Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre bagay sa yo, Jezi ale lòt bò Lanmè Galile, ki se Lanmè Tiberyad tou.

[2] Yon gwo foul moun t ap suiv li, paske yo te wè mirak siy li t ap fè sou malad yo.

[3] Jezi monte sou mòn nan, li chita la ak disip li yo.

[4] Men, Pak, fèt Juif yo, te vanse rive.

[5] Donk, lè Jezi leve je l, li wè yon gwo foul moun k ap vin jwenn li. Li di Filip: Kibò nou ta achte pen pou moun sa yo ka manje?

[6] Men, Jezi te di sa, pou li te teste Filip, paske Jezi, li menm, te konnen sa li t apral fè.

[7] Filip reponn li, li di: Desan denye pen p ap sifi pou chak moun pami yo ta jwenn yon bouche.

[8] Youn nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:

[9] Genyen yon tigason isit la ki genyen senk pen lòj ak de pwason. Men, kisa yo ka fè pou tout moun sa yo?

[10] Alò, Jezi di: Fè moun yo chita. Te genyen anpil zèb kote sa a. Donk, yo chita. Kantite gason yo te rive senkmil.

[11] Jezi pran pen yo. Li rann gras. Li bay disip yo. Epi, disip yo bay moun ki te chita yo kantite yo te vle. Pou pwason yo, se te menm bagay tou.

[12] Men, lè moun yo te kontante, Jezi di disip li yo: Rasanble moso ki rete yo, dekwa pou anyen pa pèdi.

[13] Donk, yo rasanble yo. Yo plen douz ti pànye ak moso senk pen lòj yo. Se sa moun ki te manje yo te kite.

[14] Donk, lè moun yo wè mirak siy Jezi te fè a, yo di: Sa a vre, se Pwofèt la ki vini nan lemonn.

[15] Jezi te konnen, yo t apral vin pran l pou yo fè l wa, donk, li rale kò l, l al sou mòn nan, li menm sèl.

[16] Men, lè aswè rive, disip li yo desann bò lanmè a.

[17] Yo anbake nan kannòt la pou y ale Kapènawòm, lòt bò lanmè a. Li te deja fè nwa, epi Jezi pa t ko vin jwenn yo.

[18] Lanmè a t ap monte, paske yon gwo van t ap soufle.

[19] Yo te rame ant vennsenk ak trant estad konsa. Epi, yo wè Jezi ki t ap mache sou lanmè a, li t ap pwoche bò kannòt la. Yo te pè!

[20] Men, Jezi di yo: Se mwen menm! Nou pa bezwen pè!

[21] Kounye a, yo vin vle pran li nan kannòt la. Epi, menm lè a, kannòt la rive atè, kote yo t aprale a.

[22] Nan demen, foul ki te rete lòt bò lanmè a wè pa t gen lòt kannòt ki te la, eskepte yon sèl. Se ladan l disip yo te anbake a. Epi, Jezi pa t ale ansanm ak disip li yo nan ti kannòt la, se disip yo sèl ki te ale.

[23] Men, gen lòt ti bato ki te vini, soti Tiberyad. Se te tou pre kote moun yo te manje, apre Senyè a te rann gras pou pen an.

[24] Donk, lè foul la wè ni Jezi ni disip li yo pa t la, yo menm, yo anbake nan kannòt yo, epi y ale Kapènawòm. Yo t ap chèche Jezi.

[25] Lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di li: Rabi, depi kilè w te rive isit la?

[26] Jezi reponn, li di yo: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Se pa paske nou wè mirak siy ki fè n ap chèche mwen. Okontrè, se paske nou te manje nan pen yo epi nou te kontante.

[27] Pa travay pou manje k ap gate a. Okontrè, travay pou manje k ap konsève pou lavi etènèl la. Se li menm, Pitit Lòm nan va ban nou. Paske, se sou Pitit la, Bondye Papa a poze so li.

[28] Epi, yo di li: Kisa nou dwe fè pou nou kapab fè travay Bondye yo?

[29] Jezi reponn, li di yo: Men sa ki travay Bondye a: Se kwè nan sila li voye a.

[30] Donk, yo di li: Ebyen, ki mirak siy, ou menm, ou fè, pou nou wè epi pou nou kwè nan ou? Ki travay ou fè?

[31] Zansèt nou yo, yo te manje lamàn nan dezè a. Se konsa sa ekri: Bondye ba yo manje pen ki soti nan syèl la.

[32] Alò, Jezi di yo: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Se pa t Moyiz ki te ban nou pen ki soti nan syèl la. Okontrè, se Papa mwen ki ban nou vre pen ki soti nan syèl la.

[33] Paske, pen Bondye a, se moun ki desann soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi a.

[34] Alò, yo di li: Senyè, toujou ban nou pen sa a.

[35] Men, Jezi di yo: Pen ki bay lavi a se mwen menm! Moun ki vin jwenn mwen p ap grangou ditou. Moun ki kwè nan mwen tou p ap janm swaf ditou.

[36] Okontrè, mwen te di nou: Malgre nou te wè mwen, nou pa kwè.

[37] Tout sa Papa a ban mwen yo, y ap vini jwenn mwen. E, moun ki vin jwenn mwen, mwen p ap mete yo deyò ditou.

[38] Paske, mwen pa t desann soti nan syèl la pou mwen fè volonte pa mwen, men, pou mwen fè volonte sila ki te voye m nan.

[39] Men sa volonte Papa ki voye m nan ye: Se pou mwen pa kite pèsonn pèdi nan tout sa li ban mwen yo, epi se pou mwen resisite yo nan dènye jou a.

[40] Vrèmanvre, se sa ki volonte sila ki voye m nan: Se pou moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan li ka genyen lavi etènèl. Epi, mwen menm, mwen va resisite moun sa a nan dènye jou a.

[41] Konsa, Juif yo t ap plenyen kont Jezi, paske li te di: Pen ki desann soti nan syèl la se mwen menm.

[42] Epi, yo t ap di: Èske se pa li ki Jezi, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l, pa vre? Donk, kòman, li menm, li fè di «Mwen te desann soti nan syèl» la?

[43] Men, Jezi reponn, li di yo: Sispann plenyen youn bay lòt!

[44] Pèsonn pa kapab vin jwenn mwen, si Papa ki voye m nan pa rale li. Epi, mwen menm, mwen va resisite l nan dènye jou a.

[45] Men sa ki ekri nan pwofesi yo: Bondye va anseye tout moun. Donk, tout moun ki koute Papa a epi ki aprann nan men li, yo vini jwenn mwen.

[46] Sa pa vle di yon moun janm wè Papa a. Eskepte moun ki kote Bondye a! Li menm, li wè Papa a.

[47] Franchman, franchman, m ap di nou sa: Moun ki kwè nan mwen yo, yo genyen lavi etènèl.

[48] Mwen se pen ki bay lavi a.

[49] Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Epi, yo mouri.

[50] Genyen yon pen ki desann soti nan syèl la. Moun ki manje ladan l, yo p ap mouri. Men li:

[51] Se mwen menm! Mwen se pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la! Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou letènite. Men tou, pen mwen menm, mwen va ba li a, se chè mwen. Se sa, mwen menm, mwen va bay pou lemonn ka genyen lavi.

[52] Donk, Juif yo t ap diskite youn ak lòt, yo t ap di: Kòman li kapab fè ban nou manje chè l la?

[53] Alò, Jezi di yo: Franchman, franchman, m ap di nou sa: Si nou pa manje chè Pitit Lòm nan epi nou pa bwè san li, nou pa genyen lavi nan nou menm.

[54] Yon moun ki manje chè mwen epi ki bwè san mwen, li genyen lavi etènèl. Epi, mwen menm, mwen va resisite l nan dènye jou a.

[55] Paske, chè mwen se yon manje vre. E, san mwen se yon bwason vre.

[56] Yon moun ki manje chè mwen epi ki bwè san mwen, li rete nan mwen. Epi, mwen rete nan li.

[57] Papa a ki vivan te voye mwen, epi mwen viv nan Papa a. Se menm jan an tou, moun ki manje m nan, li va viv nan mwen.

[58] Se sa ki pen ki soti nan syèl la. Li pa tankou lamàn, zansèt nou yo te manje a epi, apre sa, yo mouri a. Men, yon moun ki manje pen sa a, l ap viv pou letènite.

[59] Jezi te di bagay sa yo pandan li t ap anseye nan sinagòg Kapènawòm nan.

[60] Konsa, lè disip yo te tande li, anpil nan yo di: Pawòl sa a di! Kilès ki kapab koute l?

[61] Men, Jezi te konnen nan li menm, disip li yo t ap plenyen sou sa. Li di yo: Pawòl sa a ap lakòz nou chite, pa vre?

[62] E si nou ta wè Pitit Lòm nan monte kote li te ye anvan an menm?

[63] Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa vo anyen. Pawòl, mwen menm, m ap di nou yo, yo se lespri, yo se lavi.

[64] Men, genyen kèk moun pami nou ki pa kwè! Vrèmanvre, depi o kòmansman, Jezi te konnen moun ki pa kwè yo ak moun ki t apral trayi l la.

[65] Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: «Pèsonn pa kapab vini jwenn mwen si Papa mwen pa ba li pouvwa.»

[66] Depi lè sa a, anpil nan disip li yo fè bak. Yo pa t mache avèk li ankò.

[67] Donk, Jezi di Douz yo: Nou menm, èske nou pa vle ale tou?

[68] Alò, Simon Pyè reponn li, li di: Senyè, ki moun pou n al jwenn? Ou genyen pawòl lavi etènèl.

[69] E, nou menm, nou kwè e nou konnen ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!

[70] Jezi reponn yo, li di: Nou menm Douz yo, èske se pa mwen menm ki te chwazi nou? E, youn nan nou se yon djab!

[71] Jezi te di sa sou Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Vrèmanvre, li menm, youn nan Douz yo, li t apral trayi Jezi.

Levanjil Jan an — Chapters