Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre bagay sa yo, youn nan fèt Juif yo te rive. Alò, Jezi monte Jerizalèm.

[2] Men, bò Pòtay Mouton nan Jerizalèm, te genyen yon basen ak senk galeri. Nan lang Ebre, yo te rele li Betesda.

[3] Yon bann moun malad, moun avèg, moun k ap bwate, moun paralize, yo tout te kouche sou galeri sa yo. Yo t ap tann dlo a fè toubiyon.

[4] Vrèmanvre, yon zanj te desann nan basen an tanzantan pou li brase dlo a. Donk, apre li fin brase dlo a, moun ki antre ladan l an premye a, kèlkeswa maladi li te genyen, li te geri.

[5] Te gen yon nonm la a ki te gen yon maladi sou li depi trantuitan.

[6] Jezi wè l kouche la, e li te konnen nonm nan te konsa depi lontan deja, li di li: Èske w vle geri?

[7] Malad la reponn li, li di: Senyè, lè zanj lan brase dlo a, mwen pa gen yon moun ki pou ta lage m nan basen an. Men, lè mwen menm, mwen prale, yon lòt gentan desann anvan m.

[8] Jezi di li: Leve! Pran branka w! Epi, mache!

[9] Menm lè a tou, nonm nan geri. Li pran branka li, li mache. Men, jou sa a se te jou saba.

[10] Donk, Juif yo di nonm ki te geri a: Jodi a se saba. Lalwa pa pèmèt ou pote branka!

[11] Li reponn yo, li di: Nonm ki te geri m nan, se li menm ki te di mwen: «Pran branka w! Epi, mache!»

[12] Epi, yo mande l: Ki nonm sa a ki te di ou «Pran branka w, epi mache!» a?

[13] Men, nonm ki te geri a pa t konnen kilès Jezi te ye. Paske, kote a te gen yon foul, Jezi te disparèt nan foul la.

[14] Apre bagay sa yo, Jezi jwenn li nan lakou tanp lan. Jezi di li: Gade! Ou geri, pa vre? Pa peche ankò, dekwa pou yon bagay ki pi mal pa rive w.

[15] Nonm nan al anonse Juif yo se Jezi ki te geri l.

[16] Poutèt sa, Juif yo t ap pèsekite Jezi. Yo t ap chèche tiye l tou, paske li fè bagay sa yo jou saba.

[17] Men, Jezi reponn yo, li di: Papa mwen ap travay jis kounye a. Mwen menm tou, m ap travay.

[18] Alò, poutèt sa, Juif yo t ap chèche plis toujou pou yo tiye li. Se pa t paske li te vyole saba a sèlman, men, paske li te di Bondye se pwòp Papa l tou. Konsa, li te fè tèt li egal ak Bondye.

[19] Donk, Jezi reponn, li di: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa li wè Papa a fè. Paske, tout sa Papa a fè, Pitit la fè yo menm jan an tou.

[20] Paske ankò, Papa a renmen Pitit la, epi li montre Pitit la tout sa l ap fè. Li va montre Pitit la pi gwo travay pase sa, dekwa pou nou ka sezi.

[21] Paske tou, menm jan Papa a resisite mò yo epi li ba yo lavi, se konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.

[22] Anfen, paske se pa menm Papa a ki jije moun. Men, li remèt tout jijman nan men Pitit la.

[23] Konsa, tout moun va onore Pitit la, menm jan yo onore Papa a ki voye Pitit la. Yon moun ki pa onore Pitit la, li pa onore Papa ki voye l la nonplis.

[24] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Yon moun ki tande pawòl mwen epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li gen lavi etènèl. Epitou, li pa prale nan jijman. Okontrè, li soti nan lanmò ale nan lavi.

[25] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Lè a ap vini, e se kounye a menm, lè mò yo va tande vwa Pitit Bondye a. E, moun ki tande, yo va viv.

[26] Paske, menm jan Papa a gen lavi nan li menm, se konsa li pèmèt Pitit la gen lavi nan li menm tou.

[27] Epitou, li bay Pitit la pouvwa fè jijman, paske se li ki Pitit Lòm nan.

[28] Pa sezi pou sa. Paske, gen yon lè k ap vini, tout moun ki nan tonm va tande vwa Pitit la,

[29] epi yo va soti: Sa ki fè byen va resisite pou lavi. Sa ki fè mal va resisite pou jijman.

[30] Mwen menm, mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Jan mwen tande, se konsa mwen jije. Jijman m nan jis, paske mwen p ap chèche fè volonte pa mwen. Okontrè, m ap chèche fè volonte Papa ki voye m nan.

[31] Si se mwen menm ki temwaye pou tèt mwen, temwayaj la pa laverite.

[32] Men, se yon lòt moun ki temwaye pou mwen. E, mwen konnen temwayaj li bay sou mwen an se laverite.

[33] Nou menm, nou te voye kote Jan. Li te temwaye sou verite a.

[34] Men, mwen menm, se pa temwayaj yon nonm, mwen resevwa. Okontrè, mwen di bagay sa yo pou nou ka sove.

[35] Jan, li menm, te yon lanp k ap boule, k ap klere. Nou menm, nou te dakò rejwi yon kadè nan limyè l la.

[36] Men, mwen menm, mwen genyen yon pi gran temwayaj pase pa Jan an. Paske, Papa a ban mwen travay pou mwen ka fini yo. Menm travay sa yo m ap fè a, yo temwaye pou mwen pou montre se Papa a ki te voye mwen!

[37] E, Papa ki voye m nan, li menm, li temwaye pou mwen. Nou pa janm ni tande vwa li, ni wè fòm li.

[38] Pawòl li a pa rete nan kè nou, paske nou pa kwè nan sila li te voye a.

[39] N ap egzamine Lekriti paske nou panse sa ban nou lavi etènèl, alòske, se li menm ki temwen pou mwen.

[40] Epi, nou pa vle vini jwenn mwen pou nou kapab gen lavi!

[41] Mwen pa resevwa glwa nan men lèzòm.

[42] Men, mwen konnen nou: nou pa gen lamou Bondye nan kè nou.

[43] Mwen menm, mwen vini sou non Papa mwen, men, nou pa resevwa mwen. Si yon lòt moun ta vini sou pwòp non pa li, se li menm nou ta resevwa.

[44] Nou menm k ap resevwa glwa, youn nan men lòt, nou menm ki p ap chèche glwa ki soti kote sèl Bondye ki egziste a, kòman pou nou ta kapab kwè vre!

[45] Pa panse se mwen menm ki va akize nou devan Papa a. Genyen yon moun k ap akize nou: Se Moyiz! Se nan li menm, nou mete espwa nou.

[46] Vrèmanvre, si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou. Paske, se sou mwen, li te ekri.

[47] Men, si nou pa kwè nan bagay li te ekri yo, kòman nou va fè kwè nan bagay m ap di yo!

Levanjil Jan an — Chapters