Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 4:04

[1] Kè wa a se yon kanal dlo nan men Letènèl; Li dirije l kote l vle.

[2] Tout chemen yon nonm parèt dwat nan je pa li, Men, moun ki peze kè nan balans se Letènèl.

[3] Pou Letènèl, pratike ladwati ak jistis Pi bon pase sakrifis.

[4] Moun ki gen je awogan ak kè anfle, Lanp mechan yo, se peche ase.

[5] Pwojè yon nonm aktif mennen nan labondans, Men, moun ki prese aji ap rive dwat nan dizèt.

[6] Richès ou genyen ak lang k ap bay manti, Se vanite k ap pase; se pou moun k ap chèche lanmò li ye.

[7] Vyolans mechan yo pote yo ale, Paske, yo refize pratike jistis.

[8] Moun ki koupab suiv chemen kwochi, Men, aksyon moun ki inosan yo dwat.

[9] Pito w rete nan kwen yon do kay, Pase pou w abite ak yon dam ki toujou ap fè kont.

[10] Nanm mechan an anvi fè mal, Menm zanmi l pa jwenn gras devan li.

[11] Lè yo pini mokè yo, moun sòt vin saj. Lè ou enstui moun ki saj, li resevwa konesans.

[12] Jis la egzamine kay mechan an; Letènèl jete mechan an nan malè.

[13] Moun ki bouche zòrèy pou l pa tande rèl pòv yo, Gen pou l kriye, men pèsonn p ap tande l.

[14] Yon kado ou bay an sekrè kalme kòlè, Yon kado kache anba manto kalme gwo kòlè.

[15] Pratike jistis se yon jwa pou jis la, Men, se latèrè pou moun k ap fè mal.

[16] Moun ki pase lwen chemen bon konprann. Repoze nan asanble mò yo.

[17] Moun ki renmen plezi rete pòv, Moun ki renmen diven ak luil p ap rich.

[18] Mechan sèvi pou peye nan plas moun ki jis, E moun trèt pase nan plas moun ki dwat.

[19] Pito w abite nan yon peyi dezè, Pase pou w abite ak yon dam k ap fè kont e ki toujou ap fache.

[20] Gen trezò ak luil lakay moun ki saj, Men, moun egare anglouti yo.

[21] Moun k ap suiv jistis ak fidelite Jwenn lavi, jistis ak glwa.

[22] Moun saj la monte nan vil vanyan gason yo, Li kraze fòs yo te met konfyans yo ladan an.

[23] Moun ki veye bouch li ak lang li Prezève nanm li anba malè.

[24] Moun ki gen lògèy, ki awogan, rele mokè, Li aji ak kòlè awogans.

[25] Anvi parese a fè l mouri, Paske, men l refize travay.

[26] Li anvi gen pi plis chak jou, Men, jis la bay san gade dèyè.

[27] Sakrifis mechan yo se bagay detestab, Ou pa bezwen mande lè yo ofri l ak mechanste!

[28] Temwen k ap bay manti ap disparèt. Men, moun ki tande ap toujou pale.

[29] Mechan an fè figi l di, Men, moun ki dwat pare chemen l.

[30] Pa gen sajès, ni entèlijans, Ni bon konprann ki ka reziste kont Letènèl.

[31] Cheval la pare pou jou batay la, Men, batay la se pou Letènèl.

Liv Pwovèb yo — Chapters