Skip to content
Opens in a new window

[1] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Si yon moun pa pase nan pòt la pou li antre nan pak mouton yo, si okontrè li monte yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè ak yon piyajè.

[2] Men, moun ki antre nan pòt la, se li ki bèje mouton yo.

[3] Gadyen an ouvè pou li. Epi, mouton yo tande vwa li. Li rele pwòp mouton l yo daprè non yo. Epi, li mennen yo deyò.

[4] Lè li fin fè pwòp mouton l yo soti, li mache devan yo. Epi, mouton yo suiv li, paske yo konnen vwa li.

[5] Yo p ap suiv yon etranje ditou. Okontrè, y ap kouri pou li, paske yo pa konnen vwa etranje.

[6] Jezi di yo pwovèb sa a. Men, yo pa t konnen de kisa li t ap pale yo.

[7] Donk, Jezi di yo ankò: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Se mwen ki pòt mouton yo.

[8] Tout sa ki te vini anvan m yo, se vòlè ak piyajè yo ye. Men, mouton yo pa t koute yo.

[9] Mwen se pòt la. Si yon moun pase nan mwen pou li antre, l ap sove. L ap antre soti. Epi, l ap jwenn patiraj.

[10] Vòlè vini sèlman pou yo vòlè, pou yo tiye, pou yo detui. Mwen menm, mwen vini pou mouton yo ka genyen lavi epi pou yo ka genyen l ann abondans.

[11] Mwen se bon bèje a. Bon bèje a bay lavi l pou mouton yo.

[12] Men, anplwaye a pa bèje a, mouton yo pa pou li. Lè li wè lou a ap vini, li kite mouton yo, li kouri. Epi, lou a rape mouton yo, li gaye yo.

[13] Anplwaye a kouri, paske se anplwaye li ye. Li pa chaje tèt li pou mouton yo.

[14] Mwen menm, mwen se bon bèje a. Mwen konnen sa ki pou mwen yo, epi sa ki pou mwen yo konnen mwen.

[15] Konsa tou, Papa a konnen mwen, e mwen menm, mwen konnen Papa a. Epitou, mwen bay lavi mwen pou mouton yo.

[16] Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk mwen mennen yo. Yo va tande vwa mwen. Epi, va genyen yon sèl twoupo, yon sèl bèje.

[17] Se poutèt sa Papa mwen renmen mwen: Mwen bay lavi mwen, dekwa pou mwen ka pran li ankò.

[18] Pèsonn pa pran li nan men mwen. Okontrè, se mwen menm ki bay li. Mwen genyen pouvwa pou mwen bay li. Mwen genyen pouvwa pou mwen pran li ankò. Se kòmandman sa a, mwen te resevwa nan men Papa mwen.

[19] Donk, te genyen divizyon ankò pami Juif yo poutèt pawòl sa yo.

[20] Anpil nan yo t ap di: Poukisa n ap koute li? Li genyen demon sou li! Li fou!

[21] Lòt moun t ap di: Sa yo se pa pawòl moun ki gen demon sou yo. Yon demon pa kapab ouvri je yon avèg, pa vre?

[22] Fèt Dedikas te rive nan Jerizalèm. Se te ivè.

[23] Jezi t ap mache sou Galeri Salomon an, nan lakou tanp lan.

[24] Epi, Juif yo antoure li, yo di li: Pou jis kilè w ap kenbe kè nou sou biskèt? Si ou se Kris la, di nou sa kareman!

[25] Jezi reponn yo, li di: Mwen di nou, epi nou pa kwè. Travay m ap fè nan non Papa m yo, se yo menm k ap temwaye pou mwen.

[26] Men, menm jan mwen te di nou an, nou menm, nou pa kwè, paske nou pa pami mouton m yo.

[27] Mouton m yo tande vwa mwen. Mwen konnen yo. Epi, yo suiv mwen.

[28] Mwen ba yo lavi etènèl, yo p ap janm peri ditou. E, pèsonn p ap rape yo nan men mwen.

[29] Se Papa mwen ki ban mwen yo. Li pi gran pase tout moun. E, pèsonn pa kapab rape yo nan men Papa mwen.

[30] Mwen menm ak Papa mwen, nou se youn.

[31] Donk, Juif yo ranmase wòch ankò pou yo tiye li.

[32] Jezi reponn yo, li di: Mwen montre nou anpil bon travay ki soti kote Papa a. Pou kilès nan yo nou vle tiye m ak wòch la?

[33] Juif yo reponn li, yo di: Se pa pou yon bon travay n ap tiye w ak wòch. Okontrè, se poutèt ou denigre Bondye. Paske, ou menm ki se yon moun, ou fè tèt ou pase pou Bondye.

[34] Jezi reponn yo, li di: Men sa ki ekri nan lwa nou an: «Mwen di: Nou se Bondye!» Èske se pa vre?

[35] Moun ki resevwa Pawòl Bondye a, li di yo se bondye. E, Lekriti pa kapab defèt.

[36] Si se sa, poukisa, poutèt mwen di: «Mwen se Pitit Bondye,» nou menm, n ap di: «W ap denigre Bondye»? Alòske, mwen se moun Bondye konsakre epi li voye nan lemonn nan.

[37] Si mwen pa fè travay Papa m yo, pa kwè nan mwen.

[38] Men, si mwen fè yo, menm si nou pa ta kwè nan mwen, kwè nan travay yo. Konsa, nou va konnen epi nou va kwè, Papa a nan mwen, epi mwen menm, mwen nan li.

[39] Donk, yo t ap chèche arete l ankò. Men, li chape nan men yo.

[40] L ale lòt bò Jouden an ankò, menm kote Jan te batize moun o kòmansman an. Epi, li rete la.

[41] Anpil moun ale jwenn li, yo di: Jan pa t fè okenn mirak siy. Men, tout sa Jan te di de nonm sa a se laverite!

[42] La a, anpil moun te kwè nan li.

Levanjil Jan an — Chapters