Skip to content
Opens in a new window

[1] Twa jou apre sa, te genyen yon maryaj nan Kana ki nan Galile. Manman Jezi te la.

[2] Yo te envite Jezi nan maryaj la tou, li menm ansanm ak disip li yo.

[3] Lè diven an fini, manman Jezi di li: Yo pa gen diven!

[4] Jezi di li: Madanm, mwen menm avèk ou, nan kisa nou ye ansanm? Lè m nan poko rive.

[5] Manman Jezi di sèvitè yo: Tout sa li di nou fè, fè li.

[6] Alò, te gen sis ja an wòch ki te kanpe la pou sèvi daprè jan Juif yo pirifye tèt yo. Yo te kenbe de oubyen twa mezi konsa.

[7] Jezi di sèvitè yo: Plen ja yo dlo. Epi, yo plen yo ra bouch.

[8] Li di yo ankò: Kounye a, tire enpe, epi pote bay chèf kanbiz la. Epi, yo pote ba li.

[9] Chèf kanbiz la pa t konnen kote dlo ki tounen diven an te soti. Men, sèvitè yo, ki te tire dlo a, te konnen. Alò, lè chèf kanbiz la goute li, li rele lemarye a.

[10] Li di li: Tout moun, se diven siperyè yo sèvi anvan. Epi, lè moun sou, se lè sa a yo sèvi diven enferyè. Men, ou menm, ou te sere diven siperyè a pou sèvi kounye a.

[11] Se sa Jezi te fè nan Kana, nan Galile, kòm kòmansman mirak siy li yo. Li montre glwa li, epi disip li yo kwè nan li.

[12] Apre sa, li desann Kapènawòm, li menm ansanm ak manman li, frè li yo ak disip li yo. Men, yo pa t rete la pou anpil jou.

[13] Fèt Pak Juif yo te pre rive. Epi, Jezi monte Jerizalèm.

[14] Li jwenn moun nan lakou tanp lan ki t ap vann bèf, mouton ak pijon, ansanm ak moun ki te chita ap chanje lajan.

[15] Alò, li fè yon fwèt kòd. Li mete tout moun deyò nan lakou tanp lan, ni mouton, ni bèf. Li blayi lajan moun ki t ap chanje kòb yo atè, epi li chavire tab yo.

[16] Li di moun ki t ap vann pijon yo: Wete bagay sa yo la a. Pa fè kay Papa m nan tounen yon kay biznis.

[17] Epi, disip yo sonje sa ki te ekri a: Jalouzi mwen pou kay ou a va manje kè mwen.

[18] Donk, Juif yo reponn, yo di li: Ki mirak siy ou montre nou pou w ap fè bagay sa yo?

[19] Jezi reponn tou, li di yo: Kraze tanp sa a, epi m ap bati l nan twa jou.

[20] Donk, Juif yo di: Se nan karannsizan, yo te bati tanp sa a, epi ou menm, ou va bati l nan twa jou?

[21] Alòske tanp Jezi t ap pale a se te kò li.

[22] Se sa k fè, lè Jezi resisite pami mò yo, disip li yo te sonje li te di sa. Konsa, yo te kwè nan Ekriti a ak nan pawòl Jezi te di a.

[23] Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Pak la, anpil moun te wè mirak siy li te fè yo. Donk, yo te kwè nan non li.

[24] Men, Jezi, li menm, pou tèt pa li, li pa t kwè yo. Paske, li te konnen yo tout.

[25] Epitou, li pa t bezwen pèsonn temwaye ba li sou yon nonm, paske li te konnen kisa ki nan lòm.

Levanjil Jan an — Chapters