Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:18

[1] Men pawòl wa Lemwèl. Diskou manman l te fè pou enstui l.

[2] Kisa pou m di w, pitit mwen, kisa pou m di w, pitit zantray mwen? Kisa pou m di w, pitit mwen te fè ve pou li a?

[3] Pa bay fi fòs ou, Pa pran chemen moun k ap fè wa yo pèdi.

[4] Se pa pou wa yo, Lemwèl, Se pa pou wa bwè diven fèt, Se pa pou prens yo bwason ki fè moun sou fèt.

[5] San pa sa, y ap bwè epi y ap bliye prensip; Yo p ap respekte dwa okenn malere.

[6] Bay moun k ap peri bwason ki fè moun sou, Bay moun lavi yo anmè diven.

[7] Se pou l bwè pou l bliye jan l pòv, Pou l pa sonje mizè l ankò.

[8] Louvri bouch ou pou moun ki bèbè, Pou w defann kòz moun ki abandone.

[9] Louvri bouch ou, jije ak jistis; Defann malere ak pòv yo.

[10] Ki moun ki ka jwenn yon fi ki gen anpil kalite? Li gen anpil anpil valè pase pyè ki koute chè.

[11] Kè mari l fè l konfyans, Li pa manke okenn bon bagay.

[12] Li pa fè l anyen mal, li fè sa ki byen pou mari l Chak jou nan lavi li.

[13] Li achte lenn ak len, Li travay avèk jwa ak men li.

[14] Li tankou yon bato ki pote machandiz, Li soti ak pen an lwen.

[15] Li leve pandan nuit la poko fini, Li bay kay li manje, Li di sèvant li yo sa pou yo fè.

[16] Li reflechi sou yon jaden, li achte l; Avèk fwi travay li, li plante yon jaden rezen.

[17] Li mare senti l ak fòs, Li gonfle ponyèt li.

[18] Li wè sa l benefisye bon, Lanp li pa etenn pandan lannuit.

[19] Li mete men nan ploton fil la, Pla men l kenbe bobin nan.

[20] Li lonje men bay malere, Li lonje men bay pòv.

[21] Li pa pè lanèj pou kay li, Paske tout kay li abiye ak twal wouj.

[22] Li fè gwo dra. Li gen rad ki fèt ak len fen, ki wouj vyolèt.

[23] Yo onore mari l nan pòtay vil yo, Lè li chita ak ansyen yo nan peyi a.

[24] Li fè chemiz, li vann yo; Li fè livrezon senti bay machann yo.

[25] Li abiye ak fòs ak diyite, Li ri demen.

[26] Li louvri bouch li ak sajès, Li gen bon enstriksyon sou lang li.

[27] Li siveye sa k ap pase lakay li, Li pa manje pen laparès.

[28] Pitit li yo leve, epi yo di l beni, Mari l leve, epi li fè lwanj li:

[29] Anpil fi aji byen. Men ou menm, ou depase yo tout.

[30] Bèlte yon fi ka twonpe moun, bèl figi se vanite; Fi ki gen krentif pou Bondye, se pou li y ap fè lwanj.

[31] Rekonpanse l ak fwi travay li, Se pou yo fè lwanj depi nan pòtay yo akòz travay li.

Liv Pwovèb yo — Chapters