Skip to content
Opens in a new window

[1] Te genyen yon moun ki te malad. Se te Laza. Li te moun Betani, vil Mari ak Mat, sè Mari a.

[2] Se Mari ki te vide pafen sou Senyè a epi ki te siye pye Senyè a ak cheve l la. E, se frè li, Laza, ki te malad.

[3] Epi, sè yo voye kote Jezi, yo di: Senyè, men moun ou renmen an malad!

[4] Men, lè Jezi tande sa, li di: Maladi sa a pa la pou lanmò. Okontrè, li la pou glwa Bondye. Konsa, Bondye va glorifye Pitit li a nan maladi a.

[5] Jezi te renmen ni Mat, ni sè l la, ni Laza.

[6] Donk, lè li tande Laza malad, li rete de jou ankò kote li te ye a.

[7] Apre sa, li di disip li yo: Ann ale Jide ankò!

[8] Disip yo di li: Rabi, se kounye a Juif yo t ap chèche tiye w ak wòch, epi ou prale la ankò?

[9] Jezi reponn, li di: Genyen douz è nan jounen an, pa vre? Si yon moun mache lajounen, li p ap bite, paske li wè limyè monn sa a.

[10] Men, si yon moun mache lannuit, l ap bite. Paske, limyè a pa nan li.

[11] Apre li fin di bagay sa yo, li di yo ankò: Zanmi nou an Laza ap dòmi. Men, ann ale pou nou ka leve li.

[12] Donk, disip li yo di: Senyè, si l ap dòmi, li va geri.

[13] Jezi t ap pale de lanmò Laza. Men, yo menm, yo te panse se de dòmi repoze, Jezi t ap pale.

[14] Donk, lè sa a, Jezi di yo aklè: Laza mouri!

[15] Poutèt nou menm, mwen kontan mwen pa t la, dekwa pou nou kapab kwè. Men, ann ale jwenn li.

[16] Donk, Toma, sa yo rele Jimo a, li di disip parèy li yo: Ann ale, nou menm tou, pou nou ka mouri avèk li.

[17] Donk, lè Jezi rive, li jwenn Laza te deja nan tonm depi kat jou.

[18] Men, Betani te tou pre Jerizalèm. Distans la se te kenz estad konsa.

[19] Anpil nan Juif yo te al jwenn moun ki kote Mat ak Mari yo pou yo te ka konsole yo poutèt frè yo a.

[20] Donk, lè Mat tande Jezi ap vini, l al rankontre li. Mari, li menm, rete chita nan kay la.

[21] Epi, Mat di Jezi: Senyè, si ou te la, frè m nan pa t ap mouri.

[22] Okontrè, menm kounye a, mwen konnen tout sa w mande Bondye, Bondye ap ba ou li.

[23] Jezi di li: Frè w la ap resisite.

[24] Mat di li: Mwen konnen l ap resisite nan rezirèksyon ki nan dènye jou a.

[25] Jezi di li: Mwen se rezirèksyon an. Mwen se lavi a. Yon moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, li va viv.

[26] Epitou, moun k ap viv epi ki kwè nan mwen, li p ap janm mouri ditou. Èske w kwè sa?

[27] Li di li: Wi, Senyè. Mwen kwè se ou menm ki Kris la, Pitit Bondye a, sila ki vini nan lemonn nan.

[28] Lè Mat fin di bagay sa yo, l ale. Li rele Mari, sè l la. Li di li an sekrè: Mèt la vini! Men l ap rele w!

[29] Lè Mari tande sa, li leve byen vit, l ale kote Jezi.

[30] Jezi pa t ko antre nan vil la, men, li te menm kote Mat te rankontre l la.

[31] Juif yo te nan kay la ak Mari, yo t ap konsole li. Donk, lè yo wè l leve ale byen vit, yo suiv li. Yo di: Li pral kriye bò tonm nan.

[32] Epi, Mari rive kote Jezi te ye a. Lè l wè Jezi, li tonbe nan pye l. Li di li: Senyè, si ou te la, frè m nan pa t ap mouri.

[33] Donk, li t ap kriye. Juif ki te vini avèk li yo t ap kriye tou. Lè Jezi wè sa, li twouble nan lespri li, li fremi nan kè li.

[34] Epi, li di: Ki kote nou mete l? Yo di li: Senyè, vin wè.

[35] Jezi kriye.

[36] Donk, Juif yo di: Gade kòman li te renmen li!

[37] Men, kèk nan yo di: Li te ouvri je avèg la, li ta kapab fè dekwa pou Laza pa t mouri tou, pa vre?

[38] Donk, Jezi twouble nan lespri l ankò. Epi, l ale bò tonm nan. Se te yon gwòt. Yo te mete yon wòch sou li.

[39] Jezi di: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di li: Senyè, li gen odè deja. Paske, sa fè kat jou!

[40] Jezi di li: Èske mwen pa t di w, si ou kwè, ou va wè glwa Bondye?

[41] Donk, yo wete wòch ki te kote mò a te ye a. Jezi leve je l anlè. Li di: Papa, mwen rann ou gras, paske ou koute mwen.

[42] Mwen menm, mwen konnen ou toujou koute mwen. Men, mwen pale poutèt foul ki kanpe la a, pou yo ka kwè se ou menm ki voye mwen.

[43] Lè li fin di bagay sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!

[44] Epi, mò a soti. Ni pye li ni men li te mare ak bandaj. Figi li te vlope nan yon mouchwa. Jezi di yo: Demare li. Epi, kite l ale.

[45] Donk, nan Juif ki te ale kote Mari yo epi ki te wè bagay Jezi te fè yo, anpil te kwè nan li.

[46] Men, kèk nan yo ale kote Farizyen yo pou yo di yo bagay Jezi te fè yo.

[47] Alò, sakrifikatè an chèf la ak Farizyen yo reyini Konsèy la. Yo di: Kisa n ap fè? Paske, nonm sa a ap fè anpil mirak siy!

[48] Si nou kite l konsa, anpil moun ap kwè nan li. Epi, Women yo ap vini, y ap detui ni plas nou an, ni nasyon nou an.

[49] Men, Kayif, ki se youn nan yo, te sakrifikatè an chèf nan ane sa a. Li di yo: Nou pa konnen anyen.

[50] Nou pa konsidere li nan avantaj nou, si yon sèl moun te mouri pou pèp la, pase pou tout pèp la ta peri?

[51] Se pa t daprè li menm, li te di sa. Okontrè, paske li te sakrifikatè an chèf nan ane sa a, li t ap pwofetize Jezi t apral mouri pou nasyon an.

[52] Se pa t pou nasyon an sèlman, men tou, se te pou l te ka rasanble pitit Bondye ki gaye yo, pou yo fè yon sèl kò.

[53] Donk, depi jou sa a, Konsèy la deside y ap tiye Jezi.

[54] Epi, Jezi pa t mache an piblik pami Juif yo ankò. Okontrè, li soti la, l ale an pwovens, tou pre dezè a. Se te nan yon vil, yo rele Efrayim. Se la tou, li rete ak disip li yo.

[55] Fèt Pak Juif yo te pre rive. Anpil moun soti an pwovens, yo monte Jerizalèm anvan Pak la pou yo te kapab pirifye tèt yo.

[56] Donk, yo t ap chèche Jezi. Yo te kanpe nan lakou tanp lan, youn t ap di lòt: Sa n panse? Èske li p ap vini nan fèt la ditou?

[57] Men, sakrifikatè prensipal yo ak Farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun konnen kibò Jezi ye, se pou l rapòte sa, pou yo ka arete Jezi!

Levanjil Jan an — Chapters