[1] Pandan Jezi t ap pase, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg.
[2] Disip li yo poze l yon kesyon, yo di: Rabi, kilès ki te peche, ki fè nonm sa a fèt tou avèg la? Èske se li menm oubyen paran li?
[3] Jezi reponn, li di: Se pa akòz li menm oubyen paran li te peche, men, se pou Bondye kapab montre travay li nan nonm nan!
[4] Pandan li jou, fòk mwen fè travay sila ki voye m nan. Lannuit ap vini. Lè sa a, pèsonn p ap kapab travay.
[5] Lè mwen nan lemonn, mwen se limyè lemonn.
[6] Apre li fin di bagay sa yo, li krache atè, li fè labou ak krache a, epi li pase labou a sou je avèg la.
[7] Li di li: Al lave je w nan Basen Siloye a. (Mo sa a vle di: Moun yo te voye a.) Alò, avèg la ale, li lave je li. Lè li tounen, li wè.
[8] Donk, vwazen l yo ak moun ki te konn wè li avèg anvan sa yo di: Se li menm ki te konn chita ap mande a, pa vre?
[9] Kèk moun di: Se li menm! Men, kèk lòt di: Li sanble ak li! Li menm, li di: Se mwen menm!
[10] Donk, yo di li: Kòman je w fè louvri?
[11] Li reponn, li di: Yon nonm yo rele Jezi fè labou, li pase l sou je mwen, epi li di mwen: «Ale nan Basen Siloye a, lave je w!» Mwen ale, e lè mwen lave yo, mwen wè.
[12] Donk, yo di li: Kote li? Li reponn: Mwen pa konnen.
[13] Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo.
[14] Lè Jezi te fè labou a epi li te ouvri je nonm nan, se te yon jou saba.
[15] Donk, Farizyen yo tou, yo t ap mande avèg la ankò, kòman li te fè wè. Li di yo: Li pase labou sou je m, mwen lave yo, epi mwen wè.
[16] Epi, kèk nan Farizyen yo di: Kòman yon nonm k ap peche ta kapab fè mirak siy sa yo? Konsa, te gen divizyon pami yo.
[17] Yo di avèg la ankò: Ou menm, kisa ou di de li, poutèt li ouvri je w la? Li di yo: Li se yon pwofèt.
[18] Vrèmanvre, anvan Juif yo te rele paran nonm ki te vin kapab wè a, Juif yo pa t kwè li te yon avèg ki vin wè vre.
[19] Men, yo mande paran yo, yo di: Èske nonm sa a se pitit, nou di ki te fèt avèg la? Alò, kòman li fè wè kounye a?
[20] Men, paran yo reponn, yo di: Nou konnen li se pitit nou an. Nou konnen li te fèt avèg.
[21] Men, kijan li fè wè kounye a? Nou pa konnen! Oubyen, kijan je l fè louvri? Nou pa konnen! Li gen laj, mande l. L a pale pou tèt li.
[22] Paran li yo te di bagay sa yo, paske yo te pè Juif yo. Vrèmanvre, Juif yo te deja dakò, si yon moun ta deklare Jezi se Kris, pou yo mete l deyò nan sinagòg la.
[23] Se poutèt sa, paran l yo te di: Li gen laj, mande l!
[24] Donk, yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: Bay Bondye glwa! Nou konnen nonm sa a se yon pechè!
[25] Epi, li reponn, li di: Si li se pechè, mwen pa konnen. Men, sèl sa mwen konnen, sèke mwen te avèg. Kounye a, mwen wè!
[26] Yo di li ankò: Kisa l fè w? Kijan l fè ouvri je w?
[27] Li reponn yo, li di: Mwen te deja di nou, epi nou pa t koute. Poukisa nou vle tande l ankò? Nou pa ta vle vin disip li tou, pa vre?
[28] Yo joure li. Yo di: Se ou menm ki disip li. Men, nou menm, nou se disip Moyiz.
[29] Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, nonm sa a, nou pa konnen kote l soti.
[30] Nonm nan reponn, li di yo: Vrèmanvre, gen yon mèvèy nan sa. Nou pa konnen kote l soti? Epoutan, li louvri je m!
[31] Alòske, nou konnen Bondye pa koute pechè. Okontrè, si yon moun gen krentif pou li epi li fè volonte l, ebyen, li koute moun sa a.
[32] Depi lemonn egziste, pèsonn pa janm tande yo ouvri je yon moun ki fèt tou avèg.
[33] Si se pa t kote Bondye, nonm sa a te soti, li pa t ap kapab fè anyen.
[34] Yo reponn, yo di li: Ou fèt toutantye nan peche. Epi, se ou menm k ap anseye nou? Konsa, yo mete l deyò.
[35] Jezi tande yo te mete nonm nan deyò. Lè li jwenn li, li di li: Èske w kwè nan Pitit Bondye a?
[36] Li reponn, li di: Senyè, kilès li ye? Di mwen pou mwen ka kwè nan li.
[37] Men, Jezi di li: Ou wè li. Se li menm k ap pale avèk ou la a!
[38] Epi, li di: Senyè, mwen kwè! Epi, li adore Jezi.
[39] Jezi di: Mwen vini nan monn sa a pou yon jijman, dekwa pou moun ki pa wè ka wè, epi pou moun ki wè ka vin avèg.
[40] Kèk nan Farizyen ki te kote l yo tande sa. Epi, yo di: Nou pa avèg tou, pa vre?
[41] Jezi di yo: Si nou te avèg, nou pa ta gen peche. Men, kounye a, n ap di: «Nou wè!» Donk, peche nou rete!