[1] Men, anvan fèt Pak la, kòm Jezi te konnen lè l te rive pou li kite monn sa a pou li ale jwenn Papa a, e kòm li te renmen pwòp moun li yo ki te nan monn nan, li renmen yo jiska lafen.
[2] Pandan yo t ap manje, Djab la te deja mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou li trayi Jezi.
[3] E, Jezi te konnen Papa a te remèt tout bagay nan men li. Li te konnen li te soti kote Bondye epi li t aprale kote Bondye.
[4] Donk, li leve kite manje a, li retire rad li. Epi, li pran yon sèvyèt, li mare nan ren li.
[5] Apre sa, li mete dlo nan yon kivèt. Li kòmanse lave pye disip li yo. Epi, li siye yo ak sèvyèt ki te mare nan ren l lan.
[6] Alò, li rive sou Simon Pyè ki di li: Ou menm, Senyè, w ap lave pye mwen?
[7] Jezi reponn, li di li: Kounye a, ou pa konprann sa m ap fè a. Men, apre sa, w a konprann.
[8] Pyè di li: Jamè! Ou p ap lave pye mwen ditou! Jezi reponn li, li di: Si mwen pa lave w, ou p ap pran pa avèk mwen!
[9] Simon Pyè di li: Senyè, se pa pye mwen sèlman! Okontrè, lave men mwen ak tèt mwen tou!
[10] Jezi di li: Yon moun ki benyen pa bezwen lave plis pase pye l. Men, tout kò li pwòp. Nou menm tou, nou pwòp. Men, se pa nou tout.
[11] Vrèmanvre, li te konnen moun ki t ap trayi l la, se poutèt sa li di «se pa nou tout ki pwòp!»
[12] Donk, lè li fin lave pye yo, li mete rad li. L al sou tab ankò. Li di yo: Èske nou konprann sa mwen sot fè pou nou an?
[13] Nou rele mwen: «Mèt! Senyè!» Nou byen di. Vrèmanvre, se sa mwen ye.
[14] Donk, si mwen menm ki Senyè a epi ki Mèt la, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt.
[15] Mwen ban nou yon egzanp pou, nou menm, nou fè menm jan, mwen menm, mwen te fè pou nou an.
[16] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Yon esklav pa pi enpòtan pase mèt li. Yon apot pa pi enpòtan pase moun ki voye l la, nonplis.
[17] Si nou konnen bagay sa yo, depi nou fè yo, nou byennere.
[18] Se pa de nou tout m ap pale. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, mwen di sa pou Ekriti sa a ka akonpli: Moun k ap manje pen avè m nan, Li leve talon li kont mwen!
[19] Depi kounye a m ap pale nou anvan sa rive, dekwa pou lè sa rive, nou ka kwè mwen se mwen menm!
[20] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Yon moun ki resevwa nenpòt moun mwen voye, se mwen menm li resevwa. Men, yon moun ki resevwa mwen, se sila ki voye m nan li resevwa.
[21] Lè Jezi fin di bagay sa yo, lespri li fremi. Li bay temwayaj, li di: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Youn nan nou ap trayi mwen!
[22] Donk, disip yo, youn t ap gade lòt. Yo t ap mande tèt yo de kilès l ap pale.
[23] Youn nan disip Jezi yo te panche sou lestomak li. Se li menm Jezi te renmen an.
[24] Donk, Simon Pyè fè li yon siy pou li mande Jezi moun l ap pale a, se kilès li ta ye.
[25] Disip la panche sou lestomak Jezi, li di li: Senyè, se kilès?
[26] Jezi reponn, li di: M ap tranpe yon moso pen. Moun mwen bay li a, se li menm! Li tranpe moso pen an, li bay Jida li, pitit Simon Iskaryòt la.
[27] Apre moso pen sa a, Satan antre nan Jida. Donk, Jezi di li: Sa w ap fè a, fè l vit!
[28] Nan moun ki te sou tab yo, pèsonn pa t konnen sa Jezi te di l.
[29] Paske, yo t ap panse Jezi te di l: «Al achte sa nou bezwen pou fèt la,» oubyen: «Bay pòv yo kichòy!» Vrèmanvre, se Jida ki te kenbe kès la.
[30] Donk, li pran miyèt la, li soti menm lè a. Men, se te lannuit!
[31] Lè Jida soti, Jezi di: Kounye a, Bondye glorifye Pitit Lòm nan, epi Bondye jwenn glwa nan li.
[32] Si Bondye jwenn glwa nan li, Bondye va glorifye Pitit la nan li menm tou. E, Bondye va glorifye l tousuit.
[33] Timoun, m ap avèk nou pou yon ti moman. Nou va chèche mwen, e menm sa mwen te di Juif yo, se sa m ap di nou kounye a tou: Kote mwen prale a, nou menm, nou pa kapab al la!
[34] M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen te renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt.
[35] Si nou gen lamou youn pou lòt, se konsa tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
[36] Simon Pyè di li: Senyè, kote w prale? Jezi reponn li, li di: Kounye a, ou pa kapab suiv mwen kote m prale a. Men, pi ta, ou va suiv mwen.
[37] Pyè di li: Senyè, poukisa mwen pa kapab suiv ou kounye a? M a bay lavi mwen pou ou.
[38] Jezi reponn li, li di: Ou va bay lavi ou pou mwen! Franchman, franchman, m ap di ou sa: Anvan kòk chante, w ap nye mwen twa fwa.