[1] Pitit mwen, pa bliye ansèyman mwen, Kite kè w kenbe kòmandman mwen.
[2] Paske, y ap ogmante longè jou ou yo, Ane lavi ou ak lapè ou.
[3] Pa kite fidelite ak verite abandone ou; Mare yo nan kou ou, ekri yo sou tab kè ou.
[4] Konsa w ap jwenn favè ak bon sans Devan Bondye ak devan lèzòm.
[5] Mete konfyans ou nan Letènèl ak tout kè w, Pa apiye ou sou pwòp entèlijans ou.
[6] Rekonèt li nan tout chemen ou, Epi l ap plani wout ou.
[7] Pa mete nan tèt ou ou saj, Gen krentif pou Letènèl, vire kite sa ki mal.
[8] Sa va yon gerizon pou po ou, Yon rafrechisman pou zo w.
[9] Onore Letènèl ak byen ou, Ak premye fwi tout rekòt ou yo.
[10] Konsa kolonbye ou ap ranpli ann abondans, Barik ou yo ap debòde ak diven nèf.
[11] Pitit mwen, lè Letènèl ap korije w, pa meprize sa. Pa rayi lè l fè w obsèvasyon.
[12] Paske, Letènèl korije moun li renmen, Tankou yon papa korije pitit li renmen.
[13] Benediksyon pou moun ki jwenn lasajès, Pou moun ki vin gen entèlijans.
[14] Paske, benefis li bay pi bon pase benefis lajan, Li rapòte plis pase lò.
[15] Li vo plis pase bijou, Pa gen anyen sa ou ta ka dezire ki ka konpare l.
[16] Gen yon vi ki long nan men dwat li, Gen richès ak onè nan men goch li.
[17] Chemen li se chemen bonè, Tout wout li se lapè.
[18] Li se yon pyebwa lavi pou moun ki kenbe l fèm, Moun ki kenbe l beni.
[19] Se avèk lasajès Letènèl te fonde latè, Se avèk entèlijans li tabli syèl la.
[20] Se ak konesans li labim yo te louvri, Epi nyaj yo degoute lawouze.
[21] Pitit mwen, pa kite je w ale lwen bagay sa yo, Kenbe lasajès ak bon jijman.
[22] Yo va lavi pou nanm ou, Yo va dekorasyon nan kou w.
[23] Konsa w a mache an sekirite nan chemen w, Pye ou p ap frape.
[24] Lè ou kouche, ou p ap pè, W ap kouche, w ap dòmi dous.
[25] Pa pè latèrè ki ka vini sanzatann, Ni atak mechan lè sa rive.
[26] Paske, Letènèl ap asirans ou, L ap prezève pye w kont tout pyèj.
[27] Pa refize yon byenfè a moun ki merite sa, Lè ou gen kapasite pou fè sa.
[28] Pa di pwochen ou: Ale, w a tounen. Demen m a ba ou! lè ou gen kichòy pou ba li.
[29] Pa fè move plan kont pwochen ou, Lè li abite trankil bò kote ou.
[30] Pa fè kont ak yon moun san rezon, Lè li pa fè w anyen ki mal.
[31] Pa anvye sò moun ki vyolan, Pa chwazi okenn nan chemen l yo.
[32] Paske, moun kòwonpi se abominasyon devan Letènèl, Men, konsèy espesyal li se pou moun ki dwat.
[33] Malediksyon Letènèl rete kay mechan an, Men, li beni kote jis yo rete.
[34] Li pase mokè yo nan rizib, Li fè moun ki malere yo gras.
[35] Moun ki saj yo ap eritye lagwa; Men, l ap ogmante lawont moun egare yo.