Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, lè sa a, Pilat pran Jezi, li fè bat li.

[2] Sòlda yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l sou tèt Jezi. Yo vlope Jezi nan yon rad wouj vyolèt.

[3] Yo di: «Bonjou, wa Juif yo!» Epi, yo ba li souflèt.

[4] Alò, Pilat soti deyò a ankò, li di yo: Gade! Mwen mennen li deyò a, se pou nou ka konnen, mwen pa jwenn anyen mal nan li.

[5] Donk, Jezi soti deyò a, kouwòn pikan an ak rad wouj vyolèt la te sou li. Epi, Pilat di yo: Gade! Men nonm nan!

[6] Donk, lè sakrifikatè prensipal yo ak polis yo wè li, yo pran rele, yo di: Krisifye li! Krisifye li! Pilat di yo: Pran li, nou menm, epi krisifye li. Paske, mwen menm, mwen pa jwenn anyen mal nan li.

[7] Juif yo reponn li, yo di: Nou menm, nou genyen yon lwa. E, daprè lwa sa a, fòk li mouri. Paske, li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.

[8] Donk, lè Pilat tande pawòl sa a, li te pi pè toujou.

[9] Li antre nan palè a ankò, li di Jezi: Kote w soti? Men, Jezi pa t ba li okenn repons.

[10] Donk, Pilat di Jezi: Se avèk mwen, ou p ap pale a? Ou pa konnen, mwen gen pouvwa pou mwen krisifye ou, epi mwen gen pouvwa pou mwen lage ou?

[11] Jezi reponn, li di: Ou pa ta genyen okenn pouvwa sou mwen, si se pa t Bondye anlè a ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki livre mwen ba ou a, li fè yon pi gwo peche toujou.

[12] Depi lè sa a, Pilat t ap chèche lage li. Men, Juif yo rele, yo di: Si ou lage li, ou pa zanmi Seza! Tout moun ki fè tèt li wa, se kont Seza l ap pale.

[13] Donk, lè Pilat tande sa, li mennen Jezi deyò a. Li chita nan tribinal la. (Se plas yo rele Glasi a. Men, ann Ebre, se Gabata).

[14] Se te jou preparasyon pou Pak la. Li te nan sizyèm è a konsa. Epi, Pilat di Juif yo: Gade! Men wa nou an!

[15] Men, yo pran rele: Tiye li! Tiye li! Krisifye li! Pilat di yo: Wa nou an pou mwen krisifye a? Sakrifikatè prensipal yo reponn, yo di: Apre Seza, nou pa genyen lòt wa!

[16] Donk, lè sa a, Pilat livre li ba yo, pou yo krisifye li. Yo pran Jezi, yo mennen l ale.

[17] Li pote kwa li, li soti ale kote yo rele Plas Zo tèt la. Ann Ebre, se Gòlgota.

[18] Se la yo krisifye li, li menm ansanm avèk de lòt: Youn chak bò, Jezi nan mitan.

[19] Men, Pilat te fè yon pankat tou. Li mete li sou kwa a. Li te ekri sou li: JEZI, MOUN NAZARÈT, WA JUIF YO!

[20] Anpil nan Juif yo te li pankat la, paske plas kote yo te krisifye Jezi a te tou pre vil la. Epitou, pankat la te ekri nan lang Ebre, nan lang Grèk, avèk nan lang Laten.

[21] Alò, sakrifikatè prensipal Juif yo di Pilat: Pa ekri: «Wa Juif Yo.» Okontrè, ekri: «Nonm sa a di li se wa Juif yo!»

[22] Pilat reponn yo, li di: Sa mwen ekri a, mwen ekri l nèt!

[23] Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li. Yo fè li fè kat pati: Yon pati pou chak sòlda! Yo pran chemizèt li tou. Men, chemizèt la te san kouti. Li te trikote toutantye depi anwo.

[24] Donk, youn di lòt: Annou pa chire li. Okontrè, annou fè tirajosò pou n wè pou ki moun li va ye. Tout sa se dekwa pou Lekriti te kapab akonpli, kote li di: Yo separe rad mwen yo antre yo. Yo fè tirajosò sou wòb mwen an. Donk, se bagay sa yo menm sòlda yo te fè.

[25] Men, manman Jezi; sè manman l lan; Mari, madanm Kleopas; ak Mari, moun Magdala, te kanpe sou kote kwa Jezi a.

[26] Alò, Jezi wè disip li te renmen an kanpe kote manman an. Li di manman li: Madanm, gade! Men pitit ou!

[27] Li di disip la: Gade! Men manman ou! E, depi lè sa a, disip la pran manman an lakay li.

[28] Apre sa, Jezi wè tout bagay te deja fin akonpli. E, pou Ekriti a te ka akonpli, li di: Mwen swaf!

[29] Alò, te genyen yon bòl plen vinèg ki te la. Yo tranpe yon eponj nan vinèg la, yo mete li sou yon gòl izòp. Epi, yo pwoche li bò bouch li.

[30] Alò, lè Jezi pran vinèg la, li di: Se fini! Epi, li bese tèt li, li remèt lespri li.

[31] Se te jou preparasyon saba a. E, saba sa a te yon gran jou. Alò, pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan saba a, Juif yo mande Pilat pou li kase janm moun yo epi desann kò yo.

[32] Alò, sòlda yo ale. Yo kase janm ni premye nonm nan, ni lòt nonm yo te krisifye ak Jezi a.

[33] Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te deja mouri. Alò, yo pa kase janm li.

[34] Okontrè, youn nan sòlda yo pèse bò kòt Jezi ak yon lans. Menm lè a, san ak dlo soti.

[35] Se moun ki te wè l la k ap temwaye. E, temwayaj li a se laverite. Li menm, li konnen l ap di laverite pou, nou menm, nou ka kwè.

[36] Vrèmanvre, sa rive pou Ekriti sa a ka akonpli: Yon zo l p ap kase!

[37] Yon lòt kote, Lekriti di ankò: Yo va gade moun yo pèse a!

[38] Apre bagay sa yo, Jozèf, moun Arimate, mande Pilat pèmisyon pou li pran kò Jezi. Pilat pèmèt li sa. Alò, l ale, li pran kò Jezi. Jozèf te yon disip Jezi, men, se te an sekrè, paske li te pè Juif yo.

[39] Nikodèm te vini tou. Se li menm, ki te ale kote Jezi lannuit anvan sa. Li pote prèske san liv yon melanj lami ak lalwa.

[40] Alò, yo pran kò Jezi. Yo bande li ak twal len avèk pafen an. Se konsa koutim antèman Juif yo ye.

[41] Nan plas kote yo te krisifye Jezi a, te genyen yon jaden. Nan jaden an, te genyen yon tonm nèf. Yo pa t janm mete pèsonn ladan l.

[42] Donk, se la yo mete Jezi, paske se te jou Juif yo t ap prepare pou saba a, epi tonm nan te tou pre.

Levanjil Jan an — Chapters