Skip to content
Opens in a new window

[1] Apre bagay sa yo, Jezi t ap vwayaje nan Galile. Li pa t vle vwayaje nan Jide, paske Juif yo t ap chèche tiye li.

[2] Men, fèt Juif yo, fèt Tabènak, te pre rive.

[3] Konsa, frè li yo di li: Kite isit, ale nan Jide pou disip ou yo ka wè travay w ap fè yo.

[4] Paske, yon moun k ap chèche popilè, li pa fè anyen an sekrè. Si w ap fè bagay sa yo, parèt tèt ou devan lemonn.

[5] Vrèmanvre, menm frè li yo pa t kwè nan li.

[6] Donk, Jezi di yo: Lè pa mwen poko rive. Men, lè pa nou toujou la.

[7] Lemonn pa kapab rayi nou. Men, li rayi mwen, paske mwen menm, mwen temwaye kont li, travay l ap fè yo pa bon!

[8] Nou menm, nou mèt monte nan fèt la, paske lè mwen poko rive.

[9] Lè li fin di yo bagay sa yo, li rete Galile.

[10] Men, apre frè li yo monte nan fèt la, li menm tou, li monte. Se pa t an piblik, men, se te an sekrè.

[11] Konsa, Juif yo t ap chèche l nan fèt la. Yo t ap di: Kote li?

[12] Te genyen anpil pale sou li nan foul la. Kèk moun t ap di: Li se yon bon moun! Kèk lòt t ap di: Non! Okontrè, l ap twonpe foul la.

[13] Men, pèsonn pa t pale de li an piblik, paske yo te pè Juif yo.

[14] Nan mitan fèt la, Jezi monte nan lakou tanp lan, li t ap anseye.

[15] Juif yo te sezi. Yo di: Kòman nonm sa a fè gen konesans sa yo, alòske li pa t fè etid?

[16] Alò, Jezi reponn yo, li di: Ansèyman m nan pa soti nan mwen menm. Men, se nan sila ki voye m nan li soti.

[17] Si yon moun vle fè volonte Bondye, li va konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye, oubyen si se daprè pwòp tèt mwen m ap pale.

[18] Yon moun k ap pale daprè tèt li, se pwòp glwa li l ap chèche. Men, moun k ap chèche glwa moun ki voye l la, li onèt. Pa genyen anyen nan li ki pa jis.

[19] Moyiz te ban nou lalwa, pa vre? E, pa gen youn nan nou ki obeyi li! Poukisa n ap chèche tiye mwen?

[20] Foul la reponn, li di: Ou genyen demon sou ou! Kilès k ap chèche tiye w la?

[21] Jezi reponn tou, li di yo: Yon sèl travay mwen fè, epi, nou tout sezi.

[22] Se poutèt sa, Moyiz te ban nou sikonsizyon, e menm nan jou saba, nou sikonsi gason. (Alò, se pa t Moyiz, men se te zansèt nou yo ki te bay sikonsizyon an.)

[23] Pou yo ka pa vyole lwa Moyiz la, gason resevwa sikonsizyon jou saba. Donk, poukisa nou an kòlè kont mwen, poutèt mwen geri yon nonm toutantye, jou saba a.

[24] Pa jije sou aparans. Men, jije daprè jijman ki jis.

[25] Konsa, kèk nan moun Jerizalèm yo di: Se pa li menm y ap chèche tiye a?

[26] Epi, gade! L ap pale an piblik, epi yo pa di l anyen. Ou kwè se vre chèf yo ta rekonèt se li menm ki Kris la vre?

[27] Okontrè! Nou konnen kote nonm sa a soti. Men, lè Kris la vini, pèsonn p ap konnen kote l soti.

[28] Konsa, pandan Jezi t ap anseye nan lakou tanp lan, li rele, li di: Nou konnen mwen. Nou konnen kote mwen soti tou. Se pa daprè mwen menm, mwen vini. Okontrè, sila ki voye m nan, li reyèl. Nou menm, nou pa konnen li.

[29] Mwen menm, mwen konnen li, paske se kote li mwen soti, e se li menm ki voye mwen.

[30] Lè sa a, yo t ap chèche arete li. Men, pèsonn pa t mete men sou li, paske lè li pa t ko rive.

[31] Men tou, anpil moun nan foul la te kwè nan li. Yo t ap di: Lè Kris la vini, li p ap fè plis mirak siy pase sa nonm sa a fè yo, pa vre?

[32] Farizyen yo tande foul la ap pale bagay sa yo sou Jezi. Epi, Farizyen yo ak sakrifikatè prensipal yo voye polis arete li.

[33] Donk, Jezi di: Mwen avèk nou pou yon ti moman ankò. Epi, mwen prale jwenn sila ki te voye m nan.

[34] Nou va chèche mwen, nou p ap jwenn mwen. Epi, nou p ap kapab vini kote mwen ye a.

[35] Konsa, Juif yo pale youn ak lòt, yo di: Kibò li prale, pou nou pa jwenn li an? Li pa prale nan dyaspora pami Grèk yo epi pou l anseye Grèk yo, pa vre?

[36] Li di: «Nou va chèche mwen, nou p ap jwenn mwen. Epi, nou p ap kapab vini kote mwen ye a.» Kisa pawòl sa a ye la a?

[37] Nan dènye jou a, gran jou fèt la, Jezi kanpe. Li rele, li di: Si yon moun swaf, se pou li vini jwenn mwen. Epi, se pou li bwè!

[38] Yon moun ki kwè nan mwen, menm jan Lekriti di l la, rivyè dlo vivan va koule soti nan zantray li.

[39] Jezi te di sa konsènan Lespri a. Se li menm moun ki kwè nan Jezi yo t apral resevwa. Vrèmanvre, Lespri Sen an pa t ko la, paske Bondye pa t ko glorifye Jezi.

[40] Donk, anpil moun nan foul la, lè yo te tande pawòl la, yo t ap di: Nonm sa a, se Pwofèt la vre!

[41] Lòt moun t ap di: Se li menm ki Kris la! Lòt moun ankò t ap di: Kris la, se pa moun Galile li ye, pa vre?

[42] Èske Lekriti pa di: Kris la va nan fanmi David, li va soti Bètleyèm, nan vil kote David te ye a?

[43] Donk, te genyen divizyon nan foul la poutèt Jezi.

[44] Kèk nan yo te vle arete li. Men, pèsonn pa t mete men sou li.

[45] Donk, polis yo ale kote Farizyen yo ak sakrifikatè prensipal yo. Yo menm, yo di polis yo: Poukisa nou pa t mennen li?

[46] Polis yo reponn, yo di: Pa genyen yon nonm ki janm pale tankou nonm sa a!

[47] Donk, Farizyen yo reponn, yo di: Èske nou menm tou, li rive twonpe nou?

[48] Pa gen youn nan chèf yo oubyen nan Farizyen yo ki kwè nan li, pa vre?

[49] Men, foul moun sa yo, ki pa konnen lalwa, modi!

[50] Nikodèm, sa ki te ale kote Jezi lannuit la, li te youn nan gwoup la.

[51] Li di yo: Lwa nou an pa pote jijman sou yon nonm, ni anvan li tande nonm nan, ni anvan li konnen sa li fè, pa vre?

[52] Yo reponn, yo di li: Èske se pa moun Galile ou ye tou? Egzamine pou w wè. Pwofèt pa soti Galile!

[53] Epi, chak moun ale lakay yo.

Levanjil Jan an — Chapters