Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, te genyen yon nonm pami Farizyen yo ki te rele Nikodèm. Li te youn nan chèf Juif yo.

[2] Nonm sa a vini kote Jezi lannuit, epi li di Jezi: Rabi, nou konnen ou se yon pwofesè ki soti kote Bondye. Paske, pèsonn pa kapab fè tout mirak siy w ap fè yo si Bondye pa avèk li.

[3] Jezi reponn, li di li: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a.

[4] Nikodèm di li: Kòman yon nonm ki granmoun ka fè fèt ankò? Li pa kapab antre nan vant manman li yon dezyèm fwa epi pou li fèt ankò, pa vre?

[5] Jezi reponn, li di: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri, li pa kapab antre nan wayòm Bondye a.

[6] Sa ki fèt grasa chè, li se chè. E, sa ki fèt grasa Lespri, li se lespri.

[7] Pa sezi dèske mwen te di ou: Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!

[8] Van an soufle kote li vle. Ou tande bri li, men, ou pa konnen ni kote li soti, ni kote li prale. Tout moun ki fèt grasa Lespri a, yo menm jan.

[9] Nikodèm reponn, li di: Kòman bagay sa yo kapab fèt?

[10] Jezi reponn, li di li: Se ou ki pwofesè pèp Izrayèl la, epi ou pa konnen bagay sa yo?

[11] Franchman, franchman, m ap di ou sa: Nou pale de sa nou konnen. Nou temwaye sou sa nou te wè, men, ou menm ak lòt moun yo, nou pa resevwa temwayaj nou an.

[12] Si mwen pale nou de sa ki sou latè epi nou pa kwè, kòman n ap fè kwè, lè mwen pale nou de sa ki nan syèl la?

[13] Pèsonn pa janm monte nan syèl la, eskepte moun ki desann soti nan syèl la, sa vle di, Pitit Lòm nan ki nan syèl la.

[14] E, menm jan Moyiz te leve sèpan an anlè nan dezè a, konsa tou, fòk yo leve Pitit Lòm nan anlè,

[15] dekwa pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men, pou yo genyen lavi etènèl.

[16] Paske, Bondye te tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit gason l lan, dekwa pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo genyen lavi etènèl.

[17] Vrèmanvre, se pa t pou jije lemonn, Bondye te voye Pitit li a nan lemonn, men, se pou li te ka sove lemonn grasa Pitit la.

[18] Yon moun ki kwè nan Pitit la, Bondye pa jije li. Men, yon moun ki pa kwè nan li, Bondye deja jije li, paske li pa kwè nan non sèl Pitit Bondye a.

[19] Men sa jijman an ye: Sèke limyè a vini nan lemonn, men, lèzòm renmen fènwa a plis pase limyè a, paske travay y ap fè yo pa bon.

[20] Vrèmanvre, yon moun k ap fè mal, li rayi limyè a. Li pa vini kote limyè a nonplis, dekwa pou yo pa demontre kisa zèv li yo ye.

[21] Men, moun k ap fè sa verite a di, li vini kote limyè a, dekwa pou limyè a ka revele se nan Bondye zèv li yo te fèt.

[22] Apre sa, Jezi ale nan peyi Jide ak disip li yo. Li rete la kèk tan ak yo, epi li t ap batize moun.

[23] Men, Jan t ap batize moun tou nan Enon, tou pre Salim, paske te gen anpil dlo la. Epitou, moun t ap vini, e li t ap batize yo.

[24] Lè sa a, yo pa t ko mete Jan nan prizon.

[25] Alò, yon diskisyon leve ant disip Jan yo ak yon Juif, sou kesyon pirifikasyon.

[26] Y ale kote Jan, yo di li: Rabi, nonm ki te avèk ou lòt bò Jouden an, sa ou te temwaye sou li a, gade! Lap batize moun, epi tout moun pral jwenn li!

[27] Jan reponn, li di: Yon nonm pa kapab resevwa anyen, si se pa syèl la ki ba li l.

[28] Nou menm, nou se temwen, lè mwen te di: Se pa mwen menm ki Kris la. Men, Bondye te voye m anvan l.

[29] Moun ki gen lamarye a se lemarye. Men, zanmi lemarye a ki kanpe ap koute li kontan anpil akòz vwa lemarye a. Donk, lajwa sa a mwen genyen an, li total.

[30] Li menm, fòk li fleri, men, mwen menm, fòk mwen fennen.

[31] Moun ki soti anwo a, li pi enpòtan pase tout moun. Moun ki soti nan latè, li pou latè, epi li pale daprè latè. Moun ki soti nan syèl la, li pi enpòtan pase tout moun.

[32] Li temwaye sou sa li wè epi sou sa li tande. Men, pèsonn pa resevwa temwayaj li a.

[33] Moun ki resevwa temwayaj li a sètifye: Bondye di laverite.

[34] Vrèmanvre, sila Bondye voye a pale pawòl Bondye. Paske, Bondye pa bay Lespri a ak mezi.

[35] Papa a renmen Pitit la, e li remèt tout bagay nan men l.

[36] Moun ki kwè nan Pitit la, yo gen lavi etènèl. Men, yon moun ki pa mete konfyans yo nan Pitit la, yo p ap wè lavi. Okontrè, kòlè Bondye rete sou yo.

Levanjil Jan an — Chapters