[1] Jezi ale sou Mòn Oliv.
[2] Men, granmaten, l ale nan lakou tanp lan ankò. Tout pèp la vini jwenn li. Li chita, epi li anseye yo.
[3] Alò, pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo mennen yon dam ba li, youn yo te bare nan adiltè. Yo mete dam nan nan mitan.
[4] Epi, yo di Jezi: Mèt, nou kenbe dam sa a nan zak adiltè.
[5] Alò, nan lalwa, Moyiz kòmande pou yo tiye yon dam konsa anba wòch. Donk, ou menm, sa w di sou li?
[6] Yo te di sa paske yo t ap tante Jezi pou yo te ka jwenn yon akizasyon kont li. Men, Jezi koube, li pran ekri atè a ak dwèt li.
[7] Men, paske yo kontinye mande l sa, li drese kò li, li di yo: Moun pami nou la a ki san peche, se li menm an premye ki pou kalonnen dam nan wòch.
[8] Epi, Jezi koube ankò. Li kontinye ekri atè a.
[9] Men, lè moun yo tande sa, konsyans yo repwoche yo. Yo soti youn pa youn, kòmanse sou granmoun rive sou dènye moun. Epi, yo kite Jezi poukont li ak dam nan nan mitan.
[10] Alò, lè Jezi drese kò li, se sèl dam nan li wè. Li di: Madanm, kote moun ki t ap akize w yo? Pèsonn pa kondane ou, pa vre?
[11] Li di: Pèsonn, Senyè! Jezi di li: Mwen pa kondane w nonplis. Ale! Epi, apati jodi a, pa peche ankò!
[12] Donk, Jezi pale avèk yo ankò. Li di: Mwen se limyè lemonn. Yon moun ki suiv mwen, li p ap mache nan fènwa ditou. Okontrè, li va genyen limyè lavi.
[13] Epi, Farizyen yo di li: W ap temwaye pou tèt ou, temwayaj ou a pa laverite.
[14] Jezi reponn, li di yo: Menm si mwen temwaye pou tèt mwen, temwayaj mwen an se laverite. Paske, mwen konnen kote mwen soti ak kote mwen prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni kote mwen soti ni kote mwen prale.
[15] Nou menm, nou jije daprè lachè. Mwen menm, mwen pa jije pèsonn.
[16] E, menm si mwen menm, mwen jije, jijman m nan se laverite. Paske, mwen pa poukont mwen. Okontrè, mwen avèk Papa ki voye m nan.
[17] E, nan lwa nou an, sa ekri: Temwayaj de zòm se laverite.
[18] Mwen temwaye pou tèt mwen. Epi, Papa ki voye m nan temwaye pou mwen.
[19] Donk, yo di li: Kote papa ou? Jezi reponn, li di: Nou pa konnen ni mwen ni Papa mwen. Si nou te konnen mwen, nou ta konnen Papa mwen tou.
[20] Jezi te di pawòl sa yo kote labank ye a, nan lakou tanp lan. Se la li t ap anseye. Pèsonn pa t arete li, paske lè li pa t ko rive.
[21] Donk, Jezi di yo ankò: Mwen prale. Epi, nou va chèche mwen. Epi, nou va mouri nan peche nou yo. Kote mwen prale a, nou menm, nou pa kapab al la.
[22] Epi, Juif yo di: Se pa tiye li pral tiye tèt li? Paske, li di: «Kote mwen prale a, nou menm, nou pa kapab al la.»
[23] Li di yo: Nou menm, nou se moun isiba. Mwen menm, mwen se moun anwo. Nou menm, nou se moun monn sa a. Mwen menm, mwen pa moun monn sa a.
[24] Donk, mwen di nou: Nou va mouri nan peche nou yo. Paske, si nou pa kwè mwen se mwen menm, nou va mouri nan peche nou yo.
[25] Epi, yo di li: Kilès ou ye, ou menm? Jezi reponn yo: Menm sa m ap di nou depi o kòmansman an!
[26] Mwen genyen anpil bagay pou m di sou nou epi pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m nan, li onèt. Bagay mwen tande kote li yo, se yo menm, mwen di nan lemonn.
[27] Juif yo pa t konnen se de Papa a li t ap pale ak yo.
[28] Donk, Jezi di yo: Lè nou va leve Pitit Lòm nan anlè, nou va konnen lè sa a mwen se mwen menm, epi, mwen pa fè anyen poukont mwen! Okontrè, menm jan Papa mwen te anseye m nan, se menm jan an mwen di bagay sa yo.
[29] Sila ki voye m nan, li avèk mwen. Papa a pa kite mwen sèl. Paske, mwen toujou fè sa ki fè li plezi.
[30] Pandan Jezi t ap pale bagay sa yo, anpil moun vin kwè nan li.
[31] Donk, Jezi di Juif ki te kwè nan li yo: Si nou menm, nou rete nan pawòl mwen, nou va disip mwen vre.
[32] Nou va konnen verite a. Epi, verite a va libere nou.
[33] Yo reponn li, yo di: Nou se fanmi Abraam. Nou pa janm esklav pèsonn. Kòman w fè di nou va vin lib la?
[34] Jezi reponn yo, li di: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Tout moun k ap fè peche, yo se esklav peche.
[35] Men, esklav la pa rete nan kay la pou tout tan. Pitit la rete pou tout tan.
[36] Donk, si Pitit la libere nou, nou va lib vre!
[37] Mwen konnen nou se ras Abraam. Men, n ap chèche tiye mwen, paske pawòl mwen pa jwenn plas nan nou.
[38] Mwen menm, mwen pale sa mwen wè kote Papa mwen. Alò, nou menm tou, nou fè sa nou wè kote papa nou.
[39] Yo reponn, yo di li: Se Abraam ki papa nou. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraam, se travay Abraam nou ta fè.
[40] Epoutan, mwen menm ki se yon nonm k ap di nou verite mwen tande kote Bondye a, kounye a, n ap chèche tiye mwen! Sa a, Abraam pa t fè l.
[41] Nou menm, n ap fè travay papa nou! Donk, yo di li: Nou pa t fèt nan imoralite, nou menm. Nou genyen yon sèl papa: Se Bondye!
[42] Donk, Jezi di yo: Si se Bondye ki te Papa nou, nou ta renmen mwen. Paske, se nan Bondye mwen soti, epi mwen vini. Epitou, mwen pa t vini daprè mwen menm, se li menm ki voye mwen.
[43] Poukisa nou pa konprann sa m ap di a? Se paske nou pa kapab koute pawòl mwen.
[44] Nou menm, se nan papa nou, djab la, nou soti. Epi, se dezi papa nou, nou vle fè. Depi o kòmansman, li te yon asasen. Epi, laverite pa rete nan li, paske pa genyen laverite nan li. Lè li bay manti, se daprè pwòp tèt li, li pale. Paske, li se yon mantè. Epi, li se papa manti.
[45] Men, mwen menm, paske mwen di laverite, nou pa kwè mwen.
[46] Kilès nan nou ki kapab demontre mwen peche? Men, si mwen di laverite, poukisa nou menm, nou pa kwè mwen?
[47] Moun ki moun Bondye koute pawòl Bondye. Men poukisa nou menm nou pa koute: Se paske nou pa soti nan Bondye!
[48] Donk, Juif yo reponn, yo di li: Nou te byen fèt di ou se Samariten epi ou gen demon sou ou, pa vre?
[49] Jezi reponn, li di: Mwen pa gen demon sou mwen. Okontrè, mwen onore Papa mwen, epi nou menm, nou dezonore mwen.
[50] Men, mwen p ap chèche glwa pou tèt mwen. Genyen yon moun k ap chèche li pou mwen epi k ap jije.
[51] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Si yon moun kenbe pawòl mwen, li p ap janm wè lanmò ditou.
[52] Donk, Juif yo di li: Kounye a, nou konnen ou gen demon sou ou! Abraam mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi, ou menm, ou di: «Si yon moun kenbe pawòl mwen, li p ap goute lanmò ditou!»
[53] Ou pa pi enpòtan pase papa nou Abraam ki mouri a, pa vre? Pwofèt yo tou, yo mouri. Pou kilès w ap fè tèt ou pase la a?
[54] Jezi reponn, li di: Si mwen bay tèt mwen glwa, glwa m nan pa anyen. Papa mwen, nou di ki se Bondye nou an, se li menm ki ban mwen glwa.
[55] Nou pa konnen li. Men, mwen menm, mwen konnen li. Si mwen ta di mwen pa konnen li, mwen ta yon mantè tankou nou. Okontrè, mwen konnen li. Epi, mwen kenbe pawòl li.
[56] Papa nou Abraam te fremi ak lajwa poutèt li te ka wè jou m nan. Li te wè li, epi li te kontan.
[57] Donk, Juif yo di li: Ou poko menm gen senkantan, epi ou te wè Abraam?
[58] Jezi di yo: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Anvan Abraam te egziste, mwen se mwen menm.
[59] Donk, yo pran wòch pou yo kalonnen li. Men, Jezi kache. Epi, li pase nan mitan yo, li soti nan lakou tanp lan. E, se konsa li pati.