[1] Men, premye jou semèn nan, Mari moun Magdala ale nan tonm nan bonè. Li te fènwa toujou. Li wè yo te wete wòch la devan tonm nan.
[2] Alò, li kouri, l ale kote Simon Pyè ak lòt disip Jezi renmen an. Li di yo: Yo pran Senyè a nan tonm nan. Nou pa konnen kote yo mete li.
[3] Alò, Pyè soti ak lòt disip la. Yo kouri nan tonm nan.
[4] Tou de te kouri ansanm. Men, lòt disip la kouri pi vit pase Pyè, li rive nan tonm nan an premye.
[5] Li bese, li wè twal len yo la. Men, li pa antre.
[6] Alò, Simon Pyè, ki t ap suiv li, rive. Li antre nan tonm nan. Li wè pil twal len yo.
[7] Men, mouchwa ki te sou tèt Jezi a pa t ansanm avèk pil twal len yo. Okontrè, li te vlope yon kote apa.
[8] Donk, lè sa a, lòt disip la antre tou. Se li menm ki te rive bò tonm nan an premye a. Li wè, e li kwè!
[9] Vrèmanvre, yo pa t ko konprann Ekriti a ki di: Fòk Jezi resisite pami mò yo.
[10] Donk, disip yo ale lakay yo ankò.
[11] Men, Mari kanpe bò tonm nan. Li t ap kriye deyò a. Pandan li t ap kriye a, li bese gade nan tonm nan.
[12] Li wè de zanj an blan ki chita. Youn nan tèt, lòt la nan pye kote kò Jezi te ye a.
[13] Yo di li: Madanm, poukisa w ap kriye? Li di yo: Se paske yo pran Senyè m nan, epi mwen pa konnen kote yo mete li.
[14] Lè li fin di bagay sa yo, li vire won. Li wè Jezi kanpe. Men, li pa t konnen se te Jezi.
[15] Jezi di li: Madanm, poukisa w ap kriye? Kisa w ap chèche? Mari, li menm, te panse se te jeran an. Li di li: Mesye, si se ou menm ki retire li, di mwen kote ou mete li, mwen va al pran li.
[16] Jezi di li: Mari! Li vire, li di Jezi: Rabouni! –Sa vle di: Mèt!
[17] Jezi di li: Pa kenbe mwen, paske, mwen poko monte kote Papa mwen. Men, ale kote frè mwen yo, di yo mwen di: «M ap monte kote Papa mwen, Papa nou tou, kote Bondye mwen, Bondye nou tou.»
[18] Mari, moun Magdala, ale. Li anonse disip yo ni jan li te wè Senyè a ni bagay Senyè a te di l yo.
[19] Se te nan aswè, menm premye jou semèn nan. Paske, disip yo te pè Juif yo, yo te fèmen pòt kote yo te reyini an. Jezi vini nan mitan yo, li di yo: Lapè avèk nou!
[20] Lè li fin di sa, li montre yo men li ak bò kòt li. Alò, lè disip yo wè se te Senyè a, yo te kontan.
[21] Donk, Jezi di yo ankò: Lapè avèk nou! Menm jan Papa a te voye m nan, se konsa mwen menm, mwen voye nou.
[22] Lè li fin di sa, li soufle. Li di yo: Resevwa Lespri Sen!
[23] Si nou padone peche yon moun, Bondye va padone yo tou. Si nou kenbe peche yon moun, Bondye va kenbe yo tou.
[24] Men, gen youn nan Douz yo ki pa t la avèk yo lè Jezi te vini an. Se te Toma, sa ki rele Jimo a.
[25] Donk, lòt yo di li: Nou wè Senyè a! Men, li menm, li di yo: Si mwen pa wè mak klou yo nan men li, si mwen pa mete dwèt mwen nan mak klou yo, si mwen pa mete men mwen bò kòt li, mwen p ap kwè ditou.
[26] Epi, ui jou apre sa, disip Jezi yo te andedan kay la ankò. Pòt yo te fèmen, e Toma te avèk yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo. Epi, li di: Lapè avèk nou!
[27] Apre sa, li di Toma: Lonje dwèt ou isit la, santi men mwen! Lonje men ou, mete li bò kòt mwen. Epi, sispann doute! Okontrè, kwè!
[28] Toma reponn, li di li: Senyè mwen! Bondye mwen!
[29] Jezi di li: Paske ou wè mwen, ou kwè! Moun ki pa wè epi ki kwè, yo byennere!
[30] Vrèmanvre, Jezi te fè anpil lòt mirak siy ankò devan disip li yo. Yo pa ekri nan liv sa a.
[31] Men, yo ekri sa yo, se pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epitou, pou lè nou kwè a, nou ka gen lavi nan non li.