.

[26] Jezi di li: Mwen menm k ap pale avèk w la, mwen se Kris la.

[27] Menm lè sa a, disip Jezi yo parèt. Yo te sezi wè l ap pale ak yon fi. Men tou, pèsonn pa t di li ni «Kisa ou vle?» ni «Kisa w ap pale ak li?»

[28] Epi, dam nan kite ja dlo l la. Li kouri al nan vil la.

[29] Epi, li di moun yo: Vin wè yon nonm ki di m tout sa mwen konn fè. Èske se pa li menm ki ta Kris la?

[30] Yo kite vil la pou yo vini kote Jezi.

[31] Men, pandan lè sa a, disip Jezi yo t ap sipliye li, yo t ap di: Rabi, manje, non!

[32] Men, li di yo: Mwen gen manje pou mwen manje. Nou pa konnen anyen sou sa.

[33] Alò, disip yo pale youn ak lòt, yo di: Pèsonn pa pote manje ba li, pa vre?

[34] Jezi di yo: Manje pa mwen se fè volonte moun ki voye m nan ak fini travay li a.

[35] «Kat mwa ankò, epi rekòt la ap vini!» Se sa nou di, pa vre? Ebyen, gade! M ap di nou sa: Leve je nou! Gade jaden yo! Paske, yo deja blanch pou rekòt la.

[36] Moun k ap rekòlte a resevwa salè. L ap rasanble rekòt pou lavi etènèl, dekwa pou ni moun k ap simen, ni moun k ap rekòlte kapab kontan ansanm.

[37] Vrèmanvre, sa pwovèb la di a se verite: Yon moun simen, yon lòt rekòlte.

[38] Mwen te voye nou rekòlte sa nou menm, nou pa t travay di pou yo. Lòt moun te travay di, epi nou menm, nou antre nan rekòt yo.

[39] Men, nan vil sa a, anpil Samariten kwè nan li poutèt pawòl sa a dam nan te temwaye a: Li di mwen tout sa mwen konn fè.

[40] Donk, lè moun Samari yo rive, yo sipliye Jezi pou li te ka rete avèk yo. Epi, li rete la pou de jou.

[41] Konsa, plis moun vin kwè toujou poutèt pwòp pawòl li.

[42] Epi, yo di dam nan: Se pa poutèt sa w te di a, nou kwè ankò. Paske, nou te tande li nou menm. Epi, nou konnen se li menm vre ki Kris la, Sovè lemonn nan.

[43] Men, apre de jou sa yo, li kite kote a, l ale Galile.

[44] Paske, Jezi, li menm, te deklare: Yon pwofèt pa gen onè nan pwòp peyi l.

[45] Donk, lè l ale Galile, moun Galile yo byen resevwa li. Paske, yo menm tou, yo te Jerizalèm nan fèt la. Yo te wè tout sa li te fè nan fèt la.

[46] Epi, Jezi ale Kana nan Galile ankò. Se la li te fè dlo tounen diven an. Te gen yon ofisye wa a ki te gen pitit gason li malad Kapènawòm.

[47] Lè ofisye a tande Jezi te soti Jide vini Galile, li menm, l ale kote Jezi. Li mande l pou l desann al geri pitit gason l lan pou li. Paske, pitit gason an te prèt pou l mouri.

[48] Alò, Jezi di li: Si nou pa wè mirak siy ak mèvèy, nou p ap kwè ditou, pa vre?

[49] Ofisye wa a di li: Senyè, desann non, anvan pitit mwen an mouri.

[50] Jezi di li: Ou mèt ale. Pitit gason w lan ap viv. Nonm nan kwè pawòl Jezi te di l la, l ale.

[51] Men, li te deja ap desann, lè sèvitè li yo kontre ak li. Yo anonse l nouvèl la. Yo di l: Pitit ou a ap viv!

[52] Epi, li mande yo kilè pitit la te refè. Yo di li: Yè, nan setyèm è a, lafyèv la tonbe.

[53] Epi, Papa a rekonèt se nan menm lè sa a Jezi te di li: «Pitit gason w lan ap viv!» Konsa, ni li menm ni tout moun lakay li te kwè.

[54] Sa a te yon mirak siy ankò; se dezyèm Jezi te fè, lè li te soti Jide, vini Galile.

Levanjil Jan an — Chapters