Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 4:41

[1] Pitit mwen, si ou te bay garanti pou pwochen ou, Si ou te pran angajman pou yon etranje,

[2] Si ou te angaje tèt ou ak pawòl bouch ou, Si ou pri pa pawòl bouch ou,

[3] Alò, men sa pou w fè, pitit mwen, pou libere tèt ou, Pliske ou vin anba pouvwa pwochen w lan. Ale, imilye w, e soupriye pwochen ou lan anpil,

[4] Pa kite je w dòmi, Ni pa kite popyè je w kabicha;

[5] Libere tèt ou tankou gazèl nan men chase, Tankou zwazo nan men moun ki tann pèlen.

[6] Ou menm parese, al kote foumi; Gade fason yo, epi vin saj.

[7] Foumi pa gen kapitèn, Li pa gen siveyan, ni gouvènè.

[8] Pandan lete, li prepare manje l. Pandan rekòt la, li ranmase dekwa pou l manje.

[9] Parese, kilè w ap sispann rete kouche? Kilè w ap leve nan dòmi?

[10] Yon ti dòmi, yon ti lasoupi, Yon ti kwaze men pou dòmi! ...

[11] Epi povrete ap vin sou ou tankou yon vagabon, Dizèt ap vin sou ou tankou yon nonm ame.

[12] Voryen an se yon nonm mechan, L ap mache ak manti nan bouch li.

[13] Li tenyen je l, li pale ak pye l, Li fè siy ak dwèt li.

[14] Kòripsyon nan kè li, Se tout tan l ap medite sou mal, Li simen diskòd.

[15] Se konsa dezas li ap rive sanzatann, Sibitman y ap kraze l san remèd.

[16] Gen sis bagay Letènèl rayi, E menm sèt bagay ki se abominasyon pou li:

[17] Je awogan, lang k ap bay manti, Men k ap fè san inosan koule,

[18] Kè k ap planifye pwojè inikite, Pye k ap prese kouri pou fè mal.

[19] Fo temwen k ap fè manti, Epi moun k ap simen diskòd nan mitan frè.

[20] Pitit mwen, kenbe kòmandman papa ou, Pa voye ansèyman manman ou jete.

[21] Tache yo tout tan sou kè w, Mare yo toutotou kou w.

[22] Y ap dirije w, lè w ap mache; Y ap kenbe w, lè w ap dòmi; Y ap pale avè ou, lè ou reveye.

[23] Paske, kòmandman se yon lanp, Ansèyman se yon limyè. Reprimand koreksyon se chemen lavi.

[24] Y ap prezève ou kont fi adiltè, Kont lang dous fi etranj.

[25] Pa konvwate l nan kè w poutèt li bèl, Pa kite l pran w ak popyè je li.

[26] Poutèt yon fi pwostitiye ou ka vin gen yon moso pen sèlman, Men, madanm yon lòt nonm tann pyèj pou lavi ki san pri.

[27] Èske yon moun ka mete dife sou lestomak li San rad li pa pran dife?

[28] Èske yon moun ka mache sou chabon dife San pye l pa boule?

[29] Se menm jan an pou yon nonm ki kouche ak madanm pwochen li; Pèsonn ki touche l p ap rete san pinisyon.

[30] Moun pa meprize yon vòlè, Si li vòlè pou l satisfè lestomak li lè l grangou;

[31] Epoutan si yo kenbe l, l ap remèt sèt fwa lavalè, L ap bay tout sa l gen lakay li.

[32] Men, moun ki komèt adiltè ak yon fi se moun san konprann; Moun ki fè sa ap detui lavi l.

[33] Se maleng ak dezonè l ap jwenn, Epi lawont li p ap janm pase;

[34] Paske, jalouzi fè yon nonm fè kòlè, Li p ap epànye pèsonn nan jou vanjans.

[35] Li p ap aksepte okenn rekonpans, Li p ap dakò, menm si ou miltipliye kado yo.

Liv Pwovèb yo — Chapters