[1] Mwen menm, mwen se vre pye rezen an. Papa mwen se kiltivatè a.
[2] Chak branch nan mwen ki pa donnen fwi, li dekatiye li. Men, chak branch ki donnen fwi, li pwòpte li pou li ka donnen plis fwi.
[3] Grasa pawòl mwen di nou yo, nou menm, nou deja pwòp.
[4] Rete nan mwen, mwen va rete nan nou. Menm jan branch lan pa kapab donnen fwi si li pa rete nan pye rezen an, se konsa nou p ap kapab tou, si nou pa rete nan mwen.
[5] Mwen se pye rezen an. Nou menm, nou se branch yo. Sa ki rete nan mwen an epi mwen rete nan li a, li donnen anpil fwi. Paske, san mwen menm, nou pa kapab fè anyen.
[6] Si yon moun pa rete nan mwen, yo jete li tankou branch lan. Epi, li seche. Yo rasanble branch yo. Yo jete yo nan dife. Epi, yo boule yo.
[7] Si nou rete nan mwen epi pawòl mwen rete nan nou, nou mèt mande sa nou vle. Epi, Bondye ap fè li pou nou.
[8] Lè nou donnen anpil fwi, sa bay Papa mwen glwa. Epitou, nou va vin disip mwen.
[9] Menm jan Papa mwen renmen m nan, se konsa mwen renmen nou tou. Rete nan lamou mwen.
[10] Mwen te obeyi kòmandman Papa m yo, epi mwen rete nan lamou li. Se menm jan an tou, si nou obeyi kòmandman m yo, nou va rete nan lamou mwen.
[11] Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou lajwa mwen ka rete nan nou, epi, pou lajwa nou ka total.
[12] Men kòmandman m nan: Se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an.
[13] Pèsonn pa genyen pi gran lamou pase lè yon moun bay lavi li pou zanmi li.
[14] Nou menm, si nou fè sa mwen kòmande nou yo, nou se zanmi mwen.
[15] Mwen pa rele nou sèvitè ankò. Paske, yon sèvitè pa konnen sa mèt li ap fè. Men, mwen rele nou zanmi. Paske, tout sa mwen tande kote Papa a, mwen fè nou konnen yo!
[16] Se pa nou menm ki te chwazi mwen. Okontrè, se mwen menm ki te chwazi nou epi ki te tabli nou, dekwa pou nou ka ale, pou nou ka donnen fwi, epi pou fwi nou yo ka rete. Konsa, chak sa nou mande Papa a nan non mwen, li va ban nou li.
[17] Mwen kòmande nou bagay sa yo, dekwa pou nou youn ka renmen lòt.
[18] Si lemonn rayi nou, nou dwe konnen, yo te rayi mwen anvan nou.
[19] Si nou te pou lemonn, lemonn ta zanmi sa ki pou li. Men poukisa lemonn rayi nou: Se paske nou pa pou lemonn. Men, se mwen menm ki te chwazi nou nan lemonn.
[20] Sonje pawòl mwen te di nou an: Yon sèvitè pa pi enpòtan pase mèt li. Si yo pèsekite mwen, yo va pèsekite nou tou. Si yo obeyi pawòl mwen, yo va obeyi pawòl nou tou.
[21] Okontrè, yo va fè nou tout bagay sa yo, poutèt non mwen. Paske, yo pa konnen moun ki voye m nan.
[22] Si mwen pa t vini epi mwen pa t pale yo, yo pa ta gen peche. Men, kounye a, yo pa gen eskiz pou peche yo.
[23] Yon moun ki rayi mwen, li rayi Papa m tou.
[24] Mwen fè travay okenn lòt moun pa fè nan mitan yo. Si se pa t sa, yo pa ta gen peche. Men, kounye a, yo wè, epi yo rayi ni mwen menm, ni Papa mwen.
[25] Men, sa se dekwa pou pawòl ki te ekri nan lwa yo a ka akonpli: Yo rayi mwen san rezon.
[26] Men, lè Avoka a vini, li va temwaye pou mwen. Se li menm m ap voye soti kote Papa a. Li se Lespri verite ki soti kote Papa a.
[27] Men, nou menm tou, nou va temwaye. Paske, nou avèk mwen depi o kòmansman.