Skip to content
Opens in a new window

[1] Sis jou anvan Pak la, Jezi ale Betani, kote Laza te ye a. Se li menm ki te mouri epi Jezi te resisite l la.

[2] Donk, la a, yo pare soupe pou li. Mari t ap sèvi. Laza, li menm, te sou tab ak Jezi.

[3] Epi, Mari pran yon lit bon kalite pafen na, ki vann chè. Li vide l sou pye Jezi. Epi, li siye pye Jezi ak cheve li. Sant pafen an plen kay la.

[4] Men, youn nan disip Jezi yo pran lapawòl. Se te sa ki t apral trayi Jezi a, Jida Iskaryòt, pitit Simon an.

[5] Li di: Poukisa yo pa t vann pafen sa a pou twasan denye, epi yo ta bay pòv lajan an?

[6] Li pa t di sa paske li t ap chaje tèt li pou pòv yo, men, paske li te yon vòlè. Se li ki te kenbe kès la. Li te konn bwote sa yo te mete ladan l.

[7] Donk, Jezi di: Kite l trankil! Li te sere pafen an pou antèman mwen.

[8] Paske, n ap toujou genyen pòv yo avèk nou. Men, nou p ap toujou genyen mwen.

[9] Epi, yon gwo foul moun pami Juif yo te konnen Jezi te la, yo vini. Se pa t pou yo te ka wè Jezi sèlman, men, se te pou Laza tou. Se li menm Jezi te resisite pami mò yo.

[10] Alò, sakrifikatè prensipal yo deside pou yo tiye Laza tou.

[11] Paske, se poutèt li menm, anpil Juif t ap kite yo, epi yo t ap kwè nan Jezi.

[12] Nan demen, gwo foul moun ki te vini nan fèt la tande Jezi ap vini Jerizalèm.

[13] Lè sa a, yo pran branch palmis, y ale rankontre li. Yo t ap rele: Ozana! Beniswa sila k ap vini nan non Senyè a, Wa Izrayèl la!

[14] Jezi jwenn yon jèn bourik, li chita sou li. Se konsa sa te ekri:

[15] Siyon, pitit fi mwen, pa pè! Gade! Wa w la ap vini! Li chita sou pitit yon manman bourik.

[16] Anvan sa, disip li yo pa t konprann bagay sa yo. Men, lè Bondye glorifye Jezi, se lè sa a yo sonje bagay sa yo te ekri sou li. Yo sonje tou, moun yo te fè bagay sa yo pou li.

[17] Epitou, lè Jezi te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l pami mò yo, te genyen yon foul moun avèk li. Yo t ap temwaye.

[18] Se poutèt sa tou, foul la te rankontre Jezi, paske yo te tande afè mirak siy li te fè a.

[19] Donk, Farizyen yo, youn di lòt: Nou wè nou pa benefisye anyen! Gade! Lemonn antye ap suiv li.

[20] Nan moun ki te monte pou adore nan fèt la, te genyen kèk Grèk.

[21] Y al kote Filip, ki te moun Betsayida, nan Galile. Yo mande l, yo di: Mesye, nou vle wè Jezi.

[22] Filip al di Andre sa. Andre ansanm ak Filip al di Jezi sa.

[23] Men, Jezi reponn yo, li di: Lè a rive pou Bondye glorifye Pitit Lòm nan.

[24] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Si grenn ble ki tonbe nan tè a pa mouri, li rete poukont li. Men, si li mouri, li donnen anpil.

[25] Moun ki renmen lavi yo, yo va pèdi l. Moun ki rayi lavi yo nan monn sa a, yo va konsève l pou lavi etènèl.

[26] Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l suiv mwen. Kote, mwen menm, mwen ye, se la sèvitè mwen va ye tou. Epitou, si yon moun sèvi mwen, Papa mwen va onore li.

[27] Kounye a, nanm mwen ap fremi. Kisa mwen ta di? Èske se: «Papa, sove m anba lè sa a?» Okontrè! Se poutèt sa mwen te vini, jis nan lè sa a.

[28] Papa, glorifye non ou! Epi, yon vwa ki soti nan syèl la di: Mwen te glorifye li. M ap glorifye li ankò.

[29] Donk, foul ki te kanpe la a te tande sa. Yo di se te yon kout loraj. Lòt moun t ap di: Se yon zanj ki pale ak li!

[30] Jezi reponn, li di: Se pa poutèt mwen menm, vwa a vini, men, se poutèt nou menm.

[31] Jijman monn sa a se kounye a. Bondye va mete chèf monn sa a deyò kounye a.

[32] E, mwen menm, lè yo va leve m kite tè, mwen va rale tout moun sou mwen.

[33] Li te di sa, pou l montre nan ki lanmò, li t apral mouri.

[34] Foul la reponn li, yo di: Nan lalwa, nou menm, nou tande Kris la ap la pou letènite. Kòman, ou menm, ou fè di: «Fòk yo leve Pitit Lòm nan anlè?» Kilès ki Pitit Lòm sa a?

[35] Donk, Jezi di yo: Limyè a avèk nou pou yon ti moman. Pandan nou genyen limyè a, mache pou fènwa pa bare nou. Moun k ap mache nan fènwa pa konnen kote yo prale.

[36] Pandan nou genyen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vin pitit limyè. Lè Jezi fin di bagay sa yo, l ale. Li kache pou moun yo.

[37] Malgre kantite mirak siy li te fè devan yo, yo pa t kwè nan li.

[38] Se te pou pawòl pwofèt Ezayi a te ka akonpli. Li te di: Senyè, kilès ki kwè nan mesaj nou an? Bay kilès Senyè a revele fòs ponyèt li?

[39] Se poutèt sa, yo pa t kapab kwè. Paske, Ezayi di ankò:

[40] Li fè yo avèg, Li fè yo fè rèd nan kè yo Pou yo ka pa wè nan je yo, Pou yo ka pa konprann nan kè yo, Pou yo ka pa konvèti, Epi, pou mwen ka pa geri yo!

[41] Ezayi te di bagay sa yo, lè li te wè glwa Senyè a ak lè li te pale de Senyè a.

[42] Malgre sa, anpil te kwè nan li, menm pami chèf yo. Men, poutèt Farizyen yo, yo pa t deklare sa, dekwa pou yo pa t mete yo deyò nan sinagòg la.

[43] Vrèmanvre, yo te renmen lwanj lèzòm plis pase lwanj Bondye.

[44] Jezi rele, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen yo kwè, men, se nan moun ki voye m nan.

[45] Moun ki wè mwen, se moun ki voye m nan yo wè.

[46] Mwen se limyè. Mwen te vini nan lemonn pou moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa a.

[47] E, si yon moun ta koute pawòl mwen yo epi li pa ta kwè, se pa mwen menm k ap jije li. Paske, mwen pa t vini pou mwen jije lemonn, men, pou mwen te ka sove lemonn.

[48] Yon moun ki meprize mwen epi ki pa resevwa pawòl mwen yo, li genyen jij li. Pawòl mwen te pale a, se li menm ki va jije li nan dènye jou a.

[49] Paske, mwen pa t pale daprè mwen menm. Men, Papa ki voye m nan, se li menm ki kòmande mwen sa mwen dwe di ak sa mwen dwe pale.

[50] E, mwen konnen kòmandman li a se lavi etènèl. Donk, se sa mwen menm, mwen pale! Jan Papa mwen te di mwen, se konsa mwen pale!

Levanjil Jan an — Chapters