[1] Lè Jezi fin di bagay sa yo, li soti al lòt bò Ravin Sedwon ak disip li yo. Te genyen yon jaden la. Li menm ak disip li yo antre ladan l.
[2] Jida, ki t apral trayi li, te konnen kote a tou, paske Jezi te vin la plizyè fwa ak disip li yo.
[3] Donk, Jida pran yon rejiman ansanm ak polis sakrifikatè prensipal yo ak Farizyen yo. Li ale la avèk tòch, lanp, ak zam.
[4] Alò, Jezi te konnen tout sa ki t apral rive li. Li pwoche, li di yo: Kilès n ap chèche?
[5] Yo reponn li, yo di: Jezi, moun Nazarèt! Jezi di yo: Se mwen menm! Men, Jida, ki t ap trayi li, te kanpe avèk yo tou.
[6] Alò, lè li di yo «Se mwen menm!» yo fè bak. Yo tonbe atè.
[7] Donk, Jezi mande yo ankò: Kilès n ap chèche? Yo di: Jezi, moun Nazarèt!
[8] Jezi reponn, li di: Mwen di nou se mwen menm! Donk, si se mwen n ap chèche, kite sa yo ale.
[9] Tout sa, se dekwa pou pawòl li te di a te ka akonpli. Li te di: Mwen pa pèdi okenn nan moun ou te ban mwen yo.
[10] Alò, Simon Pyè te genyen yon epe. Li rale li, li frape sèvitè sakrifikatè an chèf la, li koupe zòrèy dwat li. Non sèvitè a se te Malkis.
[11] Donk, Jezi di Pyè: Met epe w la nan fouwo li. Papa a ban mwen gode sa a, mwen dwe bwè li, pa vre?
[12] Alò, rejiman an, kòmandan an ansanm ak polis Juif yo arete Jezi. Yo mare li.
[13] Epi, yo mennen li kote Àn an premye. Paske, Àn te bòpè Kayif ki te sakrifikatè an chèf nan ane sa a.
[14] Se Kayif ki te bay Juif yo konsèy sa a: Se nan avantaj nou si yon sèl moun peri pou pèp la.
[15] Simon Pyè ak yon lòt disip te suiv Jezi. Sakrifikatè an chèf la te konnen disip sa a. Li menm, li suiv Jezi andedan lakou sakrifikatè an chèf la.
[16] Men, Pyè, li menm, te kanpe deyò nan baryè a. Donk, lè disip sakrifikatè an chèf la konnen an soti, li pale ak fi ki t ap veye baryè a. Epi, li fè Pyè antre.
[17] Alò, sèvant ki t ap veye baryè a di: Ou menm tou, ou se youn nan disip nonm sa a, pa vre? Pyè di: Se pa mwen menm!
[18] Li te fè frèt. Sèvitè yo ak polis yo te kanpe bò yon dife chabon yo te fè. Yo t ap chofe kò yo. Men, Pyè te kanpe avèk yo, li t ap chofe kò l tou.
[19] Alò, sakrifikatè an chèf la poze Jezi kesyon sou disip li yo ak ansèyman l lan.
[20] Jezi reponn li, li di: Mwen te anseye moun yo an piblik. Se nan sinagòg, nan lakou tanp lan, kote Juif yo rasanble, se la mwen te toujou anseye. Mwen pa t di anyen an sekrè.
[21] Poukisa se mwen menm w ap mande? Mande moun ki t ap koute yo kisa mwen te di yo. Gade! Yo menm, yo konnen kisa mwen te di.
[22] Pandan Jezi ap di bagay sa yo, youn nan polis ki te kanpe kote l yo ba li yon souflèt. Epi, li di: Se konsa ou reponn sakrifikatè an chèf la?
[23] Jezi reponn li, li di: Si mwen mal pale, temwaye kisa ki mal la. Men, si mwen byen pale, poukisa w ap frape m nan?
[24] Àn voye Jezi tou mare bay Kayif, sakrifikatè an chèf la.
[25] Simon Pyè, li menm, te kanpe, li t ap chofe kò l. Donk, yo di li: Ou menm tou, ou se youn nan disip li yo, pa vre? Alò, li nye sa, li di: Se pa mwen menm!
[26] Youn nan sèvitè sakrifikatè an chèf la, youn ki fanmi ak nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di: Se ou menm, mwen te wè avèk li nan jaden an, pa vre?
[27] Alò, Pyè nye sa ankò. Menm lè a tou, kòk chante.
[28] Soti kote Kayif, yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Se te granmaten. Yo pa t antre nan palè a yo menm pou yo pa t sal tèt yo daprè lalwa. Konsa, yo te ka manje manje Pak la.
[29] Donk, Pilat soti al kote yo, li di: Ki plent nou pote kont nonm sa a?
[30] Yo reponn, yo di li: Si li pa t yon malfektè, nou pa ta livre li ba ou.
[31] Apre sa, Pilat di yo: Pran li nou menm, epi jije li daprè lwa nou an. Alò Juif yo di Pilat: Yo pa pèmèt nou tiye pèsonn.
[32] Sa rive dekwa pou pawòl Jezi te di a te ka akonpli, lè li te montre nan ki kalite lanmò li t apral mouri.
[33] Donk, Pilat antre nan palè a ankò. Li rele Jezi, li di li: Èske se ou menm ki wa Juif yo?
[34] Jezi reponn li, li di: Èske w ap di sa daprè ou menm, oubyen, èske se lòt moun ki di w sa sou mwen?
[35] Pilat reponn, li di: Mwen menm, èske mwen se Juif? Se pèp ou a ak sakrifikatè prensipal yo ki livre ou ban mwen. Kisa ou te fè?
[36] Jezi reponn, li di: Wayòm mwen an, se pa nan monn sa a li soti. Si wayòm mwen an te soti nan monn sa a, polis pa mwen ta lite pou yo pa livre mwen bay Juif yo. Men, kounye a, wayòm mwen an pa soti anba isit.
[37] Alò, Pilat di li: Donk, ou se wa? Jezi reponn, li di: Ou menm, ou di mwen se wa! Men poukisa mwen te fèt, men poukisa mwen te vini nan lemonn: se pou mwen te ka temwaye verite a. Tout moun ki moun verite a, yo koute vwa mwen.
[38] Pilat di li: Kisa ki verite a? Lè li fin di sa, li soti al kote Juif yo ankò. Li di yo: Mwen pa jwenn anyen mal nan li.
[39] Men, se koutim nou pou mwen lage yon moun pou nou pandan Pak la. Donk, èske nou ta vle mwen lage wa Juif yo pou nou?
[40] Alò, yo tout pran rele ankò, yo di: Se pa li menm! Okontrè, ban nou Barabas! Alòske, Barabas te yon piyajè.