[1] Jezi di bagay sa yo. Epi, li leve je li anlè nan syèl la, li di: Papa, lè a rive. Glorifye Pitit ou a, pou Pitit ou a ka glorifye w tou.
[2] Fè sa, menm jan ou te ba li pouvwa sou tout moun, dekwa pou tout moun ou ba li yo, li ka ba yo lavi etènèl.
[3] Men sa ki lavi etènèl la: Se konnen ou menm, sèl vre Bondye a ak Jezi Kris, sila ou voye a.
[4] Mwen ba ou glwa sou latè. Mwen fini travay ou te ban mwen fè a.
[5] Kounye a, Papa, glorifye mwen nan prezans ou. Ban mwen glwa, mwen te genyen avèk ou, depi anvan lemonn te egziste a.
[6] Moun ou te ban mwen pami moun lemonn yo, mwen montre yo non ou. Se pou ou yo te ye. Men, ou te ban mwen yo. Epi, yo obeyi pawòl ou.
[7] Kounye a, yo konnen tout sa ou te ban mwen yo, se kote ou yo soti.
[8] Paske, mwen ba yo pawòl ou te ban m nan. Yo resevwa li. Yo konnen se kote ou mwen soti vre. Yo kwè se ou menm ki voye mwen.
[9] Se pou yo menm m ap priye. Mwen pa priye pou lemonn, men, pou sa ou ban mwen yo. Paske, se pou ou yo ye.
[10] Tout sa ki pou mwen, se pou ou. Sa ki pou ou tou, se pou mwen. Epi, mwen resevwa glwa nan yo.
[11] Mwen pa nan monn nan ankò. Yo menm, yo nan monn nan. Men, mwen menm, m ap vini jwenn ou. Papa, ou menm ki sen, sa ou ban mwen yo, kenbe yo nan non ou. Konsa, yo va fè youn, menm jan nou ye a.
[12] Lè mwen te avèk yo nan monn nan, mwen te kenbe yo nan non ou. Mwen te pwoteje sa ou te ban mwen yo. Okenn nan yo pa pèdi, eskepte nonm ki te pou peri a. E, sa rive pou Lekriti te ka akonpli.
[13] Men, kounye a, m ap vini jwenn ou. Mwen di bagay sa yo nan lemonn, dekwa pou lajwa, mwen genyen an, ka total nan yo.
[14] Mwen ba yo pawòl ou a. Yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm, mwen pa moun lemonn. Poutèt sa, lemonn rayi yo.
[15] Mwen pa mande w pou w wete yo nan lemonn. Men, pwoteje yo anba Mechan an.
[16] Menm jan, mwen menm, mwen pa moun lemonn, yo menm tou, yo pa moun lemonn.
[17] Konsakre yo nan verite w la. Pawòl ou a se verite.
[18] Menm jan ou te voye mwen nan lemonn nan, mwen menm tou, mwen voye yo nan lemonn.
[19] Se poutèt yo, mwen konsakre tèt mwen. Konsa, ou va konsakre yo tou, nan laverite.
[20] Se pa pou yo sèlman m ap priye, men tou, se pou tout moun ki va kwè nan mwen grasa mesaj yo.
[21] Konsa, menm jan ou menm, Papa, ou nan mwen, epi mwen menm, mwen nan ou, yo tout, yo va fè yon sèl. Konsa tou, yo va fè yon sèl nan nou, pou lemonn ka kwè se ou menm ki te voye m.
[22] Mwen te ba yo glwa, ou te ban m nan, dekwa pou yo ka fè yon sèl, menm jan nou fè yon sèl la.
[23] Mwen nan yo, e ou nan mwen. Konsa, yo va fin fè yon sèl nèt. E, konsa tou, lemonn va konnen se ou menm ki te voye mwen, epi ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.
[24] Papa, mwen ta vle kote mwen ye, pou moun ou ban mwen yo, yo menm tou, yo la avèk mwen. Konsa, yo va wè glwa, ou te ban m nan. Paske, ou te renmen mwen depi anvan ou te kreye lemonn.
[25] Papa, ou menm ki jis, menm si lemonn pa t konnen ou, men, mwen menm, mwen te konnen ou. Yo menm tou, yo te rekonèt se ou menm ki te voye mwen.
[26] Mwen te fè yo konnen non ou, e mwen va fè yo konnen li, dekwa pou lamou ou te genyen pou mwen an ka nan yo, epi pou mwen menm, mwen ka nan yo.